(New York) – Tribinal Abitral Espò (TAS) gen tò lè li anile entèdiksyon pou lavi ak lòt sanksyon FIFA te pran kont Yves Jean-Bart, ki se ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF), daprè deklarasyon Human Rights Watch ak ‘Army of Survivors’ fè jodia.
Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) te pran mezi sispansasyon kont Jean-Bart ak yon pakèt lòt moun tankou vis prezidan ak pèsonèl li yo nan mwa Me 2020. Li te sispann Jean-Bart pou lavi an Novanm 2020 aprè ankèt ki te mennen, pami yo ankèt sendika atlèt ak jwè yo FIFPro te reyalize, ki te rive dokimante pou pi piti 34 prezime viktim pami yo timoun ki ap evolye nan sant nasyonal fòmasyon nan foutbòl la, anba men 10 moun ki ta komèt zak sa yo, pami yo Yves Jean-Bart. FIFA dwe fè apèl sou desizyon TAS la epi pran nouvo mezi an ijans pou pwoteje temwen nan dosye abi seksyèl an Ayiti epi patou nan monn nan.
“An Ayiti, FIFA ak foutbòl la kòm espò te bay Yves Jean-Bart gwo pouvwa, menm pouvwa pou abize timoun ki se atlèt, epi kase fèy kouvri abi sa yo nan fè menas lanmò sou viktim ak manm fanmi yo,” daprè Minky Worden, ki se direktè inisyativ mondyal nan Human Rights Watch. “Nan odisyon li a, TAS pa te reyisi founi pwoteksyon debaz bay viktim yo, malgre li konnen anpil atlèt ak pèsonèl federasyon an konn resevwa menas lanmò.”
Tribinal Abitral Espò a ki baze nan vil Lausanne (TAS) se yon òganis entènasyonal ki la pou tande konfli ki genyen nan espò atravè abitraj li ap fè. Done yo montre se yon mekanis jistis ki pa apwopriye, pou fanm an patikilye. Tèm referans mekanis abitraj la pa egzije pou pran an konsiderasyon dwa moun, manm li yo pa genyen apwòch oswa fòmasyon ki pran an konsiderasyon twomatis moun yo sibi, epi tribunal la pran dezisyon an fonksyon règleman federasyon yo ki, nan anpil ka, pa gen konsiderasyon pou dwa moun.
Desizyon an espoze echèk sistemik ki genyen nan FIFA pou li kreye estrikti ki ap pèmèt moun denonse abi ki komèt nan tout sekirite epi pwoteje temwen, moun ki denonse yo, viktim ak manm fanmi ki founi prèv yo.
FIFA genyen responsablite ak devwa pou li pwoteje atlèt yo ak viktim abi yo tout kote li genyen aktivite, an fonksyon Politik Dwa Moun li genyen epi sou baz pwogram ki rele “FIFA Guardians”, ki rann dirijan foutbòl yo responsab “pou pote repons ak preyokipasyon ki genyen konsènan yon timoun” epi defini “gid pou idantifye, prevni epi redui ris la pou timoun ki enplike nan foutbòl.”
Jean-Bart te sipèvize federasyon foutbòl ayisyen an ak “sant fòmasyon FIFA GOAL,” ki twouve yo nan ‘Centre Technique National’ nan ‘Croix-des-Bouquets’, moun konnen sou non “Ranch Kwadèboukè”, kote timoun ki pwomèt nan foutbòl la kapab pran fòmasyon apati laj 12 ane. Pandan twa (3) dènye ane yo, genyen plizyè douzèn lansè alèt, temwen ak viktim ki te kontakte FIFA, ‘the Guardian,’ ki se yon jounal ki baze nan Wayòm Ini, Human Rights Watch, FIFPro ( ki se sendida jwè foubòl yo) ak otorite ayisyen yo pou mande yo mennen ankèt sou akizasyon agresyon seksyèl grav kont Jean-Bart.
Gen temwayaj grav ki montre Jean-Bart te konn fè presyon sou jenn jwè fanm yo pou yo fè bagay avèk li, tankou kenbe paspò (ki se yon makè trafik moun), epi mete moun ak zam moun panse ki se alye Jean-Bart k ap menase pou touye tout moun ki te temwaye konsènan abi sa yo.
