Skip to main content

Etazini

Evènman 2022

Manifestan ki rasanble an favè dwa pou fè avòtman devan Sant Konvansyon vil Austin, nan Texas, jou ki te 14 Me 2022 a.

 

© 2022 Jay Janner/Austin American-Statesman via AP

Etazini fè kèk pwogrè nan mete an aplikasyon kèk politik ki plis respekte dwa moun. Li te adopte yon lwa sou rediksyon enflasyon, ki rele “Inflation Reduction Act”, ki fè avanse dwa pou jwenn sante epi pran mezi pou rezoud kriz klimatik la. Men, dirijan yo dwe pran mezi ki pi kouraje toujou pou demantle rasis sistemik la ki gentan fonn nan plizyè enstitisyon ak estrikti; fè fas ak defi chanjman klimatik la reprezante, menas pou demokrasi a sou plan nasyonal epi aletranje, epi kriz sanitè tankou pandemi Covid-19, epi rasire yo dwa moun yo respekte. Estrikti pouvwa ki dezekilibre epi ki anrasine—ki fonde anpil sou rasis, sipremasi ras blan an ak inegalite ekonomik—reprezante obstak pou genyen bon jan chanjman.

Administrasyon Prezidan Joe Biden nan te pwomèt pou fè refòm konsènan politik bout di k ap aplike epi k ap vyole dwa moun sou fwontyè yo, men gen nan aplikasyon refòm sa yo. Anplis estati migran, ras ak orijin etnik se prensipal faktè ki detèmine kiyès k ap tonbe anba politik imigrasyon bout di sa a tankou pou mete moun nan deyò, nan prizon, oswa  depòtasyon ak politik anti azil ki estrèm. Malgre yon ansanm refòm nan sistèm jistis la sou plan penal, genyen anpil otorite ki kontinye ap fè deklarasyon alamis, ki souvan pa fonde, sou ogmantasyon kriminalite a pou yo kapab kontinye pouswiv politik ki repoze prensipalman sou aplikasyon la lwa ak sanksyon olye yo reponn ak bezwen ki lye ak sa, tankou amelyorasyon aksè pou jwenn lojman, sante ak sèvis volontè nan sante mantal ak posiblite pou jwenn edikasyon.

Moun ki viktim abi yo mal pou jwenn reparasyon chak jou pi plis nan sistèm jistis ameriken an, menm devan Lakou Siprèm Etazini, ki ap adopte arete ki ap afebli pwoteksyon dwa yo, tankou arete ki te adopte an 2022 ki te anlie pwoteksyon konstitisyonèl pou aksè ak avòtman an.

Jistis Rasyal

Asistans finansyè dirèk epi mezi soulajman kòm repons fas ak pandemi Covid-19 la te ede fasilite kondisyon ekonomik yo pou yon ti bout tan, men inegalite rasyal yo ap pèsiste nan jwenn aksè ak bon jan kalite swen sante, dlo, edikasyon, travay, ak lojman.

Malgre soutyen san presedan Kongrè a ak gwo evolisyon ki genyen nan inisyativ reparasyon yo  nan nivo Eta ak kolektivite lokal yo, gouvènman federal la pa reyisi kreye yon komisyon pou etidye etitaj esklavaj la epi elabore pwopozisyon reparasyon.

Parapò ak Kongrè a ki pa fè anyen, defansè jistis sosyal yo te mande administrasyon Biden nan pou li kreye yon komisyson atravè yon dekrè prezidansyèl pou pita nan dat 10 Jen 2022 a. Nan mwa Dawout 2022, Komite Nasyonzini sou Eliminasyon Diskriminasyon Rasyal (CERD) te konkli pou di Etazini pa te reyisi mete an aplikasyon nòm entènasyonal anti-rasis yo. Pami lòt rekòmandasyon, Komite Nasyonzini an te mande Etazini, pou premye fwa, pou li mete kanpe yon komisyon pou etidye epi elabore pwopozisyon pou fè reparasyon.

Nan mwa Me pase a, yon jij nan vil Tulsa nan Oklahoma te rejte  an pati yon mosyon refi vil Tulsa ak lòt defansè te fè nan kad yon aksyon devan lajistis nan non viktim ak desandan viktim masak rasyal Tulsa ki te fèt an 1921 pou domaj ak prejidis yo kontinye ap sibi depi masak sa a. Refi sa se premye fwa yon dosye pou reparasyon konsènan masak sa a franchi etap mosyon refi a epi sa ap pèmèt twa (3) dènye viktim moun konnen nan masak sa, yo tout ki gen plis pase 100 ane, gen merit pou fè moun tande koz yo a devan yon tribinal.

