Skip to main content

Etazini: Imigran Ayisyen yo resevwa Tretman Diskriminatwa

Ajan Fwontalye ki sou Cheval Chase yo; yo Retounen nan Danje an Ayiti

US Customs and Border Protection agents on horseback deployed against Haitian migrants as they cross the Rio Grande from Ciudad Acuña, Mexico, into Del Rio, Texas, September 19, 2021. © 2021 AP Photo/Felix Marquez

(Washington, DC) – Deplwaman ajan fwontalye peyi Etazini ki opere sou cheval kont imigran Ayisyen yo nan dat 19 Septanm 2021an, se konsekans yon politik imigrasyon ki vize fè abi ak diskriminasyon rasyal ki pote mak fabrik administrasyon Prezidan Biden nan, deklarasyon Human Rights Watch fè jodi a. Yon jou avan sa, Depatman Sekirite Enteryè te anonse yon “estrateji an sis (6) etap pou regle pwoblèm ogmantasyon imigran yo nan [vil fwontalye Eta Texas] ki rele Del Rio” ki te prevwa ladan yon “ogmantasyon” ajan pou “amelyore kontwòl y ap fè nan zòn nan” ak vòl depòtasyon pou ale an Ayiti..   

Yo voye Ayisyen yo tounen an Ayiti sou baz politik Etazini moun konnen sou non “Title 42”, ki sible moun k ap chèche azil k ap travèse fwontyè terès Etazini– ki soti patikilyèman nan peyi Amerik Santral, Afrik epi Ayiti ki se moun ki soti nan ras Nwa, Endijèn ak Latino– nan kad depòtasyon sa a. Espilsyon sa yo fèt swadizan pou rezon sante piblik, men se yon abi ak yon zak diskriminatwa. Epoutan, gen plizyè milye lòt vwayajè ki kapab antre nan peyi Etazini.

“Gouvènman Etazini an montre li meprize totalman dwa moun yo genyen pou yo mande azil lè li voye ajan sou cheval ki genyen fwèt nan men yo, pou kontwole epi anpeche popilasyon imigran sa kote pifò ladan yo se moun ki Nwa yo ye,” Alison Parker fè konnen, li menm ki se direktè jeneral Human Rights Watch pou Etazini. “Tretman vyolan Ayisyen yo sibi nan fwontyè a se jis yon dènye egzanp ki montre politik fwontalye Etazini genyen ki ap fè abi, diskriminasyon rasyal epi ki ilegal k ap retounen moun yo nan yon anviwonnman danjere ak katastwòf imanitè.”

Nouvo vòl ki pwograme yo fè pati sa ki pi resan yo pami yon seri depòtasyon administrasyon an reyalize sou Ayiti, malgre dokiman ki fuite ki montre pèsonèl Depatman Sekirite Enteryè yo te avèti imigran ak moun k ap chèche azil yo “kapab fè fas ak danje”, tankou krim, kidnapin, kriz politik ak latwoublay. Nan mwa Dawout pase a, Human Rights Watch ak 343 lòt òganizasyon nan sosyete sivil la, Haitian Bridge Alliance ak Black Alliance for Just Immigration (BAJI), te mande Prezidan Biden pou li kanpe sou depòtasyon l ap fè sou Ayiti yo, kote li te site menm preyokipasyon li genyen jodia sou kesyon dwa moun.   
 
Dènyeman la, nan mwa Me, gouvènman Etazini te rekonèt akoz twoub poliktik ak vylason dwa moun ki genyen nan peyi a, sa te rann li enposib pou Ayisyen retounen lakay yo nan tout sekirite, sa ki te pouse Depatman Sekirite Enteyè (DHS) deziyen Ayisyen ki te twouve yo Etazini nan mwa Me a nan pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) la. Daprè lwa Etazini, estati sa pa aplikab pou moun ki fèk rive nan peyi a. 

Depi yo fin anonse estrateji an sis (6) etap sa a, Depatman Sekirite Enteryè (DHS) rive depòte Ayisyen ki te nan vil Del Rio nan senk (5) rive uit (8) vòl ki fèt chak jou, epi li entèdi moun k ap tante kite Ayiti sou lanmè yo antre nan peyi a. Pwosedi sa yo montre politik vyolason k ap aplike nan dènye ane sa yo, kote yo anpeche Ayisyen k ap chèche azil yo antre Etazini epi voye yo tounen imedyatman, menm si pafwa genyen kèk ladan yo ki konn rete nan detansyon sou baz naval Etazini genyen nan Bè Guantanamo, nan peyi Kiba, oswa sou bato epi evalye ka yo pou demann azil. Zak administrasyon an koze yo vyole lwa Etazini ak prensip dwa Entènasyonal yo si konsekans yo genyen se nye dwa Ayisyen yo genyen pou konteste depòtasyon yo pou mennen yo nan yon peyi kote yo kapab fè fas ak yon anviwonnman danjere, deklarasyon Human Rights Watch.

