(New York)— Nouvo vag vyolans gang ap komèt an Ayiti touye plizyè santèn moun nan dènye semenn ki sot pase yo epi agrave tou kriz imanitè, politik ak dwa moun nan peyi a, daprè deklarasyon Human Rights Watch fè jodia. Gouvènman sitiyasyon sa konsène ki twouve yo an Amerik Laten, Ewòp ak Etazini, dwe kanpe sou operasyon espilsyon y ap fè sou peyi Dayiti epi pran mezi ijan pou sipòte jefò òganizasyon ki nan sosyete sivil la ak ajans Nasyonzini yo ap fè pou garanti ayisyen kapab resevwa pwoteksyon epi gen aksè pou jwenn jistis.
Depi kòmansman Jiyè 2022, gang yo touye epi kidnape plizyè santèn moun nan Pòtoprens, daprè sa Nasyonzini rapòte, epi yo pran kontwòl Palè Jisitis la, kote prensipal tribinal ki nan vil la twouve li, sa ki pi lwen pral agrave vyolans epi anpeche moun genyen aksè pou jwenn jistis nan peyi a. Jou ki te 15 Jiyè pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te pwolonje Manda Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti jiska mwa Jiyè 2023, sa ki ogmante kantite responsab sekirite ki prezan nan peyi a.
“Menm si pwolongasyon manda Biwo Nasyonzini an Ayiti a se yon etap pozitif, lòt peyi yo dwe fè plis toujou pou sipòte òganizasyon ki nan sosyete sivil ayisyen an ak ajans Nasyonzini yo nan moman kriz la ap vin pi mal,” daprè César Muñoz, ki se chèchè esperimante pou Amerik la nan Human Rights Watch. “Gouvènman yo dwe ogmante sipò l ap bay nan kad jefò pou pwoteje popilasyon an epi pou ranfòse aksè pou yo jwenn jistis, epi kanpe imedyatman depòtasyon k ap fèt sou Ayiti, jiskaske kondisyon yo amelyore nan peyi a.”
Daprè Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti, genyen 540 moun ki kidnape epi plis pase 780 moun ki asasinen soti Janvye pou rive Me 2022. Nan dènye senk (5) mwa ane 2021 an, te genyen 396 moun yo te kidnape epi 668 yo te touye.
Depi 7 Jiyè, genyen yon kowalisyon gang moun konnen sou non “G-9 an Fanmi e Alye” ki ap fè atak nan katye Nan Brooklyn nan Site Solèy ki twouve li nan Pòtoprens, kote objektif la se ta pou pran kontwòl teritwa nan men lòt gang. Preske 300 moun mouri daprè sa ki rapòte, pami yo 21 kò yo ta boule, epi 16 nan yo ta disparèt, daprè rapò Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH), ki se yon òganizasyon dwa moun. Gang yo boule kay moun epi itilize machin pwa lou pou demoli kay yo, daprè RNDDH, kote genyen 125 kay ki kraze daprè rapò sa a.
Jou ki te 10 Jen pase a, gang ki pote non “5 Segonn” nan te pran kontwòl Palè Jistis Pòtoprens lan. Yo te fòse dirijan lajistis yo kite espas la, blese yon komisè gouvènman epi vòlè òdinatè, biwo ak lòt materyèl, daprè prezidan Asosyasyon Nasyonal Grefye yo.
Mank jijman nan Palè Jistis ak kèk lòt tribinal an Ayiti vle di genyen plizyè moun ki twouve yo nan detansyon san yo pa rive pase devan yon jij oswa ki pa gen chans pou yo analize dosye yo. Genyen plis pase 90 pousan moun ki nan sant detansyon nan Pòtoprens ki nan detansyon prevantif epi genyen kèk nan yo ki la abitrèman, paske yo pa janm pase devan yon jij. Genyen lòt ki pa janm tande pale de dosye yo depi plis pase yon ane.