Human Rights Watch ak FIFPro te entèvyouve plizyè dizèn temwen ak viktim ki te bay prèv konsènan prezidan federasyon an ki te agrese seksyèlman epi fòse jenn jwè fè bagay avèk li. Jwè seleksyon nasyonal, abit fanm, pèsonèl ak lansè alèt sa yo dekri espas travay la, jan yon temwen te di li, “kòm yon espas ki ranpli avèk esplwatasyon epi abi seksyèl. Jenn tifi yo tonbe ansent epi fè pitit pou prezidan an. Tout jwè, dirijan ak pèsonèl ki nan sant lan te konnen sa ki t ap pase a—men yo pa te fè anyen pou pwoteje nou.” Genyen yon atlèt ki te dekri anviwonnman travay la nan federasyon ayisyen an kòm “lanfè sou latè.”
An Novanm 2020, Komite Etik FIFA te twouve Jean-Bart koupab akoz “li abize pozisyon li pou li agrese seksyèlman jwè fanm, pami yo minè,” kote li kalifye abi sa yo kòm bagay “ ki pa gen eskiz, se yon wont.”
Lajis ayisyen te ankete sou plent kont abi seksyèl ki te depoze an 2020 an, men Ayiti ap konnen yon grav kriz politik, imanitè ak sekirite epi sistèm jistis la ap fè fas ak gwo difikilte pou li fonksyone, sa ki fè li pi enpòtan toujou pou òganis tankou TAS ak FIFA rasire yo Jean-Bart pa tounen nan yon pozisyon kote li kapab kontinye komèt menm gwo dega yo, kote chans lan piti anpil pou gen sipèvizyon sou li oswa pou li ta rann kont.
“Depi lè jwè yo te fenk kòmanse denonse abi seksyèl nan federasyon foutbòl ayisyen an, viktim yo te twouve yo nan gwo danje nan chak etap pwosesis la,” daprè Julie Ann Rivers-Cochran, ki se Direktè Egzekitif ‘The Army of Survivors’. “Desizyon sa pa sèlman remete Yves Jean-Bart nan yon pozisyon pouvwa, men li kreye tou yon sitiyasyon difisil pou viktim yo ak tout jwè foutbòl ayisyen yo. FIFA ak TAS gen obligasyon pou pwoteje atlèt ki viktim ak lansè alèt yo, epi yo dwe kreye kondisyon kote moun k ap denonse abi yo santi yo an sekirite epi itilize apwòch ki baze sou twomatis moun yo sibi an Ayiti ak lòt federasyon nasyonal yo kote genyen abi seksyèl ki komèt. Yo pa kapab di yo te kreye bon jan anviwonnman sekiritè pou atlèt yo pandan reyentegrasyon Jean-Bart ap sèlman redui moun sa yo nan silans epi minimize temwayaj moun ki te fè denonsyasyon yo.”
Genyen yon menas dokimante ki te rive jwenn yon temwen nan dat 4 ak 5 Avril 2022, imedyatman aprè odisyon TAS la, kote nan tèks la ki te ekri an Kreyòl ayisyen te di temwen an konsa:
Pa bliye ou genyen fanmi an Ayiti… Ou antre nan yon bagay k ap danjere pou ou ak fanmi ou. Ou nan gwo pwoblèm. Ou ale devan FIFA… Mwen ap onèt avèk ou, nou deja prepare sèkèy ou paske pèsonèlman mwen ap fann tèt ou. Ou panse istwa a t ap fini konsa. Li p ap pèdi travay li epi rete san li pa fè anyen. Nou konnen kote pou nou jwenn ou, kontwole sa wap di.
Tèks yo di tou, “ Mwen wè ou menm ak [non yon lòt temwen ekri] ki kanpe anfas Dadou,” sa ki ta montre moun ki t ap fè menas yo te prezan nan odisyon TAS. Yo konnen Jean-Bart sou ti non “Dadou.”
Soti nan premye plent lan, pou rive nan sispansyon Jean-Bart epi apèl devan TAS la, Human Rights Watch, jounal ‘the Guardian, Deutsche Welle, ak lòt òganis ankò te dokimante menas repete ki t ap fèt pou idantifye epi touye viktim, temwen ak manm fanmi yo:
- Viktim abi seksyèl yo te depoze premye plent yo nan FIFA nan kòmansman ane 2020, epi premye asistan prezidan Gianni Infantino, ki rele Véron Mosengo-Omba, te kontakte federasyon ayisyen an pou pataje yon fason ki pa apwopriye detay ki nan plent lan avèk ekip Jean-Bart. Aprè fuit enfòmasyon sa, yo te remake pèsonèl FHF la k ap detwi papye nan federasyon, epi jwè yo te panse ki deyè plent sa ate kòmanse resevwa menas.