Aprè moun yo te fin revòlte avèk vyolans nan Kapitòl la nan dat 6 Janvye 2021, rezo sipremasis blan ak estrèm dwat yo etann epi pwopaje prezans yo sou entènèt. Kominote ki majinalize yo  pè pou sekirite yo nan yon kontèks ogmantasyon kontini krim k ap komèt akoz moun ki rayi lòt moun nan premye mwatye ane 2022 an, nou ka site fiziyad ki motive akoz ideyoloji sipremasis blan an.

Povrete ak Inegalite

Inegalite nan kesyon revni yo ogmante an 2021,  presipalman akoz revni yo ki bese avan enpo ak transfè salè ki fèb yo ak revni klas ouvriye a. Men depans sosyal ki gen rapò ak pandemi an  te kontribye nan fè to povrete a bese ane sa sou plan nasyonal. Pèman pou relansman an, elajisman Kredi Enpo pou timoun, ak yon asirans chomaj ki gen plis jenewozite te fè plizyè milyon granmoun soti nan povrete epi redui preske a mwatye povrete timoun yo, ki tonbe nan yon nivo ki istorikman ba. 

Men bès istorik povrete a ap chanje. Anpil nan pwogram ki te pote soulajman yo te la pou yon ti bout tan epi depi lè sa yo kanpe, epi gouvènman ameriken an pa reyisi adopte plis refòm estriktirèl pèmanan; egzanp, gouvènman an pa reyisi renouvle Kredi Enpo pou Timoun yo, ki te espire nan mwa Desanm 2021, sa ki pouse 3.7 milyon timoun tonbe nan povrete.

Nan kòmansman ane 2022 a, konsantrasyon richès nan peyi Etazini te rive nan nivo ki pi wo li depi plis pase 40 ane, kote 1 pousan nan fanmi yo te posede preske yon tyè (1/3) tout richès sektè prive a.

Fanmi Nwa, Latino ak Amerendyen kontinye konnen yon to povrete ki plis pase de (2) fwa sa fanmi ki pa Latino yo, si nou fokis sou inegalite pèsistan ki fonde sou ras ak orijin etnik nan kesyon revni, richès, dèt, ak travay.  

Ogmantasyon pri redui aksè pou jwenn pwodui ak sèvis esansyèl yo nan kad respè dwa tankou   manje, lojman, ak swen sante.   

Sistèm Jirikdik Penal la

Malgre rediksyon pwogresif nan pousantaj moun ki ale nan prizon depi 2009,  Etazini kontinye genyen pousantaj moun ki nan prizon ki pi wo nan lemonn , kote genyen preske 2 milyon moun ki twouve yo nan prizon eta ak prizon federal yo pou moman an, epi genyen plizyè milyon lòt ki an libète kondisyonèl epi ki nan pwobasyon.  

Moun ki Nwa oswa ki gen po klè rete kategori ki plis reprezante nan prizon ak sant detansyon yo, kote plizyè ladan yo pa ofri ase pwoteksyon kont Covid-19. Men sèt (7) mwa aprè lansman vaksen yo, done yo montre se sèlman plis pase mwatye prizonye yo ki rive vaksine. Plis pase 600 000 moun ki twouve yo nan prizon Etazini te pran viris al epi genyen plis pase 2,900 ki te mouri akoz maladi a. Anpil jiridiksyon te redui kantite moun ki nan prizon pou reponn ak pandemi an, men kantite moun ki nan prizon yo te kòmanse  retounen nan menm nivo yo te ye an 2021  menm si kantite ka varyan Delta yo t ap ogmante.

Malgre apèl jeneralize ki fèt pou genyen refòm sistemik pandan ete 2020 an, espesyalman pou redui depandans parapò ak politik yo epi adrese pwoblèm sosyetal yo avèk envestisman nan sèvis èd piblik yo, men pa genyen anpil jiridiksyon ki adopte bon jan mezi pou sa. Genyen kèk lokalite ki fè kèk jefò pou deplwaye pwofesyèl pou bay sèvis sante mantal olye yo voye lapolis nan sikonstans ki apwopriye yo; genyen kèk lokalite ki finanse sa yo rele entèriptè vyolans ki pa soti bò kote fòs lòd yo. Men an jeneral, bidjè lapolis la pa diminye. Kongrè a pa te menm rive adopte fèb refòm ki te pwopoze nan lwa federal ki pote non “Justice in Policing Act”.

An 2022, mwens pase mwatye komisarya polis nan peyi Etazini te founi done sou entèvansyon yo te fè kòm fòs lòd, sa ki mande pou genyen kòlèk done non-gouvènmantal ki dwe fèt epi analize yo aprè. An 2022 sèlman, lapolis te  touye plis pase 400 moun. Si nou konsidere kantite moun pou chak kategori, lapolis touye moun ki Nwa nan yon pousantaj ki reprezante twa fwa pousantaj moun ki blan li touye.