Otorite lajistis ak avoka gen plizyè ane depi y ap avèti moun sou nivo vyolans k ap ogmante nan lokalite ki anviwonnen palè jistis la, ki twouve li nan yon katye ki anba kontwòl gang, epi yo t ap mande pou delokalize tribinal la. Asosyasyon Majistra ak Ofis Pwoteksyon Sitwayen an te idantifye yon kay kote yo te kapab relokalize tribinal la epi yo te toujou ap mande gouvènman an pou relokalize li, men yo pa te resevwa okenn repons bò kote otorite yo, daprè prezidan asosyasyon an.
Palè Jistis la te preske pa fonksyone depi 2018 akoz ris sekirite ki te genyen. Dirijan yo te konn ale nan tribinal la sèlman pou fè kopi dokiman oswa resevwa nouvo prèv, men tout odyans yo te preske kanpe. “Si dirijan yo te ale nan tribinal la, se lavi yo ki t ap riske, oswa riske pran bal,” daprè deklarasyon yon manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a.
Gang yo te antre, vòlè oswa detwi dosye ak prèv k ap enposib pou rejwenn ankò paske tribinal yo pa genyen okenn kopi elektwonik dosye yo daprè prezidan Asosyasyon Majistra Ayisyen yo. Tribinal yo genyen prèv ak dosye konsènan divès masak gang yo te komèt an 2018, epi tou sou koripsyon, krim finansye ak zak touye moun.
Lapolis pa te rive repran kontwòl tribinal la, kote gang yo ap fè monte desann epi fè siveyans ak dwonn, daprè Pwotektè sitwayen an. Baz “5 Segonn” anpeche etranje antre nan katye a, daprè Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo.
Otorite ayisyen yo dwe pran mezi ijan pou retwouve dosye yo, relokalize tribinal la epi pwoteje dirijan lajistis yo pou yo kapab retounen travay epi evalye dega yo, daprè Human Rights Watch. Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti a, Biwo Wo Komisè Nasyonzini sou Dwa Moun ak gouvènman etranje yo dwe travay ak otorite ayisyen yo pou amelyore pwoteksyon jij, komisè gouvènman ak lòt otorite jidisyè yo ap resevwa epi sipòte relokalizasyon tribinal la.
Prizon an Ayiti genyen twòp moun, epi yo pa pèmèt prizonye yo genyen aksè pou jwenn manje, dlo, medikaman epi òganizasyon dwa moun ak biwo Pwotektè sitwayen an te siyale plizyè ka move tretman ak zak maltretans gadyen yo te komèt ak vyòl lòt prizonye ta komèt.
Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti te dokimante 54 ka kote prizonye te mouri akoz malnitrisyon soti Janvye pou rive Avril. Genyen 8 prizonye ki te mouri akoz malnitrisyon jou ki te 23 Jen an nan prizon Okay, ki twouve li nan sid Ayiti. Prizon an genyen 833 prizonye, ki se twa fwa kapasite li genyen, epi li pa gen ase manje ni dlo paske gang yo pa sispann bloke wout soti Pòtoprens pou rive Okay.
Otorite ayisyen yo dwe priyorize liberasyon moun ki nan detansyon abitrèman, garanti tribinal la yo kapab fonksyone tout bon epi analize dosye yo epi amelyore kondisyon nan prizon yo, daprè Human Rights Watch. Aktè entènasyonal yo dwe travay avèk otorite ayisyen yo pou rezoud pwoblèm sa yo rapidman.
Pandan kondisyon sekirite ak aksè pou moun jwenn jistis ap kontinye deteryore an Ayiti, plizyè peyi kontinye rapatriye moun nan peyi a. Plis pase 19 000 moun te rapatriye oswa depòte an Ayiti soti Janvye pou rive Jen 2022, kote pifò nan yo soti Etazini, lè nou konpare chif sa avèk preske 3000 moun nan menm peryòd la an 2021.
“Retounen an ayiti reprezante yon menas pou lavi moun yo epi sa ap kontinye konsa si kondisyon yo pa amelyore nan peyi a, daprè Muñoz. “Etazini ak lòt gouvènman yo dwe kanpe tout rapatriman yo epi ede nan mete kanpe pwogram reyentegrasyon pou bay moun yo asistans ak pwoteksyon pou moun yo rapatriye yo.”