- An Me 2020, yon gwo òganizasyon ayisyen dwa moun, ki se Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH), te pibliye yon rapò ki dokimante abi seksyèl nan federasyon foutbòl ayisyen an, ak paspò jwè yo kenbe epi menas k ap fèt kont temwen yo. Òganizasyon an fè konnen paspò yo te finalman rive nan men Jean-Bart. Jounalis ak sous yo fè RNDDH konnen genyen‘anpil’viktim ki pa te kapab temwaye akoz menas.
- An Me 2020, ‘the Guardian rapòte genyen viktim abi ki deklare yo te resevwa avètisman pou yo pa pale konsènan abi ki fèt nan federasyon an, kote youn deklare: gen yon manm gang ki te rele nou. Si nou pale, yo konnen kote tonton, matant ak kouzen nou yo ye.”
- An Jiyè 2020, genyen temwen ak viktim abi seksyèl ki te rive founi prèv nan kad yon ankèt sou travay yo rapòte Jean-Bart fè pou entimide yo tankou ofri yo gwo kantite lajan pou defann Jean-Bart epi voye moun ak zam pou menase manm fanmi jwè yo.
- Human Rights Watch te dokimante nan mwa Dawout 2020, ka kote genyen yon temwen abi yo ki te resevwa menas nan men moun ak zam nan espas travay li epi aprè sa yo te tire epi sakaje lakay yo.
Sendika mondyal jwè foutbòl pwofesyonèl yo, FIFPro te deklare, “Pakou jwè ayisyen ak lansè alèt yo danjere epi difisil anpil. Dènye devlopman ki genyen nan dosye a soulve lòt kesyon konsènan kapasite foutbòl la pou li ofri rekou ki efikas nan ka genyen vyolasyon dwa moun ki grav.”
Kominike pou laprès TAS la fè konnen enfòmasyon FIFPro ak Human Rights Watch te bay yo pa “gen ase prèv.” Yo pa te mande Human Rights Watch pou li te bay TAS la prèv, men òganizasyon an pa sispann denonse mankman nan pwoteksyon timoun ak lòt viktim epi temwen nan federasyon foutbòl ayisyen an pou yo pa sibi enpak mantal ak fizik pandan twa (3) dènye ane yo.
Human Rights Watch ak ‘The Army of Survivors’ te deklare tout sistèm pou pote plent ki genyen nan FIFA a ak pwosedi pou fè apèl nan TAS la pa respekte prensip divèsite epi epi yo pa konsidere twomatis lakay moun yo epi mete viktim yo an danje. Yon apwòch ki santre sou viktim yo vle di yo dwe adopte yon politik pou redui ris yo, sa ki mande pou genyen mezi pou asire pwoteksyon emosyonèl, fizik epi sou entènèt ki mete an plas. Pa genyen okenn sistèm konsa ki mete kanpe pou viktim, temwen ak manm fanmi yo.
Pa te genyen okenn mekanis pou defòme vwa moun pandan odisyon TAS la, kote viktim ak temwen potansyèl yo te genyen pou temwaye san bon jan pwoteksyon pou idantite yo. Nou konprann poukisa anpil ladan yo pa te asepte. Pou pi piti genyen yon temwen nan dosye Ayiti a ki te ensiste bò kote FIFA pou li detwi temwayaj li a paske li te refize retire tout enfòmasyon ki kapab pèmèt yo idantifye li. Tout manm panèl twa (3) jij TAS yo se te gason. Mank divèsite nan gouvènans se youn nan prensipal motè enpinite, an patikilye nan ka abi seksyèl sou tifi.
“Kijan nou kapab atann pou viktim abi seksyèl yo ap denonse sa devan FIFA si rezilta ki genyen an se pawodi jistis sa a,” deklarasyon Worden fè. “Avèk Koup dimonn fanm k ap fèt ane sa a, pwojektè yo limen sou move gouvènans ki genyen nan FIFA epi sou kapasite li genyen pou mete moun k ap komèt abi seksyèl deyò nan espò a.”