Rezime
“Yo vyole nou paske se yo ki ap dirije, paske yo genyen zam, paske pa genyen pèsonn pou defann nou – pa gen lapolis ni leta.”
— Yon Viktim nan Site Solèy [1]
Josephine T., ki gen 29 ane, ak yon sè li t ap mache pou antre lakay li bò kote plizyè gason nan katye Brooklyn nan Pòtoprens nan dat 15 Avril 2023, lè yon gwoup gason ki fè pati gwoup kriminèl G9 nan zòn ki rele Kafou Lanmò te kanpe yo. Manm G9 yo te mete mesye yo sou liy epi touye kèk ladan yo avèk manchèt epi touye lòt yo ak bal. “Kriminèl yo fann kò kèk nan gason yo avan yo mete yo ansanm epi boule yo,” daprè Josephine.[2] Aprè sa yo vyole de (2) sè yo plizyè fwa. Aprè kèk èdtan lè Josephine rive lakay li, li aprann frè li ki genyen 27 ane te fè pati gason kriminèl yo te touye yo.[3]
Se pa sèlman Josephine ki viv esperyans vyolans sa a. Katye Brooklyn ki twouve li nan periferi kapital Ayiti ki se Pòtoprens souvan viktim zak tankou koupe aksè pou jwenn dlo pwòp, kouran ak swen sante depi afwontman ki eklate ant G9 ak gwoup kriminèl rival li ki se G-Pèp, an Jiyè 2022. Malgre ris ki genyen, abitan yo oblije kite katye yo pou ale chèche manje epi satisfè lòt bezwen elemantè yo genyen. De (2) gwoup yo te dakò fè yon trèv nan fen Jen an, sa ki mennen nan yon trèv ki frajil, men katye you toujou rete anba kontwòl yo epi ka vyolasyon dwa moun yo pa sispann ogmante daprè sa ki rapòte. Abitan yo toujou ap goumen pou voye pitit yo lekòl, epi genyen plizyè ladan yo ki souvan kapab manje sèlman yon fwa chak de (2) oswa twa (3) jou.
Biwo Entegre Nayonzini an Ayiti (BINUH) estime gwoup kriminèl an Ayiti yo touye plis pase 2000 moun soti Janvye pou rive Jen 2023, yon ogmantasyon 125 pousan konpare ak menm peryòd la an 2022.[4] BINUH te rapòte tou 1 014 kidnaping pandan menm peryòd la, men tou “vyòl jeneralize,” akoz gwoup kriminèl yo itilize vyolans seksyèl pou teworize popilasyon an epi demontre se yo ki ap kontwole zòn nan. Manm fanmi moun ki mouri epi ki viktim dekri soufrans yo viv oswa lòt abi yo temwen oubyen yo sibi nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan depi Janvye 2023. Anplis plizyè fòm vyolans yo sibi, pafwa yo abitye boule epi piye kay yo pou fòse moun yo kite kay yo.
Gouvènman ayisyen an pa reyisi pwoteje moun yo fas ak vyolans gwoup kriminèl yo. Pou moun ki ap viv nan zòn ki afekte yo, lapolis ak lòt otorite yo preske pa egziste.
Kòm repons, genyen kèk abitan ki itilize “jistis popilè,” pou fòme mouvman ki rele Bwa Kale ki t ap vale tèren nan fen Avril 2023. Daprè BINUH ak Sant pou Analiz ak Rechèch nan Dwa Moun (CARDH), ki se yon òganizasyon non gouvènmantal ayisyen, rive mwa Jen 2023 mouvman an ta touye 200 moun yo sispèk ki se manm gang, souvan avèk konplisite polisye, nan uit (8) sou dis (10) depatman peyi a.
Sitiyasyon sekirite ki te deja difisil vin pi mal akoz blokaj politik yo ki entansifye, disfonksyonnman sistèm jistis la ak enpinite ki genyen depi lontan fas ak vyolasyon dwa moun ki komèt. Premye Minis Ariel Henry ap kontwole tout fonksyon pouvwa egzekitif ak lejislatif yo depi asasina Prezidan Jovenel Moïse an 2021, epi li pa te rive jwenn yon konsansis avèk aktè politik yo pou reyalize yon tranzisyon demokratik. Daprè enfòmasyon ki disponib, pa te genyen okenn pouswit oswa moun ki te kondane ki te enplike nan touye moun, kidnaping ak vyolans seksyèl ki te komèt depi kòmansman ane a.
Pandan tan sa, Nasyonzini estime genyen preske mwatye nan popilasyon total Ayiti a ki se 11.5milyon moun ki twouve yo nan ensekirite alimantè grav. Plis pase 19 000 moun ki ap viv nan Site Solèy, yon komin nan Pòtoprens ki te konnen yon sitiyasyon grangou katastwofik nan fen ane 2022 a, yon sitiyasyon ki anrejistre pou premye fwa an Ayiti epi nan Amerik la. Kounya Ayiti se youn nan peyi ki gen kominote ki plis riske tonbe nan gwo grangou, menm jan ak Afghanistan, Burkina Faso, Mali, Somali, Sid Sudan, Sudan, ak Yemen. Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO) ak Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) te mete Ayiti nan lis kote “nivo preyokipasyon an pi wo” nan kesyon ensekirite alimantè pandan peryòd soti Jen pou rive Novanm 2023.[5]Mete sou sa, genyen preske 5.2 milyon moun ki bezwen aktyèlman yon asistans imanitè.
Preske 195 000 ayisyen deplase anndan peyi a akoz vyolans depi 2022, epi anpil lòt kite peyi a, pafwa nan fè vwayaj ki danjere pou lavi yo nan espwa y ap jwenn sekirite pi devan. Nan premye mwatye ane 2023, genyen plis pase 73 000 moun yo te fòse tounen Ayiti, pafwa nan kondisyon kote dwa yo vyole, pi fò nan yo soti nan Repiblik Dominiken ak Etazini, malgre nivo ris la te elve pou lavi ak entegrite fizik yo.
Rapò sa dokimante kèk nan vyolasyon gwoup kriminèl sa yo komèt nan kat (4) komin ki nan rejyon metwopoliten Pòtoprens—Kabarè, Site Solèy, Kwadèboukè ak Pòtoprens li menm—soti janvye pou rive Avril 2023. An total, Human Rights Watch dokimante 67 asasina, pami yo asasina 11 timoun ak 12 fanm, epi 23 ka vyòl, pami yo 19 ka kote viktim yo te sibi vyòl kolektif anba men plizyè agresè. Chif sa yo sèlman konsidere ka kote Human Rights Watch te entèvyouve viktim oswa manm fanmi yo ak lòt temwen, men se pa ka lòt òganizasyon rapòte. Anpil nan moun Human Rights Watch te entèvyouve yo te fòse kite kay yo depi dènye epizòd vyolans yo.
Rapò sa baze sou entèvyou ki te fèt avèk 127 moun, avan, pandan epi aprè Human Rights Watch te vizite Ayiti nan fen Avril epi kòmansman Me 2023. Pami moun ki te patisipe yo genyen 58 viktim ak temwen vyolans, yo tout te entèvyouve an pèsonn an Ayiti, menm jan ak manm sosyete sivil la, òganizasyon dwa moun ak gwoup ki nan dyaspora a, reprezantan Nasyonzini ak lòt ajans imanitè, aktè politik ayisyen ak responsab nan gouvènman an, pami yo Premye Minis Henry ak dirijan entènasyonal ki ap travay sou Ayiti. Mete sou sa, Human Rights Watch te analize done ak rapò Nasyonzini, òganizasyon entènasyonal nongouvènmantal, gwoup nan sosyete sivil ayisyen an ak medya yo te pibliye.
Human Rights Watch te verifye tou 15 videyo, 5 foto zak vyolans epi li te itilize imaj satelit pou jeyolokalize kèk videyo kle ki te fèt sou kèk ka espesifik ki te pase nan rejyon metwopoliten Pòtoprens.
Kèk nan abi ki pi flagran yo te komèt anndan epi sou kote zòn Brooklyn nan Site Solèy, kote Josephine ap viv. Soti mitan Mas 2023, afwontman te eklate ant de (2) prensipal kowalisyon kriminèl, G-Pèp, ki nan moman rapò sa ap ekri a kontwole Brooklyn, epi alyans G9, ki kontwole tout katye ki anviwonnen yo epiki ap tante etann li pou pran kontwòl Brooklyn. G9 te bloke tout wout ki soti Brooklyn, sof Kafou Lanmò. Manm li yo te pozisyone yo la, epi pandan yon mwa edmi kote te genyen vyolans estrèm soti mitan mwa Mas pou rive fen Avril, te ap tire regilyèman, touye epi vyole moun ki abite Brooklyn ki ap eseye ale nan sant vil la oswa retounen lakay yo. Pifò nan vyolans yo fèt nan yon zòn ki rele Dèyè Mi. Okenn nan viktim ki soti Brooklyn ki te pase entèvyou ak Human Rights Watch yo pa te denonse abi yo piblikman, devan lapolis oswa depoze plent devan tribinal paske yo te pè reyaksyon ki kapab genyen epi yo pa genyen konfyans ni yo pa genyen aksè a otorite lajistis yo.
Batay vyolan pou kontwole zòn yo — ki jwenn sipò elit yo epi ki alimante akoz enterè ekonomik ak elektoral gwoup kriminèl ki nan zòn nan genyen — redui anpil kapasite abitan Brooklyn pou jwenn aksè a sèvis esansyèl yo ak pwodui premye nesesite yo, paske mache, sant sante yo fèmen. Preske tout viktim ak temwen ki soti Brooklyn yo di yo ap konnen gwo defi chak jou pou jwenn manje pou fanmi yo epi yo ap viv nan mitan dlo sal, akoz fatra ki ap monte nan kanal ki la pou drene dlo sal yo pase nan katye a pou ale nan lanmè a. G9 koupe kouran sa fè preske de (2) ane epi yo pa otorize kamyon dlo fè livrezon oswa pèmèt moun ki ap fè asenisman yo antre nan Brooklyn pandan afwontman yo. Gen moun kay yo te boule pandan afwontman yo ki ap goumen pou jwenn yon kote pou yo dòmi lannwit.
Genyen yon òganizasyon kominotè ki ap travay an Brooklyn ki dokimante ka 100 moun yo touye men tou 100 epizòd vyolans seksyèl, pandan yon peryòd sèt (7) semenn an Mas epi an Avril 2023. Depi Me, se sèlman kèk ka abi izole ki te rapòte nan Kafou Lanmò ak Dèyè Mi, men vyolans yo kontinye nan lòt pati nan Broooklyn akoz atak manm G9 yo ki toujou ansèkle katye a.
Ayiti siyen prensipal trete sou dwa moun yo, pami yo Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik (PIDCP) ak Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun, ki pwoteje dwa, a lavi, entegrite fizik ak libète pami lòt ankò. Otorite ayisyen yo gen obligasyon pou pwoteje dwa sa yo reyèlman, nan pran bon jan mezi pou pwoteje moun yo kont menas pou lavi yo ki rezonabman previzib ki kapab soti bò kote aktè ki pa nan leta, tankou kriminèl ak krim òganize a.
Nan fen ane 2022, Premye Minis Henry te mande kominote entènasyonal la pou deplwaye yon fòs ame espesyalize pou asiste Polis Nayonal Dayiti pou li rezoud pwoblèm ensekirite nan peyi a. Sekretè-jeneral Nasyonzini an te fè menm apèl la tou. Aprè plizyè mwa yo pa poze okenn aksyon, Konsèy Sekirite Nasyonzini an, nan dat 14 Jiyè 2023, te bay secrete-jeneral la 30 jou pou li prezante yon lis opsyon, ki defini posiblite ki genyen pou konstitye yon fòs miltinasyonal, operasyon pou retabli lapè, oswa lòt repons entènasyonal. Jou ki te 29 Jiyè a, peyi Kenya te anonse li ta “anvizaje pozitivman” pran tèt yon fòs miltinasyonal an Ayiti epi deplwaye 1 000 polisye pou “ede fòme epi asite polis ayisyen an pou retabli nòmalite nan peyi a epi pwoteje enfrastrikti estratejik yo.”
