(Washington, D.C.) – Kominote entènasyonal la dwe ede Ayiti rezoud pwoblèm pwogasyon kolera a nan livre an ijans gaz, medikaman ak dlo potab pou moun bwè, daprè deklarasyon Human Rights Watch fè jodia. Lòt peyi yo dwe kanpe sou depòtasyon yo, kanpe sou mete ayisyen deyò akoz sitiyasyon imanitè a k ap vin pi mal, mete sou kriz sekirite, jistis ak politik la ki vin pi grav.
Depi konfimasyon premye ka kolera jou ki te 2 Oktòb 2022 a, kolera pwopaje rapidman. Pou rive jou ki te 16 Oktòb pase a, te genyen 835 ka sispèk, 78 ka konfime epi pou pi piti genyen 36 moun ki mouri, daprè yon rapò Ministè Sante Piblik. Enfrastrikti sante yo te reyalize 493 tès kolera. Daprè Òganizasyon Panameriken Lasante, kantite reyèl ka ki genyen yo “ta pi plis toujou” paske vyolans gang yo limite aksè pou rive nan zòn ki afekte yo.
“Mank aksè pou jwenn dlo potab ak asenisman, ensekirite alimantè k ap pèsiste epi swen sante ki pa adapte kreye bon jan kondisyon pou pwopaje maladi kolera,” daprè César Muñoz, ki se yon Chèchè Senyò nan Human Rights Watch. “Kominote entènasyonal la dwe reponn an ijans fas ak gwo menas ki genyen sou sante ak lavi moun yo, patikilyèman jenn timoun ak lòt moun ki vilnerab yo.”
Kolera se yon maladi vyolan moun pran nan konsome dlo oswa manje ki kontamine ak viris ki rele ‘Vibrio cholerae’ ki prezan nan twalèt moun, daprè Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS). Pifò moun ki enfekte yo pa devlope okenn sentom, men bakteri ki genyen nan twalèt moun sa yo kapab enfekte lòt moun. Genyen yon majorite moun ki devlope yon dyare dlo ki grav anpil ki dezidrate moun nan rapidman epi li kapab touye moun nan kèk èdtan si moun nan pa trete.
Gen plis pase yon ka (1/4) nan kantite ka sispèk yo ki se timoun ki genyen mwens pase 9 lane, daprè sa done Ministè Lasante montre. Jenn timoun yo patikilyèman vilnerab fas ak maladi epi yo kapab mouri trè rapidman si yo pa trete, daprè deklarasyon Mumuza Muhindo, ki se chèf ‘Médecins sans Frontières (MSF)’ an Ayiti, ki se yon ògnizasyon ki pa la pou fè pwofi te fè bay Human Rights Watch. MSF ap jere enfrastrikti sante nan zòn Potoprens, Depatman Sid la ak Latibonit.
Muhindo fè konnen ka yo ap pwopaje soti nan lokalite ki nan mitan kapital la. “Ka yo ap ogmante chak jou,” daprè sa li di.
Lavi moun ki nan prizon yo patikilyèman riske. Genyen 14 nan ka lanmò ki konfime yo ki soti nan prizon nan Pòtoprens daprè Ministè Lasante. Pou rive mwa Jen, kantite moun ki nan prizon an Ayiti twa (3) pi plis pase kantite moun yo te konstwi prizon yo pou yo kenbe. Genyen plis pase 11 500 prizonye, kote genyen 83 pousan ladan yo k ap tann jijman ki ap viv nan kondisyon ki pa fèt pou moun viv daprè Nasyonzini. Biwo Pwotektè Sitwayen an te fè yon rapò sou kantite prizonye ki mouri akoz malnitrisyon avan menm kolera te parèt ankò. Yo dwe pote asistans bay popilasyon ki pi vilnerab yo, pami yo genyen moun ki nan prizon daprè Human Rights Watch.
