(Paris) – Yon jounalis envestigasyon Fransè ki te revele akizasyon abi seksyèl kont Yves Jean-Bart yo, ki se ansyen prezidan federasyon foutbòl Ayisyen an, ap fè fas avèk yon pwosè an difamasyon aprè plent Yves Jean-Bart te depoze kont li, daprè deklarasyon Human Rights Watch fè jodia.
Jounalis la ki se, Romain Molina, te dokimante abi ki te komèt sou jwè ki se minè nan Federasyon Foutbòl Ayisyen an anba lidèchip Yves Jean-Bart epi li te sipòte viktim yo an Ayiti epi patou nan monn nan. Atik jounalis la te ekri yo te pibliye nan jounal ‘The Guardian’ epi nan videyo YouTube. Genyen yon odisyon sou dosye a ki pwograme pou 27 Mas 2023 nan vil Paris.
“Objektif Romain Molina se te defann sa ki pi fèb yo kont moun ki puisan yo,” daprè Minky Worden, ki se direktè inisyativ mondyal nan Human Rights Watch. “Li etonan anpil pou wè dirijan federasyon foutbòl ayisyen yo ki ap itilize tribinal Fransè yo pou eseye toufe libète laprès epi fèmen bouch viktim ak jounalis.”
An Me 2020, Jean-Bart, ki te toujou prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, te depoze yon plent devan yon tribinal nan vil Paris, kote li akize Molina ki ta fè difamasyon sou li.
An Novanm 2020, FIFA ki se òganis ki ap dirije foutbòl la, te mete entèdiksyon pou lavi sou Yves Jean-Bart aprè pwòp ankèt li te mennen konsènan abi seksyèl, kote li kalifye esplwatasyon seksyèl ki komèt pandan li t ap dirije federasyon an kòm zak ki pa gen “eskiz, se yon wont.”
An Fevriye 2023, Tribinal Abitral Espò a te genyen tò lè li te anile entèdiksyon pou lavi ak lòt sanksyon FIFA te pran kont Jean-Bart yo. Nan dat 20 Mas pase a, FIFA te anonse li pral fè apèl sou desizyon an akoz “vis pwosedi ak pwoblèm grav ki genyen nan fon dosye a.”
Human Rights Watch yon fason endepandan te entèvyouve plis pase yon dizèn fanm ak gason ki te viktim ak temwen nan federasyon an epi li te resevwa temwayaj viktim ki te sibi asèlman seksyèl anba men prezidan federayon an epi ki te konn fòse jenn jwè yo fè bagay avèk li.
Moline, ki nan ‘The Guardian’, sendika jwè foutbòl yo FIFPro, ak Human Rights Watch te bay FIFA anpil prèv sou vyolasyon sistematik dwa moun nan foutbòl ayisyen an , tankou konfiske paspò – ki se yon mak trafik moun – vyolasyon dwa travay yo, manipilasyon atlèt ki se timoun pou esplwate yo seksyèlman ak menas lanmò kont temwen ak viktim yo.
Aprè repòtaj nan ‘The Guardian’ yo, Jean-Bart te kritike Molina ak jounalis epi anketè sou vyolasyon dwa moun yo paske yo te revele krim li te komèt yo. Jounalis ak temwen yo pa te sèlman resevwa menas aksyon legal ki te kapab deklanche kont yo. Human Rights Watch te dokimante nan mwa Dawout 2020, moun ak zam ki te ap chèche yon temwen abi sa yo kote li ap travay, epi yo te tire epi sakaje lakay li. Human Rights Watch te depi lè sa dokimante plizyè menas lanmò ki te fèt kont temwen , viktim abi sa yo ak manm fanmi yo.
Anpil jwè rakonte Human Rights Watch abi yo te sibi anba men Jean-Bart, ki te prensipalman favorize yon klima pou esplwatasyon seksyèl komèt sou jenn jwè yo. Genyen pou pi piti twa (3) vis prezidan federasyon foutbòl ayisyen an ki te resevwa sispansyon oswa entèdiksyon pou lavi pou zak abi seksyèl. Genyen yon ansyen jwè seleksyon nasyonal feminen an ki te deklare bay Human Rights Watch: “Chans pou mwen te jwe nan peyi etranje te depann sèlman si mwen te kouche ou pa avèk prezidan an.”
“Anpil nan viktim abi seksyèl an Ayiti yo se te ansyen atlèt timoun ak manm seleksyon nasyonal jenn ki pral viv ak twomatis sa yo pou rès lavi yo,” Daprè Minky. “FIFA genyen responsablite ak devwa pou li pwoteje atlèt yo nan tout aktivite li yo, nan respè Politik Dwa Moun ak pwogram ki pote FIFA Guardians (Gadyen FIFA yo), ki rann dirijan foutbòl yo responsab pwoteksyon timoun yo.
Human Rights Watch ap pibliye rapò sou vyolasyon dwa moun an Ayiti, tankou vyolans sistematik ki baze sou jan depi plis pase trant (30) ane. An 2011, Human Rights Watch te pibliye rapò ki pote non, “Nobody Remembers Us”: Failure to Protect Women’s and Girls’ Right to Health and Security in Post-Earthquake Haiti (“Pèsonn pa Sonje Nou”: Echèk nan Pwoteksyon Dwa Sante ak Sekirite Fanm ak Tifi Aprè Tranblematè a an Ayiti”, yon rapò ki te dokimante vyolans seksyèl ak difikilte pou yo jwenn swen aprè yon vyòl. Human Rights Watch pandan lontan ap fè pledwaye pou pwoteksyon viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki fonde sou jan epi li te travay dirèkteman ak òganizasyon ki ap defann dwa moun ak dwa fanm pou mete fen nan abi sa yo epi rasire yo viktim yo jwenn jistis.
Human Rights Watch travay pandan lontan ak yon patnè li genyen an Ayiti, ki se Rezo Nasyonal ki ap Defann Dwa Moun, RNDDH), ki te pibliye pwòp rapò li sou akizasyon abi seksyèl nan federasyon foutbòl Ayisyen an. Nan rapò RNDDH sou abi seksyèl nan foutbòl ayisyen an, yo jwenn pami lòt abi ki te komèt, Yves Jean-Bart genyen yon pitit avèk yon atlèt fanm.
Human Rights Watch te entevyouve tou yon viktim ansyen minis espò Ayisyen ki se, Evans Lescouflair, ki te jwenn arestasyon li anba men Interpol an Jiyè 2022, ki t ap eseye echape lajistis Ayisyen, aprè akizasyon vyòl repete li ta komèt sou yon elèv 11 ane. Lescouflair se te tou yon dirijan wo plase nan foutbòl ayisyen an epi li te prezidan yon klèb jenn tou.
“Enpinite pou abi seksyèl te rete pandan lontan yon nòm ki pa aseptab anndan federasyon foutbòl ayisyen an,” daprè Worden. “Kounya Jean-Bart ap eseye itilize sistèm jistis fransè a nan travay toksik li ap fè pou toufe libète laprès epi fèmen bouch viktim abi seksyèl yo.”