Preske tout reprezantan sosyete sivil ayisyen an ak viktim abi ki te patisipe nan entèvyou avèk Human Rights Watch te deklare sitiyasyon an tèlman deteryore radikalman, nan ka sa li nesesè pou genyen yon repons entènasyonal ki pote pou restore sekirite minimòm ak eta dedwa epi garanti tout Ayisyen genyen aksè a pwodui premye nesesite yo. Anpil nan yo te di yo pa te janm sonje nan vi yo, sitiyasyon sekirite a te katastwofik nan pwen sa, ni nivo grangou ak povrete a pa te janm rive nan pwen estrèm konsa.
Kèk reprezantan sosyete sivil la te di Human Rights Watch kapab genyen bon jan chanjman sèlman si yo mete kanpe yon nouvo gouvènman tranzisyon ki pi lejitim, ideyalman ki gen teknokrat nan tèt li epi ki pa genyen relasyon avèk gwoup kriminèl men tou ki pa pral kandida nan pwochen eleksyon yo. Yo te fè konnen tou deplwaman yon fòs entènasyonal nan peyi a pa ta dwe an reyalite yon fason pou sipòte Premye Minis Henry, yon moun yo wè ki ap dirije yon gouvènman ilejitim, kowonpi ki genyen relasyon prezime avèk gwoup kriminèl, epi sipòte gwoupman politik ki ap akonpanye li sou pouvwa a.
Anpil nan yo souliye enpak eritaj esklavaj, kolonizasyon, rasis, politik anti-Nwa, dèt fòse ak povrete kontinye genyen. Yo avèti pou di, anplis prejidis istorik ak abi ki te komèt dirèkteman oswa endirèkteman pandan entèvansyon puisans ak enstitisyon etranje, anpil peyi Oksidantal ak Nasyonzini kapab toujou genyen gwo enpak sou ekonomi ak politik la an Ayiti.
Depi kòmansman 19e syèk, lè Etazini, Lafrans ak lòt peyi te refize rekonèt endepandans Ayiti pou pwoteje pwòp enterè esklavajis yo, peyi a t ap soufri anba okipasyon vyolan ak enjerans nan kontwòl finans piblik ak pwosesis politik li yo, ak yon dèt fòse. Ayisyen nan mwatye 20e syèk te andire preske 30 ane diktati ki te genyen kòm karakteristik vyolans, koripsyon ak vyolasyon dwa moun, anba men rejim ki te resevwa sipò Etazini ak Lafrans. Nan ane 2000 yo, sòlda lapè Nasyonzini te responsab zak esplwatasyon ak agresyon seksyèl sou fanm ak tifi, ak yon epidemi mòtèl kolera, moun kapab etabli, an pati, lyezon li genyen avèk epidemi kolera ki nan peyi a aktyèlman.
Menm si pifò moun ki te nan entèvyou yo di li nesesè jodia pou genyen yon fòs entènasyonal kèlkonk pou sipòte polis nasyonal Dayiti a pou rezoud vyolans yo, yo fè konnen tou dwe genyen mezi ki adopte pou evite repete prejidis ki te koze nan tan pase yo epi pou sipòte egzekisyon yon pwosesis reparasyon kote se Ayisyen ki ap dirije li.
Human Rights Watch mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou li pran apèl sa yo an konsiderasyon, epi si li otorize deplwaman konsansyèl yon fòs entènasyonal an Ayiti, rasire li fonde sou pwotokòl dwa moun ki klè epi li genyen ase finansman ak mekanis sipèvizsyon ki solid. Mete sous a, dwe genyen mezi ki fò pou rasire yo genyen redisyon kont ki ap gen patisipasyon gwoup nan sosyete sivil la, men tou pote asistans imanitè ak lòt sèvis elemantè yo pou moun ki nan bezwen.
Human Rights Watch mande tou Etazini, Kanada ak lidè rejyonal yo tankou manm Kominote Karayibeyen an (CARICOM), ak lòt gouvènman yo pou sipòte jefò pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon ki ap gen pou travay nan retabli yon eta dedwa kote dwa mou nap respekte epi pèmèt tout Ayisyen genyen aksè a pwodui premye nesesite yo, jiskaske genyen eleksyon demokratik ki kapab founi baz pou fòme yon gouvènman regilye.
Dwe genyen aksyon ki poze pou rezoud nivo vyolans estrèm, mank sekirite ak enpinite preske total ki genyen an, epi santiman laterè, laperèz, grangou ak abandon ki vizib lakay anpil Ayisyen jodia.
Kat
Administrativman, Ayiti divize an 10 depatman, ki yo menm sibdivize an Awondisman, yo chak genyen plizyè komin. Sou bò pa yo, komin yo divize an seksyon kominal, epi seksyon yo genyen plizyè katye ki fòme yo.[6]
Daprè òganizasyon imanitè entènasyonal ak òganizasyon dwa moun ki ap travay an Ayiti, estrikti administratif sa a kapab varye epi kapab genyen sibdivizyon adisyonèl oswa ki diferan nan kèk kote, kòm egzanp nan zòn kote ki gen anpil moun oswa nan gwo komin yo, kote abitan yo souvan fè referans a sibdivizyon ki pote non “rejyon” pou idantifye kèk zòn espesifik.
“Rejyon metwopoliten Pòtoprens” lan fè referans ak rejyon ki genyen ladan li komin ki gen kapital la ki se Pòtoprens, ak zòn ki anviwonnen li yo, pami yo pou pi piti sèt (7) komin (Site Solèy, Kwadèboukè, Kabarè, Petyonvil, Delma, Kafou ak Taba) ki konekte youn ak lòt epi ki genyen yon popilasyon total ki estime a 3 milyon moun.[7]
Leksik
BINUH: Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti,
CARDH: Sant Analiz ak rechèch nan kesyon dwa mouns de l’homme,
CARICOM: Kominote Karayibeye
CERP: Sant pou Rechèch nan Ekonomi ak Politik
EU: Inyon Ewopeyen
FAO: Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti
MINUJUSTH: Misyon Nasyonzini pou Apiye Lajistis an Ayiti
MINUSTAH: Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon an Ayiti
MSF: Medsen San Fwontyè
OCHA: Biwo Nasyonzini pou Kòdinasyon Zafè Imanitè
OHCHR: Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun,
RNDDH: Rezo Nasyonal Pou Defann Dwa Moun,
UN: Nasyonzini
UNHCR: Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Refijye
UNDP: Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD)
US: Etazini
WOLA: Biwo Washington pou Amerik Latin
WFP: Pwogram Alimantè Mondyal (PAM)
WHO: Òganizasyon Mondyal Sante (OMS)
Rekòmandasyon
Pou Sekretè-Jeneral Nasyonzini an
- Rasire li BINUH, nan aktivite li yo, sipòte jefò pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon, atravè resous teknik ak finansye li ap bay epi nan ranfòse entèraksyon ant reprezantan sosyete sivil ayisyen ak aktè politik yo (pami yo opozisyon an) epi pran an kont pwopozisyon yo genyen.
- Rasire yo Wo Konsèy Nasyonzini sou Dwa Moun, BINUH, ak lòt ajans Nasyonzini yo sipòte jefò pou mete kanpe yon mekanis kontwòl pou Polis Nasyonal Dayiti, anba otorite tranzisyon an, avèk objektif pou idantifye, ankete epi si sa nesesè, pouswiv polisye ki enplike nan vyolasyon dwa moun, koripsyon, epi ki nan sipòte gwoup kriminèl oubyen lòt krim.
- Rasire yo Wo Konsèy Nasyonzini sou Dwa Moun ak lòt ajans Nasyonzini yo travay pou founi fòmasyon ak sipò teknik bay yon echantiyon jij enstriksyon, komisè gouvènman ak jij ki espesyalize nan rediksyon kont– tankou pou krim gwoup kriminèl vyolan ak polisye, politisyen komèt epi tou pou moun ki ap sipòte yo– nan pèspektiv pou ale nan refòm sistèm jistis la.
- Sipòte aplikasyon mezi pou rezoud pwoblèm imanitè a ak twòp moun ki genyen nan prizon yo, prensipalman paske gen moun ki nan detansyon pwovizwa pandan yon peryòd ki long epi pou genyen prizon pou resevwa manm gwoup kriminèl yo pou responsablite prezime yo nan komèt vyolasyon ki grav, ansanm avèk moun ki ap sipòte yo, nan bon kondisyon sekirite epi ki respekte dwa moun.
- Sipòte jefò pou asire yo moun ki arete oswa ki nan detansyon pou enplikasyon prezime yo nan zak kriminèl benefisye pwosedi ki respekte dwa moun, avan jijman an, tankou genyen aksè a yon avoka epi kote retire libète moun sa dwe dènye rekou ki genyen an; yon sant detansyon pwovizwa ki respekte dwa moun epi ki fonksyonèl; yon pwosedi penal ki respekte dwa moun tankou genyen dwa a yon kontwòl jidisyè; epi yon prizon ki fonksyonèl, ki ranpli kondisyon aseptab pou moun viv.
- Sipòte jefò pou founi swen sante espesyalize ki konsidere twomatis moun yo sibi, asistans legal ak sipò sikososyal pou viktim vyolans seksyèl, menm pandan pwosedi penal yo, atravè sipò y ap bay òganizasyon ayisyen yo.
- Travay avèk gouvènman tranzisyon an pou egzekite pwogram espesyalize nan kad dezameman, demobilizayon ak reyentegrasyon sosyal ak ekonomik moun ki te asosye avèk gwoup kriminèl vyolan yo, kote yo ap pote yon atansyon espesyal sou sipò y ap bay timoun ki te asosye avèk gwoup sa yo pandan y ap konsidere twomatis yo sibi.
- Aplike metodikman Politik sou Devwa Vijilans yo nan kad tout koperasyon ki ap planifye pou fèt avèk Polis Nasyonal Dayiti ak lòt fòs sekirite ki nan peyi a.
Pou Konsèy Sekirite Nasyonzini an
- Reponn a demann otorite Ayisyen ak sekretè-jeneral Nasyonzini an nan otorize an ijans deplwaman konsansyèl yon fòs entènasyonal, ki konpoze prensipalman avèk polisye, sipòte jefò Polis nasyonal Dayiti ap fè pou restore minimòm sekirite. Fòs la dwe gen manda pou patwouye epi sekirize prensipal wout ki bay aksè yo, pou asire transpò manje ak èd imanitè epi pou pèmèt abitan yo sikile nan tout libète; sekirize zòn kle tankou pò, ayopò, tribinal ak lopital epi pèmèt popilasyon an jwenn sèvis; bay otorite ayisyen asistans teknik, lojistik ak nan domenn entèlijans pandan y ap chèche ankete, arete epi pouswiv chèf gwoup kriminèl ki ap komèt abi yo epi moun ki ap sipòte gwoup sa yo atravè pwosedi ki respekte dwa moun, tankou nan kreye kondisyon pou pèmèt gwoup sa yo remèt zam yo an tout sekirite. Konsèy Sekirite a dwe tou:
- Egzije kreyasyon yon mekanis endepandan, kote gwoup nan sosyete sivil la ap enplike ladan, pou kontwole epi fè rapò sou konpòtman ak pèfòmans fòs entènasyonal la. Mekanis sa dwe genyen yon plan pou fè piblik ayisyen an konnen egzistans li; li dwe genyen pwosedi pou piblik la pote plent ki aksesib, konfidansèl epi endepandan; yon branch envestigasyon endepandan ki oryante sou aspè ‘jan’an; ak pwosedi pou pataje prèv yo avèk sistèm jistis lòt peyi pou pi byen rasire yo ap genyen redisyon kont nan peyi orijin ajan ki komèt vyolasyon kòd konduit Nasyonzini yo.
- Ensiste sou atant lidèchip fòs la genyen ki pa pral tolere okenn move konpòtman, tankou esplwatasyon ak abi seksyèl fòs la ta komèt; lidèchip fòs la pral mennen ankèt rapid sou tout akizasyon move konduit; epi li pral trete yon fason apwopriye tout pwoblèm move konduit ki konfime.