Timoun nan Sistèm Jistis Penal la, Lajenès ak Lafanmi

Malgre yon rediksyon 73 pousan nan timoun ki arete depi mwatye ane 1990 yo, genyen anpil timoun ki kontinye ale nan prizon chak ane, kote genyen plis pase 240,000 ki nan prizon ki te dokimante an 2019, daprè done ki nan yon rapò ‘Sentencing Project’ te pibliye nan mwa Mas. Te genyen yon ogmantasyon 9 pousan soti 2010 rive 2019 nan pwobabilite detansyon yo, ki menm   ogmante plis nan ka moun ki Nwa, Latino ak pitit moun ki twouve yo nan zile Azi/Pasifik yo, pandan pousantaj la rete estab pou timoun Blan ak Endijèn yo.

Lantè nan pwogrè yo ap kontinye nan lide pou mete fen nan kondanasyon pou lavi san liberasyon kondisyonèl pou timoun. Daprè pwogram ki rele “Campaign for the Fair Sentencing of Youth”, (Kanpay pou yon Sanksyon ki Jis pou Jenès la), gen 32 eta pa genyen okenn timoun ki nan prizon ki anba sanksyon sa oswa yo deja entèdi li pou timoun.

Sistèm pwoteksyon timoun nan peyi Etazini reponn twò souvan ak sanksyon fas ak sikonstans povrete, kote li akize fanmi yo ki ta fè neglijans epi retire timoun yo nan men paran yo, olye yo founi yo sipò pou ede fanmi yo rete ansanm, daprè yon rapò tèt kole ki pibliye an Novanm ant Human Rights Watch ak “American Civil Liberties Union”. Chak twa (3) minit genyen yon timoun yo retire lakay li epi yo plase li nan fanmi akèy. Moun Nwa ak Endijèn epi moun k ap viv nan povrete afekte yon fason ki pa pwopòsyonèl parapò  ak lòt kategori yo.

Politik sou Dwòg

Lanmò ki fèt akoz konsomasyon eksesif dwòg kontinye ap ogmante daprè dènye done ki disponib yo, kote genyen plis pase 107,000 ka lanmò ki rapòte nan peyi Etazini soti Desanm 2020 pou rive Desanm 2021, preske 15 pousan ogmantasyon parapò ak ane avan an. Lanmò ki fèt akoz konsomasyon eksesif dwòg te ogmante anpil pami popilasyon Nwa ak Endijèn yo, respektivman 44 pousan ak 39 pousan.

Administrasyon Biden nan te mete envestisman nan Estrateji Nasyonal Lit kont Dwòg pou ane 2022 a nan apwòch pou redui ris yo ki ofri moun k ap konsome dwòg yo swen ki santre sou sante epi aksè pou jwenn yon tretman volontè, se premye fwa yon administrasyon ameriken fè sa a. Men, envestisman sa yo te fèb parapò ak lòt envestisman epi administrasyon ak Eta yo kontinye apiye lajman sou penalizasyon pou rezoud pwoblèm ki gen koneksyon ak konsomasyon pwoblematik dwòg, menm si estrateji rediksyon ris yo pwouve yo efikas.

An Oktòb pase a, Biden te anonse li pral grasye plizyè milye moun ki kondane pou senp posesyon marijuana nan sistèm federal la epi bay lòd pou genyen analiz ki fèt sou fason yo trete marijuana nan lwa federal yo. Moun ki pa sitwayen ameriken p ap benefisye gras sa a, menm si kondanasyon pou konsomasyon marijuana souvan deklanche depòtasyon, sa ki lakoz gwo domaj sou anpil moun ki genyen koneksyon solid avèk Etazini.      

Dwa Moun ki pa Sitwayen ameriken

Administrasyon Biden nan te kontinye nan gwo ponyèt mete deyò plizyè milye moun ki te antre Etazini atravè fwontyè sid peyi a, san respekte dwa yo genyen pou mande azil, sou baz politik Tit 42 a ki vyole dwa moun yo. Depi lè yo te kòmanse aplike politik sa an Mas 2020, pami tout moun ki te depòte yo genyen plizyè milye timoun, pami yo genyen pou pi piti 7,500 ki genyen 4 ane. Moun ki soti Ayiti, an Afrik, Guatemala, Salvador ak lòt moun ki soti nan anpil lòt peyi ak rejyon te depòte tou. Administrasyon an te planifye pou li mete fen nan aplikasyon politik sa nan mwa Me pase a, men genyen yon jij federal ki te bloke li pou sa pa fèt.   