Human Rights Watch ak lòt gwoup te ekzòte  adminitrasyon an pou li mete fen nan aplikasyon  politik ki rele “Title 42” yo itilize pou reyalize depòtasyon sa yo paske li ilegal epi yo fèt sou baz yon motif sante piblik ki se yon manti. Nan mwa Me pase a, espè medikal nan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) fè soti yon deklrasyon pou kondane politik “Title 42” a, kote yo fè konnen li manke yon jistifikasyon pou koz sante piblik ki valid.  

“Itilizasyon administrasyon Biden nan kontinye ap fè ak lwa “Title 42” a pou jistifye depòtasyon Ayisyen yo pou vini an Ayiti depaman ak bon pratik nan kesyon sante piblik ak dwa entènasyonal ki trete kesyon dwa moun,” sa se deklarasyon Parker fè. “Si Biden pa chanje pozisyon, li riske pa rive respekte pwomès li te fè pou genyen ‘yon inisyativ ki enplike tout nivo nan gouvènman an pou rezoud pwoblèm ekite rasyal la epi sipòte kominote ki resevwa mwens desèvi yo, epi redrese pwoblèm rasis sistematik ki genyen nan politik, lwa ak pwogram federal yo.’

Imaj ak videyo ki soti Del Rio ki montre ajan federal ki se prensipalman Blan ki ap tire kout fwèt byen long epi k ap chase imigran ki se Nwa raple nou epizòd moun pa souvan analize e ki twoublan nan istwa vyolans rasyal ak etnik nan peyi Etazini, kote prensipalman se patwouy fwontalye, patwouy k ap mennen esklav ak jistisye ki te konn komèt yo, deklarasyon Human Rights Watch. Eritaj diskriminasyon sa yo bay enfòmasyon sou pèsepsyon anpil moun ki nan  peyi Etazini genyen sou zak otorite ki la pou aplike lwa yo ap poze jodia. An 2019, otorite lokal yo nan Texas te rekonèt “pèsepsyon negatif” ki genyen sou aksyon y ap poze epi yo te mande padon aprè te genyen yon imaj ki t ap sikile sou entènèt la ki montre yon polisye blan ki t ap trennen ak yon kòd yon gason ki se yon Nwa li te arete e ki te gen minòt nan bra li pandan polisye yo te sou cheval yo. 

Responsab près nan palè Etazini “Mezon Blanch”, Jen Psaki, nan moman yo t ap kesyone li sou dènye imaj ki t ap soti sou fwontyè yo, te deklare, “Mwen pa kapab imajine ki kontèks ki t ap kapab jistifye yon zak konsa pou ta rann aksyon sa yo apwopriye,” pandan li refize fè kòmantè sou nesesite pou ta genyen kont ki rann pou itilizasyon ekesesif lafòs ki te fèt la.  

Sekretè pou Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas, ki te vwayaje ale Del Rio, te deklare nan medya pou di “pou asire kontwòl cheval yo, yo itilize fwèt ki long, men nou pral mennen ankèt sou sa ki pase yo pou rasire nou fason sitiyasyon an ye a, se menm jan nou konprann li ye a. Si genyen yon bagay ki diferan, n ap reponn yon fason ki apwopriye.” Aprè sa, Depatman Sekirite Enteryè anonse genyen envestigasyon disiplinè ki ap mennen sou imaj “ki te chokan anpil” yo epi li deklare Mesye Mayorkas te bay lòd pou genyen siveyans entèn sou konpòtman ajan ki nan kan imigran ki Del Rio yo.

Administrasyon Biden nan dwe fè fas epi pote solisyon parapò ak istwa rasis sismatik ki genyen nan aplikasyon lwa sou imigrasyon yo, epi revize an ijans politik diskriminasyon rasyal li a tankou lwa “Title 42” a, se deklarasyon Human Rights Watch.

“Itilizasyon lwa “Title 42” vini aprè yon long istwa trajik epi terib peyi Etazini  genyen nan anpeche epi imedyatman voye  imigran Ayisyen k ap mande azil tounen lakay yo, deklarasyon Alisson Parker. “Olye yo kontinye aplike politik bout di, ki ap fè diskriminasyon rasyal ak ilegal ki dirije kont yon gwoup moun ki an majorite se Nwa, administrasyon Biden nan dwe ak tout fòs koupe fache ak istwa sa a epi rasire li tout moun resevwa yon tretman ki egal.”

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.