- Raple Nasyonzinili dwe aplike estrikteman Politik sou devwa vijilans nan kesyon Dwa Moun epi pou yo sispann kolabore avèk inite oswa chèf nan nan fòs entènasyonal oubyen Polis Nasyonal Dayiti ki te klèman enplike nan vyolasyon grav dwa moun oswa ki te enplike nan sipòte gwoup kriminèl.
- Mande ak enstitisyon Ayisyen yo pou fè gwo jefò ki konsantre sou ankete epi pouswiv prensipal responsab gwo krim vyolan ki komèt yo; rezoud enpas politik peyi a ap konnen an epi fasilite fòmasyon yon gouvènman tranzisyon; asire livrezon èd imanitè ijan yo fèt nan tout sekirite epi asire lòt sèvis debaz yo; frennen sikilasyon zam ak minisyon ki prale jwenn gwoup kriminèl yo; epi founi travay, edikasyon, ak lòt opòtinite pou moun ki nan kominote ki te anba kontwòl gwoup kriminèl vyolan yo.
- Pwolonje anbago zam ki egziste a pou rive nan entèdiksyon tout transfè zam ak materyèl sou teritwa ayisyen an, sof pou Polis Nasyonal Dayiti, depi li mete kanpe yon mekanis kontwòl pou asire livrezon yo epi anpeche detounman fèt.
- Mande Gwoup Espè yo pou pwodui yon rapò espesifik pou idantifye enstitisyon ak eta ki vyole oswa kontounen anbago sou zam nan, pandan li ap konsantre li plis sou transfè zam lejè yo.
- Enpoze lòt sanksyon sible, tankou entèdiksyon pou vwayaje ak jele fon, sou tout moun ki responsab zak touye moun, kidnaping, vyolans seksyèl ak lòt vyolasyon grav, menm jan tou pou aktè Ayisyen ak etranje sa yo ki responsab nan sipòte gwoup kriminèl vyolan yo.
- Egzije yon rapò regilye chak 30 jou nan men sekretè-jeneral Nasyonzini an sou sitiyasyon ki genyen an Ayiti a.
- Mande an ijans Reprezantan Espesyal Sekretè-Jeneral sou vyolans seksyèl nan konfli, pou genyen yon seyans enfòmasyon sou Ayiti; epi pou deplwaye imedyatman yon konseye prensipal pou pwoteksyon fanm ki ap gen pou travay tèt kole avèk BINUH, Wo Konsèy Nasyonzini sou Dwa Moun ak lòt ajans Nasyonzini yo.
Pou tout Gouvènman, Enstitisyon ak Donatè ki konsène
- Sispann sipòte aktè politik an Ayiti ki ta gen reponsablite prezime nan sipòte gwoup kriminèl. Sipòte, atravè resous teknik ak finansye, jefò pou fasilite mete kanpe yon gouvènman tranzisyon pou restore minimòm sekirite epi garanti respè dwa fondamantal moun, retabli eta dedwa, epi pèmèt tout Ayisyen genyen aksè a pwodui premye nesesite yo, jiskaske genyen fòmasyon yon gouvènman regilye sou baz eleksyon demokratik.
- Mande pou genyen deplwaman konsansyèl yon fòs entènasyonal ki baze sou pwotokòl dwa moun ki klè, pou li genyen finansman apwopriye ak mekanis siveyans solid, epi kote ap genyen bon jan mezi pou garanti genyen redisyon kont, frennen sikilasyon zam ak minisyon pou ale jwenn gwoup kriminèl vyolan yo, epi founi èd imanitè ak lòt sèvis debaz yo, edikasyon ak travay nan zòn ki te plis afekte akoz aktivite gwoup kriminèl yo.
- Sipòte jefò gouvènman tranzisyon an ak fòs entènasyonal la ap fè pou efektivman demantle gwop kriminèl yo ak rezo kriminèl yo genyen, lè yo rasire yo moun ki responsab zak touye moun, vyolans seksyèl, kidnaping nan yon nivo elve epi ki pote sipò bay gwoup kriminèl yo rann kont atravè pwosedi ki respekte dwa moun. Pami yo, dwe genyen jefò gouvènmen etranje yo ap fè pou analize epi amelyore aksyon y ap poze lakay yo pou panche sou relasyon ki ta genyen nan pwòp peyi yo avèk gwoup kriminèl ki ap opere an Ayiti.
- Rasire yo politik ak mezi imigrasyon yo konfòm avèk dwa entènasyonal sou dwa moun, an patikilye avèk prensip non refoulman an, epi kote mezi ak politik sa yo egziste, kite yo an plas epi akselere aplikasyon mezi sa yo yo pou pwoteje Ayisyen yo.
- Tout gouvènman, patikilyèman Repiblik Dominiken, Etazini, Bahamas ak Kiba, dwe sispann mete deyò, espilse oswa depòte moun an Ayiti toutotan kondisyon vyolans ak lòt kondisyon esepsyonèl ki reprezante yon ris reyèl pou pou genyen prejidis grav ki komèt. Mezi pou sispann retou sa yo dwe pran an konsiderasyon timoun ki fèt aletranje ki ap fè fas ak gwo ris vyolans an Ayiti epi ki pa genyen aksè reyèl a pwoteksyon oswa jistis.
- Anvizaje founi yon èd imanitè adisyonèl an ijans bay Ayiti, patikilyèman pou rive ranfòse fonksyonnman ajans imanitè yo pou garanti Ayisyen kapab resevwa aistans nan tout libète epi genyen aksè a sèvis debaz yo pandan gouvènman tranzisyonan ap mete an plas yon plan asistans dirab pou moun ki nan nesesite yo. Rasire yo genyen mezi ki ap aplike oswa amelyorasyon ki pote pou anpeche esplwatasyon seksyèl fèt nan moman yo ap founi tout sèvis ak asistans yo.
Pou Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyen
- Enpoze, fè aplike totalman, aktyalize kontinyèlman epi adopte lòt sanksyon sible, tankou entèdiksyon vwayaj, jele fon kont tout moun ki responsab zak touye moun, kidnaping, vyolans seksyèl ak lòt abi grav, menm jan pou aktè ayisyen ak etranje ki responsab nan sipòte gwoup kriminèl vyolan, si nesesè, adapte mezi sa yo parapò ak evolisyon sitiyasyon an nan peyi Dayiti.
- Adopte mezi ki fò pou frennen trafik ak vant ilisit zam ak minition bay gwoup kriminèl ki ap opere an Ayiti.
Pou Etazini ak Lafrans
- Rekonèt klèman responsablite Etazini ak Lafrans genyen nan prejidis ak abi istorik yo komèt ki kontinye genyen enpak jodia, avèk garanti sa p ap repete ankò, epi pou yo travay nan elaborasyon yon pwosesis reparasyon efikas e sensè kote se Ayisyen ki ap dirije li.
Pou Manm Kominote Karayibeyen yo (CARICOM)
- Kontinye sipòte negosyasyon politik nan mitan reprezantan sosyete sivil ayisyen an, aktè politik ak responsab gouvènman an pou rive mete kanpe yon gouvènman tranzisyon ki ap gen pou travay pou restore minimòm sekirite epi garanti respè dwa fondamantal moun genyen, retabli eta dedwa, epi pèmèt tout ayisyen genyen aksè a pwodui premye nesesite yo.
- Adopte mezi pou kanpe sou sikilasyon ak vant ilisit zam ak minisyon bay gwoup kriminèl ki ap opere an Ayiti, men tou nan ranfòse kontwòl nan trafik ki ap fèt sou lanmè epi nan pò yo.
Pou Administrasyon Premye Minis Ariel Henry a
- Pran bon jan angajman epi an ijans bò kote gwoup sosyal ayisyen ak aktè politik yo pou elabore yon solisyon a kriz militidimansyonèl peyi a ap konnen an kote objetif yo byen defini avek yon kalandriye byen detaye.
- Sipòte yon pwosesis ki pral pèmèt gouvènman tranzisyon an fòme, retabli minimòm sekirite epi garanti respè dwa fondamantal moun genyen, retabli eta dedwa, pèmèt tout ayisyen genyen aksè a pwodui premye nesesite yo nan tout sekirite epi san fòs kote epi òganize eleksyon demokratik pou etabli yon gouvènman regilye.
- Travay pou garanti tout Ayisyen genyen aksè a sèvis debaz yo—tankou sèvis santé, jistis ak reparasyon pou viktim vyolans seksyèl—rasire yo pa bliye moun ki ap viv nan zòn ki anba kontwòl gwoup kriminèl yo.
- Sipòte jefò pou sanksyone epi atravè pwosedi ki respekte dwa moun, fè moun ki responsab yo rann kont pou zak touye moun, vyolans seksyèl, kidnaping yo komèt nan yon nivo elve– tankou atak nan Site solèy, Sous Matla, Bèlè ak Kwadèboukè ki dokimante nan rapò sa– menm jan ak moun ki te sipòte gwoup kriminèl vyolan sa yo.
- Pa penalize timoun yo te fòse antre nan aktivite gwoup kriminèl yo epi sipòte mezi ki vize reyabilitasyon ak reyentegrasyon timoun sa yo.
- Rezoud an ijans kriz ki genyen nan sistèm jistis la, tankou nan relokalize tribinal yo nan zòn ki gen sekirite, asire sekirite responsab jistis ki ap sibi menas, amelyore kondisyon nan prizon yo epi amelyore an ijans aksè pou tout Ayisyen kapab jwenn jistis.
- Mete deyò polisye ki ap komèt abi oubyen ki kowonpi nan fòs polis la epi nan sistèm jistis la.
- Travay avèk fòs entènasyonal la (si li deplwaye), Polis nasyonal la, ak patnè entènasyonal yo pou restore minimòm sekirite nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan, menm jan ak lòt pati nan peyi a ki ap konnen pwoblèm ensekirite.
- Travay avèk ajans Nasyonzini ak donatè yo pou founi asistans a moun ki deplase anndan peyi akoz vyolans epi katastwòf natirèl.
- Travay avèk ajans Nasyonzini ak donatè yo pou mete kanpe yon pwogram global pou reyentegrasyon rapatriye pou moun ki te deja sibi espilsyon, oswa depòtasyon pou vini an Ayiti, yon pwogram ki ap reponn a bezwen espesifik yo genyen, tankou travay, sekirite ak reyinifikasyon familyal, sèvis pou moun ki viktim vyolans ki baze sou ‘jan’, ep sipòte timoun yo pandan y ap konsidere sa ki pi bon pou yo aprè evalyasyon.
- Meta kanpe yon dyalòg avèk gouvènman Repiblik Dominiken an pou rezoud pwoblèm tretman y ap bay Ayisyen ak desandan yo epi egzekite pwogram asistans pou moun ki afekte yo.
Metodoloji
Nan kad rechèch li reyalize pou rapò sa, Human Rights Watch te entèvyouve 127 moun, avan, pandan epi aprè yon vizit li te fè an Ayiti soti 27 Avril pou rive 5 me 2023. Entèvyou yo te fèt an Anglè, Fransè epi an Kreyòl avèk sipò tradiktè ayisyen ak travayè imanitè ak dwa moun. Genyen lòt reyinyon ki te fèt nan Washington, D.C. avèk kèk gwoup nan dyaspora a epi reprezantan gouvènman ayisyen ak ameriken soti Mas pou rive mwa Jen.
Pami moun ki te pase entèvou yo te genyen 58 viktim ak temwen divès fòm vyolans, moun ki blese ak paran moun ki mouri oswa ki viktim vyolans seksyèl, yo tout te an Ayiti nan moman entèvyou a. Nou te entèvyouve tout reprezantan gwoup nan sosyete sivil ayisyen an, kowalisyon politik, òganizasyon defans dwa moun ak òganizasyon kominotè ki ap travay an Ayiti, manm dyaspora a; reprezantan òganizasyon non gouvènmantal entènasyonal, Nasyonzini ak lòt espè. Nou te rankontre reprezantan gouvènman ayisyen an, prensipalman Premye Minis Ariel Henry ak Anbasadè Léon Charles, ki se reprezantan pèmanan Ayti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), men tou avèk komisè gouvènman epi jij.
Human Rights Watch te analize done epi rapò Nasyonzini, gouvènman Etazini ak Kominote Karayibeyen yo (CARICOM), ONG entènasyonal, gwoup nan sosyete sivil ayisyen an ak dyaspora epi medya yo te pibliye.