An Oktòb, administrasyon an te deside aplike Tit 42 a kont sitwayen Venezuela yo. Administrasyon an te kontinye fòse moun ki pa sitwayen Meksiken al atann odyans tribunal pou azil yo nan vil peyi Meksik ki danjere sou baz pwogram Pwotokòl Pwoteksyon Migran yo, moun konnen sou non “Rete nan peyi Meksik”, ki natirèlman pwoblematik pou moun k ap mande azil ki patikilyèman menase epi ki gen dwa pou benefisye esepsyon, pami yo moun ki se LGBT, moun k ap viv ak andikap, VIH oswa pwoblèm sante kwonik. Aprè yon desizyon Lakou Siprèm nan te pran nan dat 30 Jen, administrasyon Biden nan te finalman mete bout nan pwogram Rete nan peyi Meksik la, men li te itilize pwosedi ki te vyole dwa kèk moun k ap mande azil genyen pou benefisye yon pwosedi regilye pou fè demann yo a. 

Administrasyon an te fèmen kèk sant detansyon epi mete fen nan politik “zewo tolerans” Prezidan Donald Trump te mete an plas la; men, rive mwa Septanm, te genyen preske 25,000 moun ki pa sitwayen Etazini ki te twouveyo nan prizon. Administrasyon an te kontinye ogmante itilizasyon  aparèy elektwonik ak lòt metòd siveyans pou kontwole migran yo pandan li te libere plis pase 300 000 moun ki pa sitwayen ameriken ki te twouve yo nan sant detansyon yo. Human Rights Watch remake anpil nan metòd siveyans elektwonik Etazini itilize yo vyole dwa moun yo epi yo pa nesesè, konsa li mande pou entèdi braslè  elektwonik ak tout aparèy ki pèmèt yo lokalize moun an pèmanans.

Dirijan Eta tankou Texas, Arizona, ak Florida pran bis epi avyon avèk migran yo soti nan fwontyè sid peyi a pou rive nan vil ki twouve yo nan eta ki lwen san konsidere ki kote fanmi moun sa yo ta kapab abite oswa odyans yo genyen nan tribinal. Gouvènè Texas la ki se Greg Abbott te kontinye sible migran ki sispèk yo pou li arete yo epi mete yo nan prizon nan kad operasyon ki rele “Operation Lone Star”, ki se yon politik fwontalyè  ki koute $4 milya dola ki diskriminatwa epi k ap vyole dwa moun.

Depatman Sekirite Enteryè te anonse yo pwolonje deziyasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè pou Afghanistan, Cameroon, Etyopi, Bimani, Sid Soudan, Soudan, Siri, Ikrèn, ak Venezuela—k ap pwoteje moun ki Etazini ki soti nan peyi sa yo kont depòtasyon pou yon peryòd byen detèmine. Rive mwa Oktòb, otorite ameriken yo pa te pote okenn koreksyon konsènan vyolasyon yo te komèt, vyolasyon Human Rights Watch te dokimante nan mwa Fevriye kont plizyè dizenn kamerounè k ap mande azil.

Sante ak Dwa Moun

An 2022, genyen plis pase 230,000 moun ki te mouri Etazini nan Covid-19.  An Septanm, Prezidan Biden te deklare pandemi Covid-19 la “fini”malgre genyen preske 3 000  moun k ap mouri nan viris la nan menm semen nan. Deklarasyon Biden nan reflete enkonsistans ki genyen nan repons Etazini pote fas ak pandemi Covid-19 la. Pandan tout ane 2022 a, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi nan peyi Etazini te chanje paramèt yo nan prekosyon y ap di moun pran kont Covid-19 pandan l ap redui pwoteksyon yo, ki voye yon siyal enkyetan ki montre otorite sanitè ki nan premye plan yo pa priyorize pwoteksyon gwoup ki majinalize yo kont maladi a epi kont lanmò ki ka rive.

Ogmantasyon pri yo ak asirans sante ki pa adapte kreye yon kriz medikaman moun yo pa kapab afwonte nan peyi Etazini, yon sitiyasyon ki afekte dwa pou jwenn sante, fè anpil moun tonbe nan pwoblèm finansye ak dèt, epi afekte yon fason ki pa pwoposyonèl moun ki sosyalman epi ekonomikman majinalize. Malgre mankman li yo gouvènman ameriken an adopte lwa sou rediksyon enflasyon an ki rele ‘Inflation Reduction Act’ki pral fè pwogrese dwa pou jwenn sante plizyè milyon moun genyen nan redui pri medikaman pou moun ki genyen plis pase 65 ane, epi rann asirans sante prive yo pi abòdab pou moun ki genyen revni ki ba epi revni mwayen.

Dwa Vòt

Enstitisyon demokratik ak òganizatè eleksyon yo te oblije fè fas ak akizasyon fwod elektoral ki pa fonde. Genyen plizyè eta ki te adopte lwa ki vize limite kantite moun k ap vote ak kantite vòt yo ap kontabilize, sa ap ouvè wout  pou aktè ki se patizan pou yo antre nan eleksyon yo epi pèmèt si posib pou genyen pouswit penal kont administratè elektoral yo. Restriksyon dwa vòt sa yo genyen yon enpak ki pa pwopòsyonèl sou Nwa, Endijèn ak Latino yo parapò ak lòt kategori yo.