Jan kolera pwopaje a genyen rapò ak mank aksè pou moun jwenn dlo potab ak enfrastrikti asenisman, daprè OMS. An 2020, te genyen plis pase yon tyè (1/3) popilasyon Ayiti a ki pa te genyen aksè pou jwenn dlo potab epi de tyè (2/3) genyen aksè limite oswa pa benefisye okenn sèvis asenisman.
Anplis sa, genyen 4.7 milyon moun ki ap viv nan gwo grangou, daprè yon rapò Pwogram Alimantè Mondyal. Se pou premye fwa sa fèt, yon bagay yo konsidere kòm yon nivo grangou kastwofik ki anrejistre an Ayiti, ki afekte 19 000 moun nan katye Site Solèy ki twouve li nan kapital la, Preske 100 000 timoun ki genyen mwens pase 5 lane ap sibi yon malnitrisyon ki grav, sa ki rann yo espesyalman vilnerab fas ak kolera, selon deklarasyon UNICEF.
An 2010, epidemi kolera an Ayiti, yo te dekouvri ki te pwopaje apati neglijans sòlda lapè Nasyonzini ki te jete dechè nan rivyè tou prè vil Mibalè, ki te koze lanmò preske 9 800 moun epi te genyen plis pase 820 000 enfeksyon. An 2017, Nasyonzini te rekonèt wòl li nan epidemi an epi te asepte responsablite moral li, men pa legal, li genyen pou rezoud pwoblèm nan. Li pa te bay viktim yo dedomajman ni li pa te pote bon jan finansman nan jefò ki t ap fèt pou pote èd, daprè deklarasyon kèk espè endepandan dwa moun nan Nasyonzini te fè an 2020.
Kominote entènasyonal la dwe reponn an ijans pou anpeche moun pèdi lavi yo trajikman ankò nan livre gaz—nan avyon si nesesè—menm jan ak vaksen kont kolera ak medikaman pou trete moun ki deja enfekte yo, selon Human Rights Watch. Dwe genyen gaz an ijans pou ponpe, esterilize epi distribye dlo.
Ajans Nasyonzini yo, MSF ak lòt òganizasyon lokal ak entènasyonal yo deja kòmanse distribye medikaman ak ekipman bay lopital yo. Yo mete kanpe sant tretman kolera, fasilite moun yo jwenn dlo potab ak asenisman, asiste Ministè Lasante nan jefò siveyans ak jesyon ka yo epi y ap travay pou vaksen kont kolera rive an Ayiti. Men, genyen plis bagay ankò ki dwe fèt pou evite yon katastwòf sanitè, daprè Human Rights Watch.
Pote repons nan kriz sa patikilyèman difisil akoz kriz ki monte youn sou lòt k ap frape Ayiti. Gang yo pa sispann pran kontwòl rejyon estratejik nan Pòtoprens ak lòt rejyon nan peyi a. An Septanm pase a, genyen yon gang ki bloke prensipal tèminal gaz peyi a fas ak anons ki fèt pou koupe nan sibvansyon ki te konn bay yo, selon Nasyonzini. Gang yo anpeche distribisyon gaz, sa ki paralize biznis, lekòl ak lopital epi kreye rate nan prensipal pwodui premye nesesite ak kominikasyon yo, daprè ajans Nasyonzini yo.
Moun ki gen zam kontwole konplètman katye Brooklyn nan Site Solèy, youn nan lokalite nan Pòtoprens ki pi afekte nan epidemi an, daprè Muhindo. Abitan yo pa genyen aksè pou jwenn dlo depi 10 Jiyè pase a, paske wout yo bloke epi yo reprezante tèren afwontman kote gwoup ame yo ap tire youn sou lòt. Genyen plizyè dirijan ki di Human Rights Watch gang yo genyen koneksyon ak biznismann, lidè politik ak ajan nan lapolis la.
Genyen yon vag vyolans gang ki te lakoz deplasman plis pase 43 000 moun nan Pòtoprens soti Avril pou rive mwa Jiyè, daprè sa Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) rapòte. OMS te deklare moun ki deplase yo patikilyèman vilnerab fas ak kolera akoz yo pa genyen bon jan aksè pou jwenn dlo potab ak asenisman.