Mete sou sa, nou te itilize imaj satelit pou jeyolokalize uit (8) videyo ki te pataje sou rezo sosyal yo ki te montre atak ki te fèt nan mouvman Bwa Kale a, prensipalman nan rejyon metwopoliten Pòtoprens. Nou te verifye tou 12 videyo ak foto ki montre sitiyasyon imanitè katastwofik popilasyon ayisyen an ap fè fas nan rejyon Potoprens lan.
Dokimantasyon nou fè sou moun yo te touye ak epizòd vyolans seksyèl baze prensipalman sou enfòmasyon viktim oswa manm fanmi yo epi temwen evennman yo bay, ki kwaze ak enfòmasyon òganizasyon entènasyonal ak ayisyen ki ap defann dwa moun ak òganizasyon kominotè yo kolekte. Akoz gwoup kriminèl ki boule kò plizyè viktim, epi akoz aksè limite a swen sante epi ak absans yon sistèm jistis ki ap fonksyone, li te difisil pou jwenn dosye medikal yo, rapò otopsi oswa sètifika desè. Pifò viktim ak temwen Human Rights Watch te poze kesyon yo pa te genyen aksè a yon disponiblite telefòn entèlijan oswa yo te twò pè itilize yo pou anrejistre vyolans ak abi yo, sa ki limite foto ak videyo yo.
Human Rights Watch te entèvyouve tou espè ak analis ayisyen ak entènasyonal nan domenn sekirite, responsab dwa moun, ak reprezantan gouvènman sou pwòp rechèch y ap fè sou relasyon prezime ki genyen ant gwoup kriminèlyo ak elit politik, ekonomik ak sekiritè peyi a. Nou pa te kapab verifye nan tout endepandans deklarasyon ki te fèt sou lyezon ki ta genyen yo.
Human Rights Watch te idantifye viktim ak temwen vyolans yo avèk sipò òganizasyon kominotè ak òganizasyon ayisyen ak entènasyonal ki ap defann dwa moun. Nou te vizite tou yon lopital nan Pòtoprens.
Human Rights Watch te itilize fo non pou pifò nan moun ki te entèvyouye yo, paske yo te mande pou genyen konfidansyalite paske yo pè reprezay ki kapab genyen aprè.
Human Rights Watch te enfòme tout patisipan yo sou objektif entèvyou a, ki gen yon nati volontè, epi sou fason enfòmasyon yo t ap kolekte epi pataje yo piblikman. Moun ki ap poze kesyon yo te asire patisipan yo sou kapasite yo genyen pou fini entèvyou a nenpòt moman oswa chwazi pa reponn nenpòt kesyon, san okenn konsekans negatif. Tout moun ki te pase entèvyou yo te bay konsantman yo vèbalman epi, nan ka kote yo te anrejistre temwayaj yo, yo te bay yon konsantman ekri.
Entèvyou yo te estriktire a mwatye epi yo te fèt sou sijè ki gen rapò ak abi gwoup kriminèl yo te komèt, ak sitiyasyon imanitè a, kontèks politik, jidisyè ak sekiritè a, epi tou sou repons entènasyonal la.
Okenn nan moun ki te patisipe yo pa te resevwa konpansasyon paske yo te bay enfòmasyon. Human Rights Watch te sèlman bay yon èd finansyè pou transpò ak manje pou moun ki te ap patisipe ki te bezwen sa, atravè òganizasyon defans dwa moun ak òganizasyon kominotè ki te ede lokalize yo. Nou te oryante tou plizyè viktim vyolans seksyèl nan yon lopital kote yo kapab resevwa swen medikal gratis, epi nou te peye frè transpò ki te prevwa yo. Nou te pran prekosyon avèk moun ki te sibi twomatis yo pou nou redui ris pou yo pa twomatize plis toujou pandan y ap rakonte istwa yo.
Human Rights Watch te ekri Polis Nasyonal Dayiti, Minis Jistis la ak Premye Minis Henry nan dat 12 Jiyè, kote nou dekri denonsyasyon ki fèt sou inaksyon lapolisi pandan oswa konplisite li nan vyolans ki fèt pandan atak nan Kabarè epi nan Komin Pòtoprens yo epi vyolans gwoup otodefans moun konnen sou non mouvman Bwa Kale yo te komèt. Nan moman nou ap ekri rapò a, nou pa te resevwa okenn repons.
Obsèvatè Ayisyen ak entènasyonal yodekri moun ki responsab abi Human Rights Watch dokimante nan rapò sa kòm manm gang, gwoup ame oswa gwoup kriminèl vyolan. Nan kad rapò sa nou itilize tèm gwoup kriminèl oswa gwoup kriminèl vyolan.
I. Monte Ensekirite a
Sitiyasyon sekiritè a deteryore an Ayiti radikalman pandan gwoup kriminèl yo ap etann kontwòl yo genyen sou teritwa a, komèt vyolasyon dwa moun ki grav epi pètibe lavi sosyal ak ekonomik Ayisyen yo. Sa mennen Ayisyen yo nan yon fòm mouvman otodefans, sa ki pral pi devan agrave espiral vyolans otorite te deja pa te kapab rezoud. Abi Human Rights Watch te dokimante nan kat (4) komin nan rejyon metwopoliten Pòtoprens reprezante e vyolasyon grav dwa entènasyonal nan kesyon dwa moun ki ta sipoze gen ankèt ak pouswit ki fèt sou yo atravè pwosedi jidisyè li kredib epi san fòs kote.
Nòm Jiridik ki Aplikab
Ayiti siyen prensipal trete sou dwa moun yo, pami yo Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik (PIDCP) ak Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun, ki pwoteje dwa, a lavi, entegrite fizik ak libète pami lòt. Otorite ayisyen yo gen obligasyon pou pwoteje dwa sa yo reyèlman, tankou nan pran bon jan mezi pou pwoteje moun yo kont menas pou lavi yo ki rezonabman previzib ki ka soti bò kote aktè ki pa nan leta, pami yo gwoup kriminèl ak krim òganize.[8]
Touye moun, Vyolans Seksyèl, ak Kidnaping, se zak Gwoup Kriminèl yo ap komèt
Nasyonzini te estime genyen preske 300 gwoup kriminè ki ap opere an Ayiti, mwatwaye ladan yo twouve yo nan depatman Lwès ki genyen ladan li kapital la ki se Pòtoprens ak rejyon metwopoliten an, kote you touye plis pase 2000 moun pandan premye mwatye ane 2023 a,yon ogmantasyon preske 125% konpare avèk premye mwatye ane 2022. Genyen sis san (600) moun yo te touye jis pou mwa Avril.[9]
Pifò moun sa yo jwenn lanmò yo nan komin ak katye ki anba kontwòl gwoup kriminèl, tankou Site Solèy, Bèlè, pandan genyen kèk ki mouri nan Kabarè, Kwadèboukè ak lòt zòn kote gwoup kriminèl yo fenk etann kontwòl yo.[10]
INan Site Solèy, afwontman ki genyen depi lontan entansifye pou rive mitan ane 2022 ant de (2) prensipal kowalisyon kriminèl, ki se G-Pèp ki anba lòd Gabriel Jean-Pierre alyas“Gabriel,” epi G9 an Fanmi e Alye ki gen nan tèt li Jimmy Chérizier alyas " Barbecue." Nan lòt zòn, genyen kèk gwoup kriminèl ki fè pati kowalisyon sa yo ak lòt gwoup endepandan ki ap chèche etann kontwòl yo genyen sou teritwa a, kote yo atake dirèkteman popilasyon epi nan mete tèt yo kòm otorite defakto, menm jan nan katye moun konn konsidere kòm bon katye oswa ki pa genyen aktitivite kriminèl ki te konn fèt ladan yo nan ane ki pase yo.[11]
Òganizasyon ayisyen ki ap defann dwa moun ak òganizasyon entènasyonal yo estime gwoup kriminèl yo kontwole aktyèlman preske tout zòn metwopoliten Pòtoprens lan, yon espansyon ki bay kè sote parapò ak desanm 2022, dat kote òganizasyon sa yo te estime gwoup kriminèl yo te kontwole 60% zòn sa a.[12]
Vyolans pwopaje tou nan lòt pati nan peyi a pami yo genyen katye nan depatman Latibonit pou ale nan nò peyi a, ki se yon gwo rejyon agrikòl. Daprè òganizasyon imanitè entènalasyonal ak òganizasyon ayisyen dwa moun, genyen kèk gwoup kriminèl, prensipalman Baz Gran Grif, ki gen nan tèt li Luckson Élan alyas “Jeneral Luckson,”ki etann kontwòl yo sou teritwa komin Dechapèl, Lakwa Peris, Lestè, Lyankou, Ti Rivyè Latibonit, Senmak ak Vèrèt. Espansyon sa lakoz pou pi piti 123 moun mouri ant Janvye epi Jen 2023, yon ogmantasyon preske 485 pousan konpare ak menm peryòd la an 2022, epi lakoz plizyè mache fèmen ak tè ki abandone, sa ki afekte pwodiksyon ak chenn distribisyon manje nan Pòtoprens epi nan rès peyi a. Sitiyasyon sa a gen konsekans grav sou kriz ensekirite alimantè ki ap afekte preske mwatye popilasyon Ayiti a aktyèlman.[13]
Lè yo ap touye moun nan rejyon metwopoliten Pòtoprens ak Latibonit, yo souvan itilize vyolans seksyèl, piyaj, boule kadav nan lari epi boule oubyen okipe kay moun ilegalman, tout aksyon sa yo lakoz deplasman plizyè milye moun.[14]
Daprè Ofis Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), soti Janvye pou rive Jen 2023, genyen plis pase 47 400 moun ki te deplase akoz vyolans nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan, epi plis pase 6700 moun nan depatman Latibonit, pami yo moun ki soti Kabarè, Kwadèboukè ak Pòtoprens ki se komin ki nan depatman Lwès.[15]
Gwoup kriminèl yo kontinye itilize vyolans seksyèl, tankou vyòl kolektif pou teworize, kontwole epi “pini” fanm ak tifi ki ap viv nan zòn ki anba kontwòl gwoup kriminèl ki se rival yo.[16] Gen òganizasyon entènasyonal ki rapòte tou abi ak esplwatasyon seksyèl gwoup kriminèl yo komèt sou fanm ak timoun ki ap viv nan zòn yo kontwole.[17]
Nan Site Solèy, genyen kèk gwoup kriminèl, tankou manm kowalisyon G9, ki ap pratike vyòl kolektif sou fanm ak tifi ki ap viv nan katye ki anba kontwòl federasyon G-Pèp, pou fè moun yo pè nan kad jefò pou pran kontwòl zòn nan. Gen lòt gwoup ki itilize vyolans seksyèl kòm fòm kontwòl pou demontre se yo menm ki nouvo otorite nan zòn kote yo pa te prezan avan, epi gen lòt ankò ki itilize zak sa yo pou pini abitan ki opoze ak prezans yo nan katye yo.[18]
“Vyolans seksyèl, pa sèlman itilize kòm yon zam lagè ant gwoup kriminèl yo, daprè sa yon ajan imanitè deklare bay Human Rights Watch. “Men sa tounen yon pratik abityèl, jis pou fè tèt yo plezi yo [gwoup kriminèl], senpleman paske yo genyen pouvwa pou fè sa, paske yo kontwole popilasyon an nan plas Leta. [19]
Medsen San Fwontyè (MSF), ki ap dirije plizyè lopital nan Pòtoprens, fè konnen ant Janvye ak Me 2023, li te asiste yon total 1 005 viktim vyolans seksyèl nan Pòtoprens, preske de (2) fwa kantite moun ki te anrejistre nan menm peryòd la an 2022.[20] Òganizasyon ayisyen ki ap defann dwa fanm ki rele Nègès Mawon te dokimante plis pase 110 ka vyolans seksyèl gwoup kriminèl yo komèt depi kòmansman ane a.[21] Sepandan, kantite ka ki pa rapòte yo anpil, epi pa genyen yon enstitisyon leta oswa ki pa nan leta ki ap kontabilize total ka yo [22] Pami 23 moun Human Rights Watch te dokimante ka pa yo epi ki te pase ant Janvye epi Avril 2023, 16 nan yo fè konnen yo pa te resevwa okenn tretman medical avan Human Rights Watch te rankontre yo epi oryante yo nan yon lopital.
