Skip to main content

Etazini : Lwa Kouraje sou Rasis, Povrete ak Dwa Vòt

Echèk nan Demantle Rasis Sistemik Anpeche Pwogrè nan kesyon Dwa Moun

Manifestan ki rasanble an favè dwa pou fè avòtman devan Sant Konvansyon vil Austin, nan Texas, jou ki te 14 Me 2022 a.   © 2022 Jay Janner/Austin American-Statesman via AP

Administrasyon Prezidan Joe Biden nan peyi Etazini pa reyalize gwo pwogrè nan kesyon dwa moun pou ane 2022 a, men dwe genyen politik ki pi solid pou demantle rasis sistematik la, kontrekare regresyon k ap fèt nan libète pou moun fè pitit epi atake pwoblèm ijan ki genyen sou kesyon dwa moun, daprè deklarasyon Human Rights Watch fè jodia nan Rapò Mondyal 2023 a.  
 
“Gouvènman ameriken an dwe adrese pwoblèm dwa moun ki genyen nan moman an,” daprè Tanya Greene,  ki se direktè pwogram nan Human Rights Watch Etazini. “Dirijan nan tout nivo dwe aji sou rasis sistemik, inegalite ekonomik, dwa vòt k ap disparèt, epi restriksyon sou libète nan kesyon fè piti ki rann moun ki nwa ak lòt kominote yo plis vilnerab toujou fas ak vyolasyon dwa yo.”  
 
Nan Rapò Mondyal 2023 ki genyen 712 - paj, nan 33e edisyon li, Human Rights Watch analize pratik dwa moun nan preske 100 peyi. Nan mo entwodiksyon li yo,Aktyèl Direktè Egzekitif la ki se Tirana Hassan fè konnen nan yon monn kote pouvwa chanje bò, li pa posib ankò pou moun konte sou yon ti gwoup gouvènman, esansyèlman  peyi nan Emisfè Nò yo pou defann dwa moun. Mobilizasyon mondyal ki genyen kont lagè Risi nan peyi Ikrèn raple nou potansyèl estrawòdinè ki egziste lè gouvènman yo reponn ak obligasyon yo nan kesyon dwa moun patou nan monn nan. Se chak peyi ki dwe pran responsablite yo, kit li piti, kit li se gwo peyi, pou aplike yon kad legal ki trete dwa moun nan politik y ap aplike yo, epi travay ansanm pou pwoteje epi fè pwomosyon dwa moun. 
 
Administrasyon Biden nan ak Kongrè a franchi yon etap ki pozitif nan pwoteje dwa moun an Oktòb pase a lè yo adopte yon Lwa pou Rediksyon Enflasyon an. Lwa istorik sa, malgre mankman li genyen, fè avanse dwa pou aksè ak lasante epi sa reprezante pi gwo aksyon peyi Etazini pa janm poze pou atake kriz klimatik la.   
 
Jiska kounya, dirijan Etazini yo poko pran bon jan mezi pou demantle rasis sistemik k ap anvayi sosyete ameriken an. Rediksyon povrete istorik nou te konnen apati ane 2021 an ap chanje akoz echèk gouvènman federal la nan renouvèlman depans sosyal konsènan pandemi Covid-19 la tankou Kredi Enpo pou Timoun yo – epi akoz li pa rive adopte refòm estriktirèl pou kontrekare inegalite rasyal nan aksè pou jwenn bon jan swen sante, dlo, edikasyon, travay ak lojman. Richès la konsantre nan mitan 1% moun ki pi rich yo, pandan fanmi Nwa, Latino-ameriken ak Ameridyen yo ap konnen yon to povrete ki plis pase de (2) fwa pi gran parapò ak fanmi Blan yo. 
 
Pandan gouvènman an dwe envesti nan sèvis èd yo pou rezoud pakèt pwoblèm ki gen nan sosyete a genyen plizyè lejislatè k ap fè kèk deklarasyon ki pa fonde epi egzajere konsènan krim k ap ogmante pou jistifye depans k ap fèt pou aplike lalwa nan plas sèvis èd ki ta dwe bay. Done yo montre moun ki Nwa yo rete kategori ki plis reprezante nan prizon yo epi lapolis touye moun ki Nwa twa fwa plis pase yo touye moun ki blan si nou konsidere kantite moun chak kategori genyen. Kongrè a pa menm adopte fèb refòm ki te pwopoze nan Lwa federal ki pote non ‘Justice in Policing Act’. 
 
Enstitisyon demokratik ameriken yo pa rive pwoteje dwa fondamantal yo yon fason ki konsistan, tankou dwa pou moun vote nan tout libète san sibi diskriminasyon rasyal. Preske mwatye Eta ameriken yo adopte plis pase yon douzenn lwa an 2021 ak 2022 ki rann li pi difisil pou vote. Menm jan tou, echèk otorite lajistis oswa lejislatif yo pou verifye si kèk dirijan itilize retorik sipremasis blan yo ak politik rasis yo pi lwen afebli enstitisyon demokratik ameriken yo.  
 
