Skip to main content
americas haiti world report
Abitan ki ap pase bò kote yon machin ki fin boule pandan yo ap kouri kite katye Delma 22 nan maten aprè atak nan mitan vyolans kriminèl nan Pòtoprens, Madi 2 Me 2024.  © 2024 Ramon Espinosa/AP Photo

(Mexico City) – Kriz Ayiti ap konnen an atenn yon nivo katastwofik, kote gwoup kriminèl alye yo ap entansifye epi kowòdone gwo atak sou popilasyon an ak prensipal  enfrastrikti leta yo, sa ki preske paralize pifò kote nan peyi a epi agrave sitiyasyon imanitè ak dwa moun ki te deja difisil, deklarasyon Human Rights Watch fè jodi a nan Rapò Anyèl li pou 2025 lan.

Nan rapò 540 paj li a, pou 35e edisyon an, Human Rights Watch te analize sitiyasyon dwa moun nan plis pase 100 peyi. Pifò kote nan monn nan, daprè sa Direktè Egzekitif Tirana Hassan ekri nan  mo entwodisyon li yo, genyen gouvènman ki te pran mezi represyon epi mete nan prizon san rezon opozan politik, aktivis, ak jounalis. Gwoup ame ak fòs lòd yo touye ilegalman sivil, fòse yo kite lakay yo epi bloke aksè pou moun jwenn èd imanitè. Nan plis pase 70 peyi kote te genyen eleksyon nansyonal an 2024, te genyen anpil lidè otoritè ki te rive sou pouvwa avèk diskou epi politik diskriminatwa y ap pwone. 

“Pandan tout ane 2024 la, gwoup kriminèl yo te touye, kidnape epi itilize vyolans seksyèl pou kontwole popilasyon Ayisyen an, ki deja ap soufri anpil anba povrete, grangou ak mank aksè ak sèvis esansyèl yo,” daprè deklarasyon Nathalye Cotrino, ki se Chèchè senyò nan Human Rights Watch. “Nominasyon yon gouvènman pwovizwa epi deplwaman Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite a ki te jwenn otorizasyon Nasyonzini pou sipòte Polis Nasyonal Ayisyen an poko amelyore sekirite a oswa retabli eta dwa.”

  • Nan fen mwa Fevriye, majorite gwoup kriminèl ki ini tèt yo anndan kowalisyon Viv Ansanm, te lanse epi kowòdone atak sou prensipal prizon, komisarya ak biwo leta epi enfrastrikti kle tankou lopital, lekòl nan kapital peyi Dayiti, Pòtoprens. Atak sa yo te preske paralize peyi a ak livrezon asistans imanitè pou te sove lavi moun pandan preske twa mwa.
  • Gwoup kriminèl yo te ogmante rekritman timoun, kote yo pwofite sitiyasyon grangou ak povrete ki gaye tout kote. Rive mwa Oktòb, pou piti te genyen 30 pousan nan manm gwoup kriminèl yo ki se te timoun. Yo patisipe nan fòse moun bay lajan, piyaj ak zak vyolans grav tankou touye mou, kidnapin men yo te sibi tou abi nan mitan menm gwoup kriminèl yo. Gouvènman tranzisyon an manke genyen estrateji ak resous pou garanti tout timoun jwenn pwoteksyon, atravè aksè ak ediksyon epi jistis men tou yon chemen legal pou pèmèt yo kite gwoup kriminèl yo.
  • Vyolans seksyèl se yon pratik gwoup kriminèl yo itilize ki gaye tout kote. Soti janvye pou rive oktòb, genyen preske 4 000 tifi ak fanm yo rapòte ki sibi vyolans tankou vyòl kolektif, pou pifò anba men manm gwoup kriminèl yo. Viktim yo manke jwenn bon jan aksè ak pwoteksyon epi swen ka yo nesesite akoz resous enstitisyonèl yo ki limite epi disfonksyonnman sèvis esansyèl yo akoz vyolans, patikilyèman swen sante.     
  • Nan mwa Jen, Nasyonzini te otorize deplwaman Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite (MMSS) peyi Kenya ap dirije, ki te kòmanse mennen operasyon an Ayiti avèk 400 ofisye, ki mwens pase 2500 ki te prevwa. Menm si MMSS la sipòte operasyon anti kriminèl Polis Nasyonal la epi pran mezi kle pou garanti dwa moun, misyon an ap fè fas ak gwo pwoblèm finansye ak lojistik.
  • Gwoup kriminèl yo te entansifye epi kowòdone atak an oktòb epi yo kontwole pou kounya 85 pousan Pòtoprens ak rejyon metwopoliten an epi etann kontwòl yo genyen sou depatman Lwès ak Latibonit. An 2024, gwoup kriminèl yo te touye pou pi piti 5 601 moun, daprè Nasyonzini. Mwatye nan popilasyon an ap goumen pou yo jwenn manje, sa ki fè Ayiti twouve li pami peyi ki ap konnen nivo ensekirite alimantè ki pi grav nan monn nan, kote plis pase 700 000 ayisyen – 25 pousan ladan yo se timoun – ki konsidere kòm deplase entèn.

Kominote entènasyonal la dwe sipòte an ijans yon plan global, ki baze sou respè dwa moun fas ak kriz Ayiti ap travèse a, ki ap konsantre sou retablisman sekirite, eta dwa epi ede peyi a pou li reprann wout demokrasi, pandan y ap reponn ak bezwen imdeya moun yo genyen. Aprè demann gouvènman tranzisyon an pou transfòme MMSS la pou tounen yon misyon Nasyonzini, Konsèy Sekirite Nasyonzi an dwe nan tout ijans otorize epi deplwaye kòmsadwa yon misyon nasyonzini an Ayiti. Misyon an dwe antre nan kad yon estrateji global ki prevwa garanti dwa moun, mekanis swivi ak mezi pou redisyon kont pou anpeche tò ki te koze nan tan pase yo pa repete epi rezoud pwoblèm eritaj entèvansyon ki te pase avan yo te kite.

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.

Region / Country