Gwoup kriminèl yo te kidnape tou plis pase 1000 moun nan premye mwatye ane a, souvan lage viktim yo aprè yo fin resevwa gwo lajan kòm ranson.[23] Sa reprezante yon ogmantasyon 49% parapò ak 681 kidnaping ki te rapòte nan menm peryòd la an 2022. [24] Viktim yo se prensipalman sitwayen ayisyen, pami yo fonksyonè, manm aparèy jistis la, moun ki ap travay nan sektè sante ak edikasyon ak lòt moun yo panse ki genyen resous finansye, menm jan ak moun ki twouve yo nan move kote a nan yon move lè.[25] Gen kèk etranje yo te kidnape, 40 nan premye mwatye ane 2023.[26] Nan kèk ka, bandi yo ta agrese viktim kidnaping yo seksyèlman pou fè presyon sou fanmi yo pou yo peye ranson an.[27]
Daprè plizyè responsab dwa moun entènasyonal ak ayisyen, epi espè nan sekirite ki ap swiv sitiyasyon an, kidnaping yo atenn yon nouvo nivo gravite ki epi li tounen youn nan prensipal sous finansman gwoup kriminèl yo, sa ki ba yo plis otonomi ak fòs epi pèmèt yo etann teritwa yo.[28] "Se yon biznis", daprè yon reprezantan sosyete sivil ayisyen an. “Sa pèmèt yo genyen manje epi achte zam ak minisyon. Kidnaping se sèl biznis ki ap fonksyone an Ayiti jodia.”[29]
Timoun yo patikilyèman afekte anba vyolans gwoup kriminèl yo. Rapò anyèl secrete-jeneral Nasyonzini an sou timoun nan mitan konfli ame yo, ki te pibliye 27 jen 2023, dekri Ayiti kòm peyi ki gen yon “sitiyasyon enkyetan ki genyen konsekans imedya” akoz “gravite epi kantite vyolasyon yo” soti septanm 2022 pou rive Mas 2023, men tou “rekritman epi itilizasyon, zak tankou touye moun, rache moun, vyòl ak lòt fòm vyolans seksyèl, atak kont lekòl ak lopital, kidnaping epi anpeche moun benefisye èd imanitè.”[30]
Monte yon “Mouvman Oto Defans” ki Vyolan
Fas ak ensekirite a ki ap vin pi grav ak enkapasite leta pou pwoteje abitan yo, kèk ayisyen te deside fè tèt yo “jistis” avèk pwòp men yo, yo fòme sa ki ta pral pote non mouvman Bwa Kale. Minis Jistis la ki se Émmelie Prophète-Milcé ta sanble ankouraje sa lè li te deklare nan yon kominike pou laprès an Mas 2023 pou di kòd penal la admèt lejitim defans.[31] Mouvman Bwa Kale a te kòmanse vale tèren nan dat 24 Avril 2023, lè abitan Kanapevè, ki se yon katye nan Pòtoprens, te pran 14 manm sispèk gwoup kriminèl ki te nan men lapolis, lenche yo ak tout sa yo jwenn kòm zam epi boule kò yo nan lari, devan je lapolis epi nan kèk ka, ki ta sanble ankouraje abitan yo.[32] Genyen yon videyo ki te anrejistre nan Kanapevè 4 Avril epi ki te pataje sou Twitter ki montre yon polisye ki mete pye li sou do yon moun pou peze li atè a pandan abitan yo ap tire wòch sou li ak lòt manm sispèk gang kèk moman avan yo mete dife sou yo.[33]
Depi lè sa mouvman etann li nan tiut depatman yo epi lakoz lanmò plis pase 200 manm sispèk gwoup kriminèl, daprè Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Sant pou Analiz ak Rechèch nan Dwa Moun (CARDH)[34] Yo te sible kèk viktim paske yo ta sanble pa konn wè yo nan katye kote abitan yo ye a, paske yo genyen tatou oswa tèt trese, oswa foto yo afiche sou medya sosyal.[35] Human Rights Watch te verifye uit (8) video yo te poste foto sou medyal sosyal ak sit enfòmasyon ant 24 Avril epi 19 Me 2023, ki montre kat (4) diferan atak ki asosye ak mouvman Bwa Kale a.[36] Twa (3) nan atak ki te dokimante nan videyo sa yo te pase a 15 mèt yon komisarya polis.
Pandan ka kidnapinin gwoup kriminèl yo redui kèk kote, ta sanble akoz mouvman sa a, daprè CARDH, atak yo kontinye san kanpe nan lòt zòn. Genyen anpil abitan ki pa dakò ak mouvman Bwa Kale a krenn pou pa sibi reprezay anba men gwoup kriminèl yo epi pou sitiyasyon an pa vin pi mal, patikilyèman paske manm gwoup kriminèl yo fòme pwòp nouvo mouvman reprezay yo, ki pote non Zam Pale.[37]
Yon reprezantan òganizasyon ayisyen dwa moun deklare bay Human Rights Watch:
“Brigad otodefans yo sezi zam nan menm manm prezime gwoup kriminèl yo, men yo pa remèt yo bay lapolis. Yo ap itilize yo, epi kounya y ap mande vwazen yo lajan pou achte minisyon, gazolin, elatriye, yon sitiyasyon ki suiv menm chema ki konn itilize pou fòme gwoup kriminèl yo.[38]
Kòm avètisman, genyen yon responsab imanitè ki te deklare: Nou ap pale de gwoup moun ki genyen jiska 50 abitan epi yo kòmanse mande abitan yo lajan pou pwoteje yo… se yon pratik danjere paske genyen plizyè inonsan ki viktim…epi si moun yo refize oswa di yo y ap vyole dwa moun tou, yo akize [moun ki ap kritike yo] yo kòm moun ki ap defann gang epi menase yo.”[39]
Sekretè jeneral Nasyonzini an te bay yon avètisman nan rapò ki te pibliye 1 Jiyè 2023 pou di mouvman Bwa Kale ak Zam Pale a “deklannche yon nouvo epizòd vyolans grav ki li menm, si yo pa rezoud li an ijans, riske entansifye atravè lòt mouvman mobilizasyon, ki pral bay zam epi rekrite moun, jenn yo an patikilye.”[40]
Kominote nan Pòtoprens ki Pi Afekte akoz Vyolans yo
Soti Janvye pou rive Avril 2023, anpil nan abi ki pi flagran yo komèt nan kat (4) komin depatman Lwès la, tout twouve yo nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan: Site Solèy, Kabarè, Pòtoprens ak Kwadèboukè. Human Rights Watch te dokimante kèk nan abi sa yo: 67 moun mouri anba men gwoup kriminèl, pami yo 11 timoun ak 12 fanm, epi 23 ka vyolans seksyèl, pami yo 19 ka vyòl kolektif, kote viktim yo te sibi agresyon seksyèl anba men plizyè agresè. Chif sa yo kouvri sèlman ka kote Human Rights Watch te entèvyouve viktim oswa manm fanmi yo ak lot temwen, men li pa pran an kont ka nou lòt òganizasyon rapòte. Anpil nan moun Human Rights Watch te entèvyouve yo te fòse kite lakay yo aprè dènye epizòd vyolans sa yo.
Pou pi piti 45 moun te mouri anba bal pandan gen lòt ki te sibi atak ak manchèt, epi kèk te boule vivan anndan lakay yo. Pifò moun yo te pran bal nan tèt, lestomak oswa nan do epi yo sanble moun ki te sible. Genyen de (2) ki ta sanble viktim anba bal pèdi pandan yo te anndan oswa jis deyò lakay yo epi genyen yon viktim ki te pran bal pandan li ap eseye kouri nan moman afwontman ant plizyè gwoup kriminèl. Pa genyen anpil ka kote, manm fanmi yo pa te kapab ranmase kadav moun pa yo pou antere yo. Men, pifò kò yo te boule nan lari oswa gwoup kriminèl yo pote yo ale.[41]
Anpil nan moun ki te viktim vyolans seksyèl yo deklare yo te bat yo pandan epizòd vyolans seksyèl yo, epi genyen youn ki di agresè a te antre yon bout bwa nan bouboun li. Sèz (16) pami viktim yo pa te ale nan yon sant sante ni yo pa te resevwa swen sante avan Human Rights Watch te rankontre avèk yo epi oryante yo nan yon lopital pou resevwa tretman. Garanti aksè pi bonè a swen sante pou moun ki viktim vyolans esansyèl paske genyen kèk tretman ki sansib parapò ak tan ki ap pase, tankou mwayen kontrasepsyon an ijans pou anpeche moun nan ansent san konsantman li ak pwofilaksi aprè moun nan ta fin espoze a yon sitiyasyon konsa pou evite li enfekte avèk VIH.[42] Kèk nan moun ki te entèvyouve nan pou rapò sa pa te genyen aksè a tretman sa yo. Anpil nan yo te dekri doulè yo kontinye genyen nan kò yo, twomatis sikolojik, ak estigmatizasyon yo ap sibi aprè agresyon an.
Genyen yon fanm ki soti Bèlè ki di manm gwoup kriminèl yo te kidnape li pandan senk (5) jou nan fen Fevriye epi kòmansman Mas 2023, pandan peryòd sa genyen senk (5) gason ki plede vyole epi bat li. Genyen yon lòt fanm ki soti Bèlè ki di li te tonbe ansent aprè li fin sibi vyòl kolektif an Fevriye 2023.[43]
Zak Touye moun ak Vyolans Seksyèl nan “Kafou Lanmò,” Site Solèy
Human Rights Watch te entèvyouve 21 viktim ak temwen, pifò nan yo te soti nan zòn Brooklyn ki te dekri kijan yo te touye manm fanmi yo, vyole yo, oswa blese yo, zak yo sibi ant mwatye Mas epi fen Avril anba men manm alyans G9 nan zòn Dèyè Mi tou prè Kafou Lanmò nan yon wout izole ki konekte Brooklyn ak rès Pòtoprens. Genyen yon òganizasyon kominotè ki te dokimante ka kote yo te touye plis pase 100 moun epi plis pase 100 ka vyolans seksyèl nan zòn sa yo pandan peryòd la.[44]
Human Rights Watch te dokimante ka 35 moun yo te touye nan zòn sa pami yo 6 timoun, epi 17 ka vyolans seksyèl. Mete sous a, genyen senk (5) ka moun ki te blese anba bal nan Kafou Lanmò ki te entèvyouve ki ap trete nan yon lopital Pòtoprens.
“Abitan Brooklyn yo ap viv yon rèv ki toumante,” daprè sa yon òganizasyon kominotè di Human Rights Watch. “Yo genyen yon sèl wout pou antre epi soti yo kapab itilize chaj pou al chèche lavi… Men depi yo rive nan kote ki rele Kafou Lanmò a, manm G9 yo tire sou yo san yo pa distenge pèsonn tire sou yo oswa fè vyòl kolektif sou fanm ak tifi dèyè mi an, moun konnen sou non Dèyè Mi.”[45]
Zòn Brooklyn reprezante yon espas estratejik depi plizyè ane pou chèf gwoup kriminèl ak moun ki ap sipòte yo, tankou aktè politik ak ekonomik: li se yon baz elektoral enpòtan avèk yon popilasyon ki estime a plis pase 100 000 moun, epi pozisyonnman li bò lanmè a epi akoz li tou prè pò yo vlle di kontwole li ap pote benefis ekonomik.[46]
Nan dènye ane sa yo, se Gang Brooklyn an, ki fè pati federasyon G-Pèp, ki gen nan tèt li Gabriel Jean-Pierre (“Gabriel”) ki te kontwole li. Katye a antoure avèk katye ki anba kontwòl lòt gwoup kriminèl ki fè pati kowalisyon G9 ki nan batay ak G-Pèp, pami yo Gang Belekou (ki gen “Isca” nan tèt li ) epi gang Boston (ki gen “Mathias” nan tèt li); epi Gang Warf Jérémie (lidè li se “Micanor”) ki kontwole zòn pò a.[47] Genyen lòt manm G9 ki ap fonksyone nan lòt katye ki antoure Site Solèy, pami yo Gang Tè Nwa, Gang Simon Pele ak Gang Dwouya.[48]
Pandan plizyè ane, yo te anvayi abitan Brooklyn ak lòt kote ki anba kontwòl G-Pèp epi yo te sibi atak manm G9 ki vle genyen kontwòl tout Site Solèy.[49] Atak sa yo vin ogmante nan dezyèm mwatye ane 2022 a, ki kòmanse patikilyèman apati yon ensidan mòtèl ki te pase nan dat 8 Jiyè a, kote pou pi piti yo te touye pou pi piti 95 moun nan Solèy 9 ak Sous Tè ki se kèk sektè nan Brooklyn, daprè Nasyonzini.[50] Ant Jiyè epi Desanm 2022, Nasyonzini etime genyenyon an total 263 moun ki mouri, 285 blese, 57 ka vyolans seksyèl ak 4 moun ki disprèt nan Brooklyn sèlman. Plizyè milye moun te deplase.[51]
Atak vin ogmante plis toujou nan mitan Mas 2023. Viktim ki soti Brooklyn yo ki te pale ak Human Rights Watch fè konnen G9 te sible yo paske yo ap viv nan zòn ki anba kontwòl gwoup rival yo.