An Desanm, Lakou Siprèm Etazini te tande agiman nan kad dosye Moore v. Harper a, yon dosye ki menase elimine rekou moun kapab fè nan kad vyolasyon dwa vòt ki gen rapò ak dekoupaj sikonskripsyon elektoral yo. Yon lòt kote, genyen plizyè Eta ki ranfòse pwoteksyon elektè yo, prensipalman nan mete inisyativ ki vize ogmante vòt atravè korespondans, pwoteje pèsonèl elektoral la epi fasilite enskripsyon elektè yo.  

Kèk tan aprè jou eleksyon an, misyon obsèvasyon entènasyonal ki soti nan Òganizasyon pou sekirite ak koperasyon an Ewòp te fè konnen eleksyon 8 Novanm yo “te konpetitif epi jesyon an te fèt yon fason pwofesyonèl,” men li te remake genyen “jefò ki t ap fèt pou afebli konfyans elektè yo nan pwosesis elektoral nan remete an kesyon entegrite li san okenn fonnman ki kapab mennen nan kèk defi sistemik.”

Politik sou Chanjman Klimatik ak Enpak yo

Etazini reprezante dezyèm pi gwo emetè gaz ki gen efè pou chofe klima a nan lemonn epi se peyi ki plis kontribye pou genyen kriz klimatik la.

Nan mwa Dawout, Etazini te adopte lwa sou rediksyon enflasyon ki rele “Inflation Reduction Act”, ki se tèks lwa ki pi enpòtan peyi a adopte pou fè fas ak kriz klimatik la. Lwa sa a mete peyi a sou wout pou respekte angajman li te pran pou redui a mwatye emisyon gaz sa yo rive ane 2030, men objektif sa pa sifi pou atenn objektif Akò Paris a ki vize limite rechofman planèt la a 1.5°C  parapò ak nivo epòk pre-endistryèl yo. Anplis sa a, Lwa sou Rediksyon Enflasyon an founi bon jan sipò bay endistri k ap pwodui konbistib fosil yo, sa ki mete an danje plis toujou moun ki twouve yo nan premye liy pwodiksyon konbistib fosil yo epi moun ki deja afekte akoz ris chanjman klimatik yo.  

An Jen,  Lakou Siprèm Etazini te limite kapasite Ajans pou Pwoteksyon Anviwonnman an pou li mete restriksyon sou emisyon gaz ki gen efè pou rechofe klima nan santral elektrik yo.  

Nan peyi Etazni, vag chalè, siklòn, dife nan forè, ak lòt fenomèn meteyolojik estrèm ki gen koneksyon ak chanjman klimatik genyen yon enpak ki pa pwopòsyonèl sou moun ki gen revni ki fèb yo tankou Nwa, Otoktòn ak lòt moun ki pa blan, yon sitiyasyon ki agrave inegalite estriktirèl ki egziste yo. Otorite yo pa ase pwoteje popilasyon ki espoze yo—tankou fanm ansent, moun ki andikape ak moun ki nan laj avanse yo—fas ak konsekans ki previzib yo.

Dwa Fanmk ak Tifi

An Jen  pase a, Lakou Siprèm, nan dosye Dobbs v. Jackson konsènan ‘Women's Health Organization’, te anile yon garanti konstitisyonèl sou aksè ak avòtman ki te egziste depi 50 ane. Plis pase mwatye eta Etazini yo sou wout pou entèdi avòtman epi, nan moman rapò sa ap ekri a, genyen 18 eta ki fè avòtman tounen yon krim oswa ki mete restriksyon sou sa.

Aprè desizyon sa, Prezidan Biden te pran de (2) lòt  dekrè prezidansyèl pou pwoteje aksè ak sèvis sante nan kesyon fè timoun. Li te mete kanpe tou yon Gwoup Travay ki gen manm plizyè ajans ladan sou Swen Sante nan kesyon Repwodiksyon pou kòdone jefò gouvènman federal la ap fè pou pwoteje aksè moun genyen pou jwi dwa repwodiksyon yo.

Nan Obsèvasyon  final li yo, Komite pou eliminasyon diskriminasyon rasyal nan Nasyonzini (CERD) te montre li enkyete akoz enpak rasis sistemik la genyen, menm jan ak kèk faktè kwaze tankou sèks ak ras, sou kapasite fanm ak tifi yo genyen pou aksede san diskriminasyon ak sèvis konplè sante seksyèl ak repwodiktif yo. Mank aksè ak asirans maladi epi ak swen yo kontribye pou genyen yo to mòtalite matènèl ak lanmò akoz kansè kòl matris ki pi elve parapò ak lòt peyi, kote pousantaj fanm Nwa ki mouri yo plis pase fanm ki nan lòt kategori yo.