"Danje enkapasite gouvènman ameriken an reprezante pou li atake eritaj kolonyalis ak esklavajis  ki prezan tout kote, epi pou pran mezi reyèl pou korije estrikti ki kontinye alimante rasis la nan tout sosyete ameriken an, se yon bagay ki grav epi k ap vin pi mal chak jou,” daprè sa Green deklare. “Enjistis rasyal vyole dwa plizyè milyon moun k ap viv Etazini epi reprezante yon menas egzistansyèl pou demokrasi ameriken an,”  
 
Malgre rekonesans piblik k ap ogmante ki montre anpil nan inegalite rasyal yo gen rasin pwofon ki gen koneksyon ak eritaj esklavaj la, men tou nan sipò san presedan Kongrè a ak pwogrè inisyativ reparasyon ki fèt nan nivo Eta ak kolektivite lokal yo, administrasyon an ni Kongrè a pa reyisi nonplis kreye yon komisyon pou etidye eritaj esklavaj la epi elabore pwopozisyon pou fè reparasyon, daprè Human Rights Watch. 

Rasis sistemik la gen koneksyon tou ak politik imigrasyon bout di k ap aplike yo, daprè Human Rights Watch. Administrasyon Biden nan te finalman mete fen nan pwogram ki rele “Rete Mexico” a aprè yon preyòd kote yo t ap fòse moun ki pa meksiken rete tann yo rele yo nan tribinal pou dosye azil nan kèk vil meksiken ki danjere, men pandan y ap kontinye mete deyò plizyè milye migran nan fwontyè sid Etazini atravè aplikasyon Tit 42 kòm restriksyon fas ak Covid-19 ki vyole dwa moun yo, san konsidere dwa yo genyen pou mande azil. Nan vil Texas, Gouvènè a ki se Greg Abbottte sible migran sispèk yo pou li arete yo epi mete yo nan prizon sou baz politik ki pote non “Operation Lone Star”, ki se yon politik fwontalyè $4 milya dola ki diskriminatwa epi ki vyole dwa moun.  
 
Malgre administrasyon Biden nan te anonse gras prezidansyèl pou sitwayen ki te kondane pou posesyon senp marijuana nan sistèm federal la se yon pwogrè, gras administrasyon an pa te pran an kont lòt moun ki kalifye pou sa men ki pa sitwayen ameriken. 

Lakou Siprèm Etazini montre plizyè fwa mepri li genyen pou pwoteje dwa fondamantal yo. Nan mwa Jen pase a, tribinal la te anile yon garanti konstitisyonèl ki te la depi preske 50 ane ki bay aksè pou moun avòte; plis pase mwatye eta nan peyi a depi lè sa entèdi oswa nan wout pou entèdi avòtman.  

Rasis estriktirèl nan swen sante ak lòt faktè fè avòtman tounen yon fòm swen sante repwodiksyon fanm ki Nwa yo bezwen nan yon pousantaj ki pi wo pase fanm Blan yo. Nan sistèm jistis la, rasis vle di fanm Nwa yo gen plis espoze akoz entèdiksyon pou avòte a epi akoz penalizasyon gwosès– aksyon ki entèprete kòm nuizib pou gwosès yon moun.  
 
Avèk afeblisman dwa konstitisyonèl sou lavi prive, anilasyon arete Roe v. Wade menase to dwa parantal LGBTyo, maryaj omoseksyèl, ak  konpòtman omoseksyèl konsantan. Lejislatè ki nan Eta yo te entwodui plis pase 150 pwojè lwa ki menase dwa ak sante moun ki se transjan, patikilyèman timoun ki se transjan.  
 
Covid-19 te lakoz lanmò plizyè milye moun, espesyalman moun ki nan gwoup ki majinalize yo, kote genyen plis pase 230,000 moun nan peyi Etazini ki mouri akoz maladi a an 2022. Deklarasyon Biden yo, pami yo sa kote li te deklare pandemi an “fini” an Septanm, reflete enkonsistans ki genyen nan repons Etazini pote fas ak pandemi an.  
 
Akoz Pati Demokrat la pa genyen kontwòl toude Chanm nan Kongrè a, Biden pral bezwen pran pi gwo mezi toujou pou rezoud inegalite rasyal ak eknonomik k ap vin pi grav akoz enflasyon ak chanjman klimatik la epi pou li kreye yon komisyon federal sou reparasyon, daprè Human Rights Watch. Otorite nan tout nivo dwe mete fen nan aplikasyon lwa ak politik fwontalyè k ap vyole dwa moun, pwoteje libète repwodiksyon epi garanti dwa tout moun.  
 

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.