Anne J., ki se yon abitan Brooklyn ki gen 34 ane te di Human Rights Watch:
“ Se chak jou y ap vyole epi toujou moun nan zòn Dèyè Mi…. bandi yo kwense nou. Lè nou dwe soti pou ale chèche manje oswa lajan, yo vyole epi tire sou nou; pa genyen lapolis ni pèsonn pou ede nou.[52]
Nan mitan Avril 2023, Anne di li te pèdi gran frè li yo, ki te genyen 40 epi 50 ane, pandan yo t ap eseye kite katye a pou yo ale travay. Manm G9 te tire toude Dèyè Mi. Anne te sibi agresyon seksyèl anba men senk (5) gason menm kote a:
Yo trennen m nan cheve antre nan yon kay abandone, kote senk (5) gason vyole mwen youn aprè lòt…Yo di m sa rive m paske mwen se youn nan fanm Gabriel [yo vle pale de chèf G-Pèp la]… Yo te vyole tou sè mwen an ki gen 29 ane menm jou a, men se 3 manm G9 ki te komèt zak sa.[53]
Aurelie F., ki gen 17 ane ki ap viv Solèy 1, yon sektè nan Brooklyn, deklare li te agrese seksyèlman bò (1h) aprè midi nan dat 22 Mas nan zòn Dèyè Mi, pandan li t ap soti achte pou li antre lakay li:
Yo kenbe m, yo vyole m epi frape m nan figi. Gen yon lòt ki kenbe de (2) men mwen paske mwen te reziste…yo te vyole m avèk anpil vyolans, kounya mwen blese. Mwen pa te kapab mache pandan sis (6) jou. Mwen pa te kapab ale lopital… Manman mwen pa gen lajan. Chak fwa mwen panse ak sa, mwen kriye anpil. [54]
Natalie P., yon manman twa pitit ki gen 42 ane, t ap travèse zòn Dèyè Mi pou antre lakay li pandan li t ap soti nan mache bò 7è nan aswè nan dat 16 Avril 2023, lè kriminèl yo rele li. Li te eseye kontinye wout li, men yo te tire nan direksyon li. “Yo pa te frape m, men aprè sa yo kenbe m epi yo chire rad sou mwen…Yo bat mwen ak zam yo, epi senk (5) nan yo te vyole mwen,” daprè sa li di Human Rights Watch.[55]
De (2) jou aprè, pitit gason Natalie ki genyen 16 ane resevwa bal epi li mouri. Natalie di pitit li a te resevwa yon bal nan lestomak nan moman afwontman ant G9 ak G-Pèp sou wout pou li antre lakay li aprè lekòl.
Afwontman ant G9 ak G-Pèp se sa ki anpeche nou viv… bandi yo an pozisyon, epi yo ouvè kout zam sou manm popilasyon an. Lè nou blese, pa genyen lopital. Genyen yon sèl wout nan zòn nan, epi genyen yon pakèt kadav la. Nou eseye soti avan 4è nan maten paske nou konnen aprè sa, bandi yo ap soti deyò pou vanje. Se yon sitiyasyon ki konplike. Pou nou kite lakay nou, nou dwe fè sa an kachèt. Pou tounen lakay nou se menm bagay la tou…Stiyasyon an grav anpil. Nou vle kite zòn nan men nou pa genyen mwayen pou ale viv lòt kote. Nan ka sa nou oblije rete…depi 15 Avril, genyen anpil fanm ki vyole, yo touye anpil moun.[56]
Natalie fè konnen tou li te wè yon pakèt kò youn sou lòt nan yon kay tou prè Dèyè Mi, preske nan dat 20 Avri
Kò you te monte youn sou lòt. Yo te touye anpil moun, epi anpil krim te komèt. Gen moun yo te rache, genyen yo te touye ak bal, epi kèk yo te dekoupe ak manchèt.[57]
Camille M., yon manman twa pitit ki gen 29 ane ki soti Brooklyn, te pèdi mari li nan dat 1 Avril 2023, lè manm G9 te pran li ale Dèyè Mi pandan li te nan wout pou antre lakay li aprè li te soti chèche travay. Nan dat 2 Avril 2023, aprè li te soti pou al vann diri, pwa ak lwil nan mache a pou fè yon ti kòb, yo te kanpe li menm kote a pandan li ap tounen lakay li, yo te bat li nan figi avèk yon baton, epi kat (4) kriminèl vyole li.[58] “Lè yo fini, bandi yo te di mwen ale vit,”daprè deklarasyon li. “Men li te difisil pou mwen mache.”[59]
Yo te touye yon sè Camille ki gen 26 ane nan dat 15 Avril, lè manm G9 te atake gwoup Gabriel la nan Solèy 17 nan zòn Brooklyn, nan yon tantativ pou kontwole zòn nan. “Li te lakay li,” daprè sa Camille esplike. “Yo t ap tire, epi li te resevwa yon bal nan tèt epi li mouri. Anpil moun te mouri jou sa a. Yo te boule kèk nan kò yo, kèk te dekapite epi genyen ki te dekoupe an mòso,”daprè sa li te di Human Rights Watch.
Camille deklare li te wè kò sè li a pami yon pil ki te genyen plizyè dizenn kò ki te youn sou lòt bò lari a nan zòn Dèyè Mi:
[Yo] te youn sou lòt. Te gen gason ak fanm. Genyen ki te dekapite, genyen yo te koupe tete yo, oswa men oubyen pye yo. Yo tout se te moun ki t ap viv nan zòn nan yo te touye dènyeman la.[60]
Julieth F., ki gen 30 ane se yon manman ki gen kat pitit ki te pèdi mari li ki gen 37 ane nan mitan Avril 2023 pandan li ap retounen Brooklyn aprè li te sot vann machandiz li nan lari a:
Pandan nou t ap mache nan wout ki pote non Kafou Lanmò a, gen twa gason ki te vin sou nou…Yo vyole mwen… Yon lòt gason ki te genyen zam te pran mari mwen…Yo touye li epi yo boule kò a. Mwen te wè yo trennen li sou yon pil kadav, yo mete kawotchou sou yo epi yo boule yo.[61]
Okenn nan viktim ki soti Brooklyn Human Rights Wach te entèvyouve yo pa te denonse abi sa yo piblikman, devan lapolis oswa depoze yon plent devan tribinal, paske yo pè reprezay ki kapab genyen epi yo pa genyen konfyans nan otorite lapolis ak lajistis yo. Komisarya polis nan Site Solèy la p ap fonksyone depi Jen 2021.[62] Otorite lajistis yo nan Pòtoprens pa te reyalize okenn ankèt preliminè sou abi ki komèt nan Brooklyn oswa Kafou Lanmò yo, daprè deklarasyon òganizasyon ayisyen dwa moun yo.[63]
Genyen de (2) viktim Human Rights Watch te entèvyouve ki deklare yo te resevwa avètisman nan men manm G9 pou yo pa pale piblikman sou sa yo te viv oswa yo te temwen.
Clementine V., se yon manman kat pitit ki gen 33 ane, yo te bat li nan figi epi sibi vyòl anba men de (2) gason nan dat 20 Avril 2023, bò 4è nan maten nan zòn Dèyè Mi pandan li ap soti pou ale vann nan mache a. Li te genyen yon gran sè li ki gen 32 ane ki te avèk li, manman twa timoun, bandi yo te touye li paske li t ap reziste ak vyolans seksyèl yo. “Lè medam yo obeyi, yo pa touye yo, men si yo reziste, yo touye yo,” daprè sa Clementine di Human Rights Watch:
[Sè mwen an] te resevwa bal... Yo te boule li nan prezans mwen epi yo te mete kadav li nan mitan yon pakèt lòt kadav. Epi yo kite mwen ale, men yo te di m pa di anyen sou sa ki te pase a nan laprès. Sinon, y ap touye mwen.[64]
Mathilde F., yon manman kat pitit ki genyen 36 an ki soti nan Pwojè Lento 2, yon sektè nan Brooklyn, fè konnen nan dat 19 Avril 2023, li te wè kijan manm G9 te touye frè li ki genyen 38 ane nan zòn Dèyè Mi:
Kriminèl yo te pran nou. Youn nan yo te genyen yon kouto epi ponyade li nan prezans mwen…yo retire ògàn ki nan kò li. Epi twa nan yo te vyole mwen…Lè yo fin vyole mwen, yo pase m lòd pou mwen kouri. Yo di m yo kite m vivan pou m kapab rakonte lòtmoun yo sa ki te pase a.[65]
Men Mathilde fè konnen yo te avèti li pou li pa di sa nan laprès, sinon y ap touye li.[66]
Yo pa rapòte anpil ka lanmò ki te pase nan Kafou Lanmò depi kòmanse Me 2023, depi G9 ta sanble kòmanse otorize abitan Brooklyn yo sikile san yo pa atake yo, menm si G9 kontinye antoure katye a. Yo te rapòte plis ka moun yo touye ak vyolans seksyèl an Me ak Jen anndan Brooklyn, lè manm G9 ki kontwole katye Boston ak Belekou te ap mennen atak epi antre nan zòn sa yo, nan kèk ka pou jwenn aksè a kèk kote nan lari Brooklyn.[67]
Genyen reprezantan yon òganizasyon kominotè ki di Human Rights Watch ta sanble nan kòmansman Jiyè a lidè G9 ak G-Pèp yo te jwenn yon trèv nan dat 28 Jen. Men, reprezantan an fè konnen: “Nou pa konnen poukisa oswa pou konbyen tan sa ap dire. Sityasyon ki te genyen an pa chanje pou abitan Brooklyn yo, ki toujou pè pou pa genyen atak epi yo kontinye ap soufri anba grangou ak swaf, epi yo ap viv nan labou ak fatra.”[68]
Reprezay Kont Abitan nan Sous Matla (Kabarè)
Nan dat 19 Avril 2023, manm kowalisyon G-Pèp te lanse yon atak pandan senk (5) jou nan zòn Sous Matla nan komin Kabarè, ta sanble pou pini popilasyon an paske yo te mete barikad pou anpeche gwoup kriminèl yo atake epi pran kontwòl katye yo.[69] Human Rights Watch estime genyen pou pi piti 130 moun yo te touye, 20 kay piye epi boule epi plis pase 3700 moun yo te fòse kite lakay yo, sou baz entèvyou ki te reyalize avèk responsab òganizasyon dwa moun ayisyen ak entènasyonal ki te mennen ankèt sou atak la epi analiz rapò konfidansyèl òganizasyon entènasyonal ki te dokimante sa ki te pase yo.[70] Human Rights Watch te entèvyouve sen (5) viktim ak temwen atak sa ki te dire senk (5) jou epi dokimante lanmò sèt (7) moun, pami yo sis (6) yo te boule anndan lakay yo, epi twa (3) ka vyolans seksyèl.