Pou rezoud vyolans gang yo, ki se yon obstak fas ak distribisyon èd la, otorite yo dwe rasire yo sistèm jistis la rekòmanse fonksyone, selon Human Rights Watch. Nan kèk jiridiksyon, genyen tribinal ki pa genyen odyans sou dosye penal yo depi twa (3) lane, daprè rapò Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan. Prensipal obstak la se mank sekirite. Gouvènman an dwe relokalize tribinal yo, sa ki te sibi atak gang yo, pou mete yo nan zòn ki genyen sekirite epi pwoteje anplwaye ki nan sistèm jistis la, avèk sipò entènasyonal la. Jij yo dwe analize dosye prizonye yo epi aplike lòt mezi kòm altènativ fas ak detansyon an lè sa nesesè.
Paralizi politik la agrave pwoblèm peyi a. Palman an sispann fonksyone an Janvye 2020, lè ansyen Prezidan Jovenel Moïse te refize òganize eleksyon lejislatif yo. Moïse te asasinen an 2021, epi Ayiti pa genyen aktyèlman yon prezidan eli oswa ki nonmen. Premye Minis Ariel Henry ap gouvènen atravè dekrè, san yon manda konstitisyonèl.
Malgrè degradasyon sitiyasyon an, genyen lòt peyi ki kontinye rapatriye moun an Ayiti. Soti Janvye rive Septanm 2022, yo mete deyò oswa depòte epi rive voye tounen antou plis pase 21 000 moun an Ayiti nan avyon oswa nan bato aprè yo fin pran moun sa yo sou wout, daprè sa Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) rapòte. Etazini responsab pou 70 pousan rapatriman ki fèt yo.
An plis sa, Repiblik Dominiken te rapatriye plis pase 49 676 ayisyen sou fwontyè a soti Fevriye rive Septanm, pami yo genyen moun ki te fèt an Repiblik Dominiken, men otorite dominiken yo konsidere yo kòm ayisyen, daprè Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR), ki se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki prezan sou fwontyè a.
Dwa pou jwenn dlo ak asenisman se dwa moun yo ye. Dwa pou jwenn dlo se pou tout moun, san diskriminasyon, “pou genyen aksè pou jwenn bon jan dlo potab nan kantite ki sifizan, aseptab, ki abòdab epi ki aksesib fizikman pou itilizasyon pèsonèl epi nan kay yo.”
Komite sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl, ki se yon òganis Nasyonzini ki responsab pou fè siveyans nan kesyon konfòmite avèk Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo fè konnnen “Dlo dwe disponib pou chak moun nan kantite ki sifizan epi li dwe disponib yon fason kontini pou itilizasyon pèsonèl epi nan kay chak moun,” menm jan ak dlo pou fè lapwòpte. Komite a fè konnen tou pou dlo a bon pou sante moun yo, li pa dwe “genyen mikwo-òganis, pwodui chimik oswa ris radyoaktif ki reprezante menas pou sante moun.”
Dwa pou genyen asenisman pou tout moun, san diskriminasyon, vle di “dwe genyen aksè fizik epi abòdab pou bay asenisman, nan tout aspè nan lavi a, ki bon pou sante, ki pwòp, sekiritè epi ki sosyalman epi kiltirèlman aseptab epi ki respekte lavi prive moun yo epi garanti diyite yo,” daprè deklarasyon Asanble Jeneral Nasyonzini an te fè an 2015. Rapòtè Espesyal Nasyonzini sou dwa pou moun jwenn dlo ak asenisman fè konnen eta yo dwe “rasire yo jesyon twalèt moun pa genyen enpak negatif sou dwa moun yo.”
“Epidemi kolera fè li vin plis ijan toujou pou gouvènman yo kanpe sou voye moun tounen an Ayiti, kote kriz sekirite, imanitè ak sanitè a reprezante yon danje pou lavi ak entegrite fizik tout moun,” daprè sa Muñoz deklare.