Move lwa nan majorite Eta ameriken yo fòse jenn moun ki genyen mwens pase 18 ane enplike yon paran nan dezisyon avòtman yo ap pran oswa pou fè yon aksyon devan lajistis si yo vle resevwa yon otorizasyon.

Dwa moun ki andikape epi ki nan Laj avanse

Rive Septanm, genyen  157,898 sou 1,045,904 ka lanmò Covid-19 ki te anrejistre nan etablisman retrèt yo, kote se sèlman plis pase mwatye rezidan yo ki te pran dènye vaksen yo.  An Mas, nan premye Diskou sou Eta Inite Nasyon an, Prezidan Biden te angaje pou li redui rekou moun genyen pou itilize trankilizan chimik —move itilizasyon medikaman pou kontwole konpòtman moun— nan etablisman retrèt yo, epi pou li rezoud mank pèsonèl ak mank fòmasyon pèsonèl sa yo epi amelyore sèvis enferyè yo, epi ranfòse kesyon redisyon kont lan. Nan mwa Dawout, Sant k ap bay sèvis tankou Medicare ak Medicaid te kontinye pèmèt etablisman retrèt yo anplwaye moun ki pa sètifye.

An Septanm pase a, malgre opozisyon  gwoup moun ki andikape, gwoup k ap batay pou jistis rasyal, ak lòt gwoup ankò, pami yo Human Rights Watch, Eta ‘California’ mete an plas yon mezi ki pèmèt manm fanmi yo, lapolis, travayè sosyal ak lòt moun kapab transfere yon moun yon fason envolontè devan yon jiridiksyon ki fèk etabli, moun yo bay yon ti non “Care Court”. Transfè envolontè a kapab lakoz genyen yon òdonans ki bò kote yon jij ki ap egzèse pouvwa sou kèk domenn fondamantal nan lavi yon moun, tankou medikaman, lojman, lòt sèvis ak èd, nan vyolasyon dwa pou moun nan bay konsantman li sou baz enfòmasyon li resevwa, dwa pou jwenn sante ak kapasite jiridik li.

Oryantasyon Seksyèl ak Idantite Jan

Lejislatè eta ameriken te entwodui plis pase 150 pwojè lwa ki sible moun ki se transjan, patikilyèman timoun ki transjan, sa ki menase dwa yo genyen pou jwenn sante. Eta tankou Indiana, Dakota Sid, ak uit (8) lòt eta te adopte lwa ki entèdi timoun ki trans patisipe nan espò ki koresponn ak idantite jan yo. Alabama ak Oklahoma te adopte lwa ki anpeche timoun ki trans itilize twalèt ki koresponn ak idantite jan yo. An 2022, genyen 20 eta ki te entwodui pwojè lwa ki pote non “Don’t Say Gay or Trans”(Pa Di Omo oswa Trans), ki limite diskisyon sou oryantasyon seksyèl ak idantite jan nan lekòl; Alabama ak Florida se de (2) eta ki adopte yo.  

Otorite Texas te tante penalize moun konsènan  swen nan kad afimasyon jan an. Pandan yon jij eta a te bloke òdonans Texas yo, gen eta tankou Arizona ak Alabama ki te adopte lwa ki entèdi swen nan kad afimasyon jan pou jenn transjan yo. Genyen Nèf (9) eta ki kontinye san kache retire swen pou afimasyon jan nan kouvèti asirans Medicaid la.

Moun ki trans ak moun k ap bay swen ki founi swen nan kad afimasyon jan an ap fè fas ak gwo nivo vyolans ak asèlman; retorik anti-LGBT ki gen tandans ogmante sou entènèt an 2022 lakoz genyen konsekans grav nan reyalite a.

Ogmantasyon nan lejislasyon ak santiman anti-LGBT patikilyèman enkyetan depi aprè anilasyon arete Roe v. Wade la, ki rann vilnerab dwa parantal LGBTyo , maryaj omoseksyèl, ak konpòtman omoseksyèl konsantan. Kòm repons, Chanm Reprezantan yo te adopte lwa ki pote non Respect for Marriage Act  (Lwa sou Respè Maryaj) ki egzije pou gouvènman federal ak eta yo rekonèt legalman maryaj omoseksyèl yo. Nan moman rapò sa ap ekri a, pwojè lwa a pa te vote nan Sena a.

Politik Etranje

Kòm repons ak envazyon Risi nan peyi Ikrèn, Etazini enpoze sanksyon san presedan sou otorite Ris yo, lòt pèsonalite ak enstitisyon epi li voye plis pase $18 milya dola ekipman militè bay Ikrèn. Manke anpil done ki montre fason zam sa yo itilize epi kiyès ki itilize yo.