Genyen twa (3) gwoup nan G-Pèp ki te enplike nan atak mwa Avril la, pami yo gwoup ki gen nan tèt li Jean Auguste Cherisme (alyas “Jeneral Bogi”), Bigel Chery (alyas “Big C”), ak Jeff Larose (alyas “Jeff”), daprè deklarasyon kèk aktivis ak chèchè ayisyen, sou baz temwayaj viktim ak enfòmasyon abitan nan zòn yo bay ki te idantifye agresè yo kòm manm gwoup sa yo.[71]
Preske genyen 2,000 moun ki ap viv Sous Matla, yon zòn estratejik epi rantab pou gwoup kriminèl yo akoz li twouve li nan nò Pòtoprens tou prè wout nasyonal la ki konekte kapital la ak depatman ki nan nò peyi a.[72] Manm G-Pèp yo te deja atake popilasyon Sous Matla an Novanm 2022, ta sanble nan yon lòt tantativ pou kontwole zòn nan. Pandan atak sa a, yo rapòte genyen 72 moun ki te mouri, 29 fanm ak tifi te vyole, epi plis pase 1400 moun te deplase, daprè deklarasyon kèk gwoup ki ap defann dwa moun.[73]
Genyen senk (5) temwen atak an 2023 ki di Human Rights Watch bandi yo te rive nan sous Matla epi tonbe tire san distenge pèsonn. Gen lòt, ki te genyen manchèt ak zam manch long, ki te kraze pòt kay moun, touye epi boule abitan yo anndan kay la, tire sou moun ki ap eseye sove, epi agrese seksyèlman fanm yo nan lari ta sanble nan lide pou fè moun yo pè epi voye yon mesaj pou di yo se nouvo otorite nan zòn nan. Menm si te genyen prezans lapolis nan zòn nan, temwen yo fè konnen polisye yo pa te entèvni pou anpeche oswa kanpe atak la.[74]
Human Rights Watch te prezante done sa yo bay Polis Nasyonal Dayiti epi mande li pou bay yon repons fas ak moun ki akize lapolis ki pa ta entèvni nan yon nan yon lèt jou ki te 12 Jiyè 2023, men li pa te resevwa okenn repons pou rive mwa Dawout la.
Cecile Z., ki genyen 31 ane se manman yon bebe 6 mwa, fè konnen yo te agrese li seskyèlman 19 Avril 2023. Li fè konnen li te lakay li nan Sous Matla lè manm gwoup kriminèl yo te rive epi kòmanse “tire toupatou”. Li te kouri, espere li t ap gentan ale pou jwenn sekirite:
Mwen te wè yon pakèt moun yo te touye, epi mwen pa te konnen kibò pou mwen ale. Aprè mwen te pase bò kote plizyè mesye ak zam ki te maske; mwen pa te kapab wè vizaj yo. Epi yo te fòse mwen kouche atè, epi menm si mwen te gen règ mwen, twa (3) nan yo te vyole mwen… yo mete timoun nan atè a, epi li t ap kriye lè yo t ap atake mwen an. Yo te mete men yo anba gòj mwen. Lè yo fini, yo te kòmanse tire epi mwen te pwotite pran bebe a epi mwen kouri… Mwen genyen gwo doulè nan vant depi lè sa.[75]
Se aprè sa Cecile ta pral aprann yo te boule gran papa li ki te genyen 77 ane ak kouzin li ki te ansent sèt (7) mwa anndan lakay li, ansanm ak yon lòt kouzen li ki te abite tou prè yo te boule lakay li tou.[76] Li deklare : “Mwen te pèdi tout bagay.”[77]
Marie N., se yon abitan Sous Matla ki genyen 32 ane fè ki konnen papa li ki genyen 74 ane ak yon neve li ki genyen 15 ane te mouri anba men kriminèl yo nan dat 19 Avril 2023:
Kriminèl yo te vini nan yon bis epi sou moto, yo t ap tire nan tout direksyon, epi mwen te wè moun ki te tonbe nan lari a, sa ki te mouri ak sa ki te blese…Kat (4) jou aprè mwen te retounen nan katye mwen. Lè mwen te rive…mwen te ale lakay mwen…mwen te jwenn yon boule kò papa mwen atè a.[78]
Kèk moun t ap eseye sove sou lanmè, men manm gwoup kriminèl yo te tire sou yo tou, daprè kèk temwen.[79] Youn nan ti bato yo te koule nan lanwit akoz li te genyen twòp moun epi te manke vizibilite tou, daprè òganizasyon dwa moun Fondasyon Je Klere ki te dokimante dosye a. yo rapòte genyen uit (8) bebe ki te mouri nan bato a epi genyen kèk granmoun yo toujou poko jwenn.[80]
Pauline M., ki gen 45 ane se yon manman senk (5) timoun, te pèdi youn nan pitit li yo 19 Avril. “Aprè mwen te fin sove, mwen te rann mwen kont genyen youn nan pitit gason mwen yo…ki te ap eseye sove sou yon bato avèk kèk vwazwen, men bato a te koule,” daprè sa li te di Human Rights Watch.[81]
Isabel G., ki genyen 51 ane se manman uit (8) timoun, fè konnen li te anndan lakay li nan Sous Matla jou ki te 19 Avril la avèk pitit gason li ki genyen 25 an lè yo te kòmanse tande bri zam tou prè kay la. Plizyè Gason ki maske te fòse pòt la epi antre lakay li. Youn nan yo te frappe li nan vizaj li, epi de (2) nan yo te vyole li, daprè sa li di. Pitit gason li an t ap eseye kouri men yo tire li. Li te rive bò lanmè a epi monte nan yon ti bato, men bato a te chavire, pitit gason li a ak plizyè lòt moun te neye.[82]
Atak nan Bèlè (Pòtoprens)
Jou ki te 28 Fevriye 2023, Gang Krache Dife ki gen nan tèt li Gady Jean (alyas “Pèse”), yon manm nan kowalisyon G9 ki kontwole sektè ba Bèlè, te atake wo Bèlè ki anba kontwòl gwoup kriminèl Kempès Sanon an ki pa afilye avèk okenn gwo kowalisasyon kriminèl yo.[83] Afwontman yo te dire jiska 5 Mas. Pou pi piti yo rapòte genyen 150 moun ki mouri oswa ki disparèt, pami yo moun ki ta fè pati gwoup kriminèl la, men tou abitan ki pa gen relasyon ak gwoup sa yo epi plis pase 80 kay te boule, piye oswa vandalize, daprè òganizasyon ayisyen ki ap defann dwa moun.[84]
Wo Bèlè—kote gen preske 13 000 moun ki ap viv la—separe katye Delma, ki anba kontwòl lidè G9 la ki se “Barbecue,” apati Ba Bèlè, ki li menm tou anba kontwòl kowalisyon sa. Manm G9 yo dwe travèse Wo Bèlè, ki pa anba kontwòl yo, pou al mennen aktivite kriminèl tankou transpòte moun yo kidnape pou ale nan zòn yo kontwole.[85].[86] Atak la se ta yon tantativ tou pou etann kontwòl yo genyen oswa kraze tout rezistans ki kapab genyen anfas yo.
Genyen yon gwoup k ap defann dwa moun ki te fè konnen – sou baz temwayaj viktim ak abitan nan zòn nan – bandi Krache Dife te resevwa sipò materyèl nan men Polis nasyonal Dayiti, pami yo twa (3) machin blende ki te itilize nan atak la.[87] Kempès Sanon ta resevwa tou sipò materyèl ak pèsonèl nan men gwoup ki twouve yo nan Gran Ravin ak Vilaj Dedye pou repouse atak la.[88]
Human Rights Watch te prezante done sa yo bay Polis Nasyonal Dayiti epi mande li pou bay yon repons fas ak moun ki akize lapolis ki pa ta entèvni nan yon lèt jou ki te 12 Jiyè 2023, men li pa te resevwa okenn repons pou rive mwa Dawout la.
Human Rights Watch te entèvyouve senk (5) viktim ak temwen atak sa epi li te dokimante 13 ka moun yo touye ak twa (3) ka vyolans seksyèl, majorite nan yo te komèt nan Ri Timas, ki se yon aksè kle pou ale Wo Bèlè. Daprè fanmi viktim yo, atak yo te sanble sible, nan yon premye tan, moun yo akize ki ap kolabore avèk oswa ki ta manm gwoup rival yo.[89]
Josie L., ki se yon fanm 28 an ki ap viv nan Bèlè avèk patnè li gen 32 an, de (2) pitit ak papa li ki genyen 64 an, ki gen yon andikap, dekri jan kat (4) gason ki se manm kowalisyon G9 te agrese li seksyèlman jou ki te 28 Fevriye a:
Pandan m ap kite lakay mwen, mwen te rankontre kat (4) gason ki te ame, se tankou yo t ap patwouye nan lari a. Yo pran m yo mennen m nan yon kay abandone tou prè a, epi yo kat la vyole mwen. Yo vyole m devan epi dèyè…sa te fè m mal anpil…Yo te plede menase mwen, yo di mwen si mwen di lòt moun sa yo fè m nan y ap touye mwen oswa fanmi mwen.[90]
Menm jou a, aprè yo te fin agrese li seksyèlman, Josie te kite kay li ak patnè li a, papa ak pitit li yo epi yo te ale nan yon kan enpwovize moun deplase yo te fòme nan Pòs Machan. Yon jou aprè, patnè li a te retounennan katye a kote vwazen yo di yo te wè li pran bal nan lestomak epi bandi yo mete dife sou li nan Ri Timas. Yon semenn aprè, Josie di li te retounen al pran kèk bagay nan kay la men li te jwenn yon boule kay la.
Valerie B., yon manm twa pitit di Human Rights Watch:
Katye mwen an ki se Wo Bèlè, anba kontwòl gang ki gen nan tèt li Kempès. Manm gang ki genyen Ti Manno nan tèt li a, ki fè pati G9, te atake nou… Se te ant yo menm afwontman an te ye avan…epi aprè gè a vire sou abitan ki nan zòn nan. Jou ki te 3 Mas la, mwen te nan Ri Timas…lè mwen tande anpil tire…epi mwen kouri antre lakay mwen… mwen te wè papa mwen, ki te rete nan kay la, gen de (2) gason ki pran li…Youn nan yo tire li nan tèt epi yon lòt te kòmanse koupe men li avèk yon manchèt, avan yo awoze li ak gazolin epi boule li. Papa mwen te genyen 44 an epi I t ap travay pou yon konpayi ki ap fè netwayaj piblik. Li pa te genyen anyen pou li wè ak gwoup kriminèl.[91]
Pitit gason Valerie a ki genyen senk (5) an, ki te rete nan kay la jou a, yo te boule li jiskaske li mouri nan moman kriminèl yo te mete dife nan kay la. “Lè mwen te rive antre nan kay la, yo te deja vlope li ak yon dra, li te boukannen nèt,” daprè sa li di.[92]
Yo te rapòte plis ka moun yo touye ak deplasman jiska fen Jen nan Bèlè.[93]
Gwoup Kriminèl yo Etann yo nan Kanaran (Kwadèboukè)
Soti 21 Janvye pou rive fen Fevriye 2023, Gang Kanaran ki gen nan tèt li “Jeff,” te lanse yon atak pou etann kontwòl li nan zòn Kanaran ki se yon lokalite nan komin Kwadèboukè. Gwoup la te kontwole avan sa Sen Kristòf ak katye Kanaran yo epi li te vle etann li nan twa (3) lòt katye: Koray, Jerizalèm ak Onavil.[94]
Genyen plizyè dizèn moun yo te touye pandan atak sa, daprè yon òganizasyon dwa moun ki te mennen ankèt sou atak la, epi anpil nan yo te fòse kite lakay yo.[95] Human Rights Watch te entèvyoue 11 viktim ak temwen atak sa epi dokimante 12 ka kote yo te touye moun. Anpil nan moun ki te deplase yo rete pwovizwaman nan yon legliz ki nan komin Delma, avèk sipò Ofis Entènasyonal Migrasyon (OIM).