An Mas, Etazini te lanse yon pwojè ki koute $320 milyon dola ki rele Inisyativ Ewopeyen pou Rezilyans Demokratik ‘European Democratic Resilience Initiative’ ki vize an pati, defann dwa moun nan peyi Ikrèn ak peyi vwazen li yo. An avril, Etazini t ap dirije jefò k ap fèt pou sispann Risi nan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an. Konfli Ikrenyen an atire ankò atansyon yo sou mekanis jistis yo, kote genyen yon enterè Kongrè a pou kopere ak Lakou penal entènasyonal epi pou kreye yon jiridiksyon nan peyi Etazini pou krim lagè ki komèt aletranje yo kèlkeswa nasyonalite agresè a oswa viktim nan.

An Janvye, Etazini te kòmanse yon manda twa (3) ane nan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini an. An Septanm, Etazini avèk alye li yo te pwopoze yon deba sou yon rapò Wo komisè nasyonzini pou dwa moun nan ki te dekri siblaj mizilman ‘turc’ ki abite vil ‘Xinjiang’ gouvènman chinwa fè kòm krim ki sanble ak krim kont limanite. An Jen, antre an aplikasyon lwa ameriken sou prevansyon travay fòse Wigou yo ‘Uyghur Forced Labor Prevention Act’ te etabli yon prezonpsyon refitab ki fè konnen pwodui ki soti nan ‘Xinjiang’ yo fabrike apati travay fòse epi yo dwe entèdi yo. Etazini te angaje tou pou li bòykote diplomatikman Jwèt Olenmpik Ivè 2022 yo kap fèt nan vil Pekin. 

An Mas, Sekretè Deta Anthony Blinken te fòmèlman deklare  vyolasyon militè yo ap komèt nan Bimani kont etni mizilman ‘Rohingyas’ yo reprezante yon jenosid. Bliken pa te pale sou vyolasyon ki komèt nan rejyon Tigre nan peyi Etyopi, malgre apèl lidè nan Kongrè te fè pou li te fè sa.                                                 

Administrasyon Biden nan te pibliye twa (3) estrateji ki vize adrese kondisyon  ki souvan mennen nan vyolasyon dwa yo: yon nouvo jefò pou prevni konfli ak estabilite; yon estrateji pou “antisipe, prevni epi reponn”  ak gwo vyolans; epi yon Estrateji pou Batay kont Koripsyon k ap sipòte sosyete sivil la nan denonse koripsyon an.

Aprè li fin kite Afghanistan an 2021, Etazini te kreye operasyon ki rele ‘Operation Allies Welcome’ pou relokalize Afghan yo pami yo sa ki te travay pou gouvènman ameriken an. An Septanm, li resantre pwogram nan sou kèk kategori Afghan ki aletranje ki pa genyen posiblite jwenn viza.  

Aprè Taliban yo fin pran pouvwa a, Etazini te revoke akreditasyon Bank Santral Afghan an te genyen, sa ki koupe lyen li te genyen ak sistèm bankè entènasyonal la, kote li di rejim nan ilejitim epi kontinye genyen vyolasyon dwa moun k ap komèt.  An fevriye, prezidan Biden te bloke 7 milya dola rezèv Afghanistan yo epi nan mwa Septanm, transfere mwatye lajan sa nan yon nouvo fon ki vize reponn ak enkyetid ki pa sispann ogmante konsènan grangou estrèm  (famin) ki kapab genyen. An Jiyè, Etazini te touye chèf Al-Qaeda  Ayman al-Zawahiri nan yon atak dwonn nan vil  Kabul.

Nan mwa Dawout, Blinken te lanse yon estrateji pou pati afrik ki twouve li nan sid Sahara a kote li priyorize patenarya ak valè demokratik yo. Pandan pasaj li nan peyi Rwanda, Blinken te soulve preyokipasyon konsènan sipò Rwanda ap bay gwoup ame M23 nan lès Repiblik Demokratik Congo, konsènan represyon politik ak iregilarite nan jijman yo ak detansyon rezidan ameriken ki rele Paul Rusesabagina.

Malgre nouvo pouvwa  yo genyen pou sanksyone moun ak enstitisyon ki responsab vyolasyon dwa moun nan nò Etyopi, Etazini te mete fen nan privilèj komèsyal Etyopi te genyen sou baz Lwa sou Kwasans ak Posiblite Ekonomik an Afrik (AGOA) akoz vyolasyon flagran dwa moun gouvènman an ak lòt belijeran komèt nan nò Etyopi. Nan peyi Soudan, administrasyon Biden nan sanksyone yon inite lapolis militè pou grav vyolasyon dwa moun yo komèt kont manifestan depi koudeta 25 fevriye 2021 an, men yo pa pran okenn mezi kont moun oswa otorite soudanè pou vyolasyon sa yo.              

Etazini vann zam epi li founi asistans sekirite bay peyi ki genyen move bilan nan kesyon dwa moun, tankou Ejip, Israel ak Arabi Saoudit. Ejip te resevwa $ 1.3 milya dola chak ane, menm si Presidan Biden kenbe 130 milyon dola sou $300 milyon dola kote Kongrè a poze kondisyon sou pwogrè nan kesyon dwa moun an 2021. Senatè Patrick Leahy te bloke yon lòt montan $75 milyon dola Ejip ta dwe resevwa, kote li site “pwogrè ki pa sifi” nan tretman prizonye politik yo. Etazini vann plis ekipman militè bay ‘Arabi Saoudite’ pase tout lòt peyi epi bay ‘Philippines’ plis sivansyon militè ak prè nan kontinan Azi a, malgre vyolasyon toude gouvènman sa yo komèt byen dokimante. ‘Nigeria’ resevwa bon jan asistans militè malgre vyolasyon fòs sekirite li yo komèt .

Gwo sanksyon ameriken pran kont Iran yo toujou kenbe, menm si Etazini livre yon lisans jeneral bay biznis teknoloji yo ki pèmèt yo founi sèvis kominikasyon nan tout libète bay Iranyen yo. Depatman Deta ameriken te piblikman kondane lanmò  Mahsa(Jina) Amini an Septanm pase a, yon sitiyasyon ki pwovoke gwo manifestasyon tout kote nan peyi Iran, epi enpoze sanksyon kont Polis Moralite Iran an ak lòt enstitisyon.

Administrasyon  Biden nan te kondane lanmò jounalis Palestinyen-Ameriken ki rele  Shireen Abu Aqla, yo te tire pandan li ap kouvri yon atak Israel sou vil Jenin nan ‘Cisjordanie’ nan dat 11 Me pase a. Genyen plizyè ankèt endepandan ki te fèt, tankou Washing Post, CNN ak Wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun, ki konkli pou di se yon sòlda peyi Israel ki ta touye li. An Novanm, FBI te ouvè yon ankèt sou lanmò jounalis la. Israel te rekonèt an Septanm pou di li posib pou se yon sòlda Israel ki touye jounalis la men li di se sa vre, se yon lanmò ki rive aksidantèlman men li p ap patisipe nan ankèt Etaznini ap mennen an.

Etazini pa te kondane otorite Israel yo paske yo te fè pèkizisyon epi bay lòd pou fèmen biwo sèt (7) òganizasyon sosyete sivil Palestinyen ki gen anpil enpòtans nan mwa Dawout la, aprè li pa te chwazi kondane otorite Israel yo ki te entèdi sis (6) nan gwoup sa yo ane pase.

Nan mwa Jen, Etaznini te anonse yon politik k ap entèdi pwodiksyon ak akizisyon min terès antipèsonèl epi itilizasyon ak estokaj yo an deyò penensil Kore a. Desizyon sa chita sou menm liy ak politik ameriken sou Trete pou Entèdiksyon Min an 1997, yon trete Etazini pa siyen.  Etazini pa te revize politik li genyen sou zam a sou-minisyon, zam Konvansyon 2008 sou zam a sou-minisyon yo entèdi.

An Oktòb, Etazini  te ranfòse kad legal ki reglemante atak anti-teworis yo. Règ klasifye yo limite sèlman atak yo sou moun yo idantifye epi se si yo “preske sèten” pa genyen sivil ki prezan. Politik sa pa kadre ak lòt politik li menm, ki mwens agresif, prezidan Trump lan, men li toujou kenbe operasyon pwoblematik yo an deyò konfli ame moun konnen. An Janvye, aprè yon ankèt New York Times ak kritik lòt moun te fè sou viktim sivil ki ta genyen nan kad operasyon ameriken yo mennen, Pentagone te lanse yon plan ki vize pote koreksyon fas ak mankman nan ankèt yo epi pote repons bay viktim yo, men toujou genyen mankman, prensipalman nan sa ki konsène redisyon kont pou viktim sivil yo.

Prezidan Biden te pran angajman pou li fèmen prizon militè ameriken nan ‘Guantanamo Bay’ men toujou genyen 36 gason ki se mizilman ki fèmen ladan, pifò nan yo nan prizon sa pandan plis pase 20 ane san enkilpasyon ni jijman.Genyen komisyon militè ilegal ki abandone pouswit kont senk (5) prizonye Guantanamo  ki akize nan atanta 11 Septanm 2001 yo. Akize yo te nan diskisyon pou abondone sanksyon penn lanmò a an echanj pou yo plede koupab kote y ap kondane yo pou pase rès lavi yo nan prizon.