Kanaran se yon zòn daprè plan ibanis ki te prevwa pou konstwi lojman pou resevwa viktim tranbleman tè 2010 yo. Wout nasyonal ki konekte kapital la avèk depatman ki nan nò ak lès peyi a pase nan zòn sa, ki fè li tounen yon zòn estratejik pou gwoup kriminèl ak enterè ekonomik yo.[96] Pran kontwòl Koray, Jerizalèm ak Onavil ap pèmèt Gang Kanaran an kontwole epi benefisye kidnaping ak taksasyon ilegal nan tchèk pwent ki genyen nan plizyè pati nan Wout Nasyonal #3, ki tounen yon wout transit kle paske lòt gwoup kriminèl pran kontwòl Wout Nasyonal #1 an nan men Gang Kanaran an.[97]
Avan atak sa, Koray, Jerizalèm ak Onavil te konsidere kòm katye ki te relativman pezib nan Pòtoprens. Vyolans lan montre kòman enterè ekonomik yo ap ensite gwoup kriminèl yo etann yo nan nouvo zòn.[98]
Angelique V., ki se yon machann ki gen a 26 ane, dekri fason yo te atake li 21 Janvye 2023, pandan li te nan mache Koray la. “Yo [kriminèl] yo te kòmanse tire… sou tout bagay nan mache a, sou tout moun,”daprè sa li di. “Chèf yo ki se Jeff…yo te vle kontwole antre katye a, paske yo vle kontwole wout ki bay aksè sou Pòtoprens, epi wout sa yo se la yo pase.”[99]
Pandan Angelique t ap kouri nan lari a pou li sove, li te wè yon vwazen li ki gen 54 an ki se yon chapantye yo te ba li yon bal nan do, aprè sa bandi yo boule kò a. Kèk jou aprè, yon bò frè li fè li konnen mari li a ki genyen 28 ane, ki te sove pandan atak la, te mouri epi yo boule kò li tou.[100]
Daprè kèk temwen, manm gwoup kriminèl yo t ap chèche premyeman manm fòs polis la ak fanmi yo, epi yo te kòmanse atake lòt abitan ki pa genyen okenn relasyon avèk lapolis.[101]
Simón C., yon abitan Koray ki gen 45 an di Human Rights Watch:
Jou ki te 21 Janvye a… Mwen te lakay mwen ap fè manje avèk pitit mwen lè mwen te wè plizyè gason ak zam t ap rive… Nou te kache anba kabann nan…nan demen maten, pitit mwen yo avèk mwen te kite kay la…pandan m ap sove, mwen te wè de (2) kay ki se pwopriyete kèk polisye ki ap viv nan ri sa a anba dife, yo t ap boule…Moun Jeff yo te rive epi ap mande pou kay polisye ak fanmi yo, epi yo te boule yo.[102]
Manm gwoup Jeff yo te pran kontwòl kay abitan yo te abandone pandan y ap sove, epi sa ki t ap eseye tounen di yo te mande yo gwo lajan pou repran kay la.[103] “Anpil moun te di m kriminèl yo deja okipe kay mwen, sa vle di mwen p ap kapab retounen ladan l,” daprè sa yon abitan Koray ki gen 51 an deklare. “Mwen te mande yon vwazen pou mande kriminèl yo si mwen kapab tounen…Yo te di mwen kapab si mwen peye … $500 ameriken.”[104]
Nouvèl yo rapòte plis ka moun yo touye ak deplasman nan Kanaran jiska fen Jen.[105]
II. Yon Sitiyasyon Imanitè Katastwofik
“Mwen te fèt nan Site Solèy…mwen pase tout vi mwen la…Sitiyasyon an vin pi mal kounya pase avan. Nou pa genyen anyen pou nou manje, ni dlo epi yo boule kay nou. Lavi a trè difisil.”
— Deklarasyon yon abitan Brooklyn ki gen 29 an [106]
Kriz sekirite a agrave sitiyasyon imanitè a ki te deja kritik depi plizyè ane. Aksè a limite anpil pou jwenn manje, kouran, dlo potab, asenisman, swen sante ak edikasyon.[107] Preske 59 pousan popilasyon ap viv nan povrete, kote aksè pou jwenn sèvis debaz yo limite.[108] Ajans imanitè yo estime genyen 5.2 milyon ayisyen, kote 57 pousan ladan yo se fanm ak tifi, ki bezwen yon aistans imanitè, yon ogmantasyon 20 pousan konpare avèk ane 2022.[109]
Preske mwatye popilasyon ayisyen an, swa 4.9 milyon moun, twouve yo nan ensekirite alimantè grav, pami yo genyen 1.8 milyon ki ap konnen yon nivo ijans nan kesyon ensekirite alimantè. An Septanm 2022, plis pase 19 000 moun ki ap viv nan komin Site Solèy t ap konnen yon sitiyasyon grangou katastwofik ki anrejistre pou premye fwa an Ayiti epi nan emisfè Oksidantal la. Kounya, Ayiti se youn nan peyi ki plis gen ris pou konnen gwo grangou bò kote Afghanistan, Burkina Faso, Mali, Somalia, Sid Sudan, Sudan, ak Yemen[110] Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) te mete Ayiti nan lis kote “nivo preyokipasyon an pi wo” nan kesyon ensekirite alimantè pandan peryòd soti Jen pou rive Novanm 2023, daprè prevision yo fè.[111]
Se Sèlman 47 pousan ayisyen ki genyen aksè a kouran pou rive ane 2020, daprè Bank Mondyal.[112] Genyen lòt sous ki bay chif ki pi ba, ki fè konnen rive kòmansman ane 2023, se sèlman yon tyè (1/3) nan popilasyon ayisyen yo ki gen aksè a kouran—epi tanzantan yo koupe kouran an, men tou ki nan yon pri ki elve—sa ki agrave pi plis aksè a byen epi sèvis yo, konsèvasyon manje ak fonksyonnman aktivite komèsyal yo.[113]
Se sèlman 55 pousan fwaye ayisyen yo ki gen aksè a dlo potab epi de tyè (2/3) popilasyon an ki genyen aksè limite a sèvis asenisman, sa ki rann pwopagasyon kolera vin pi grav sou plan nasyonal.[114] Depi kolera te reparèt an Oktòb 2022 a, Ministè Sante piblik te rapòte 56 580 ka sispèk kolera (preske mwatye nan yo se timoun ki genyen mwens pase 14 ane), 3 612 ka konfime epi 814 moun ki mouri atravè dis (1) depatman peyi a rive 26 Jiyè 2023.[115]
Gen òganizasyon entènasyonal ki estime 75 pousan enfrastrikti sante peyi a pa genyen ase medikaman oswa ekipman medikal epi pa gen ase pèsonèl ki fòme. Nan dènye ane ki pase yo, anpil nan pwofesyonèl sante yo te kite peyi a an mas akoz ensekirite, sa ki vin agrave pwoblèm asksè a sèvis sante yo pou popilasyon an.[116]
“Sistèm nasyonal sante a sou wout pou li efondre” epi “li pa kapab reponn a kriz malnitrisyon ak kolera peyi a ap konnen an,” daprè Catherine Russell, ki se Direktè Egzekitif Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF), nan dat 16 Jen 2023.[117]
Daprè UNICEF, gen 4.2 milyon timoun ki pa jwi dwa a edikasyon akoz pri lekol yo ki wo, ensekirite nan lekòl oswa sou wout pou ale lekòl, oswa mank enfrastrikti ak pèsonèl.[118] Ministè Ayisyen Edikasyon an fè konen nan kòmansman mwa Me a genyen mwens pase 645 000 elèv ki te ale lekòl nan 18 950 lekòl ki anrejistre an Ayiti.[119]
Edikasyon an Ayiti pètibe anpil depi kat (4) an epi yo estime timoun yo te pèdi yon ane lekòl konplè pandan peryòd sa akoz manifestasyon ak twoub politik yo, men tou akoz pandemi Kovid-19 la, katastwòf natirèl ak ensekirite ki ap ogmante ki lakoz anpil lekòl kraze epi kèk fèmen, tanporèman oswa lòt ki fèmen nèt.[120]
Kondisyon Imanitè nan Zòn ki anba Kontwòl Gwoup Kriminèl yo
Popilasyon ki ap viv nan zòn ki anba kontwòl gwoup kriminèl yo ap sibi patikilyèman yon gwo mank aksè a sèvis debaz yo ak mank manje, akoz vyolans epi ensekirite, sa ki anpeche yo jwenn pwodui oswa gen aksè a sèvis yo pandan plizyè jou, semenn e menm plizyè mwa. Nan Site Solèy, kòm egzanp, pou pi piti genyen 19 200 moun ki ap fè fas ak gwo ris grangou daprè Biwo Nasyonzini pou Kòdinasyon Zafè Imanitè (OCHA), 20 pousan timoun ki genyen mwens pase senk (5) an ap soufri anba malnitrisyon grav epi 80 pousan fwaye yo pa genyen aksè a dlo pou yo bwè.[121]
Kèk sant sante ki gen òganizasyon entènasyonal nan tèt yo nan zòn nan, ki te apenn kapab satisfè bezwen yo avan kriz ki genyen Jodi a, fèmen akoz ensekirite.[122] Jou ki te 9 Mas la, Medsen San Fwontyè (MSF) te fèmen tanporèman lopital li genyen nan Site Solèy, kote li kenbe sèlman inite ki ap bay swen ijans nan fen mwa Mas la.[123] Anpil lekòl fèmen, epi kèk gwoup kriminèl itilize lekòl yo kòm baz yo, kote yo andomaje epi piye lekòl sa yo pandan aksyon sa yo.[124]
Depi mwatye ane 2021, abitan Brooklyn yo pa preske genyen aksè a kouran elektrik depi lè manm G9 yo te koupe kab ki pèmèt yo jwenn sèvis sa a.[125] Yo pa te genyen non plis aksè a dlo moun ka bwè ant mwatye Mas 2023 pou rive fen Avril, lè G9 te anpeche kamyon dlo antre vin fè livrezon nan zòn nan.[126] Menm si yo otorize yo antre Brooklyn dènyeman la, yo fè konnen kamyon yo te bloke pandan plizyè semenn yo pa kapab antre paske wout ki bay aksè a inonde ak labou.[127] Kanal ki drene dlo sal vil la ki pase nan zòn nan pou ale nan lanmè a pa netwaye, sa vle di wout aksè yo ki deja limite ak plizyè kay ki regilyèman inonde avèk labou epi fatra, sa ki kontribye nan nouvo ka kolera.[128]
Anne J., ki se yon abitan nan Brooklyn, pale ak Human Rights Watch sou defi fanmi li ap fè fas:
Nou pa manje chak jou, pafwa wi, pafwa non…nou pa genyen dlo pou nou bwè, nou sèlman itilize dlo lapli, pitit mwen yo malad nan vant… Nou pa genyen kouran elektrik pandan lontan. Se gang G9 yo ki koupe kab yo…pandan plizyè semenn kay nou te inonde; chak fwa lapli tonbe, li inonde epi li santi paske fatra yo desann nan kanal yo. Nou ap viv sou labou ak fatra.[129]
Vyolans yo pètibe apwovizyonnman mache ki nan katye a epi aksè a lòt katye ki ozalantou yo; sa ki fòse abitan kite komin nan pou al chèchè manje ak lòt pwodui.[130]
“Lè nou blese, pa genyen lopital…pa gen dlo. Ni manje. Kamyon dlo pa kapab antre depi lagè a kòmanse nan kòmasnman mwa Mas la. Moun yo grangou, epi yo pa kapab jwenn manje,” Natalie P., yon lòt abitan Brooklyn, te di Human Rights Watch.[131]
Julieth F., yon lòt abitan, te deklare: “Lekòl yo fèmen, nou pa gen dlo ni kouran, nou pa genyen manje. Nou ap viv nan dlo sal ki soti nan mòn nan ki pase atravè kanal la, epi nan mitan fatra… Timoun mwen konn gade nan fatra pou eseye jwenn bagay yo kapab itilize ankò nan kay la, oswa sa nou kapab manje.”[132]
Pa genyen okenn èd imanitè ki te antre nan zòn Brooklyn pandan afwontman soti mitan Mas pou rive fen Avril.[133] Men gen kèk òganizasyon imanitè ak dwa moun ki te rive pote asistans bay abitan Brooklyn avan epi aprè afwontmanyo, abitan yo di yo pa resevwa sipò nan men leta.[134]
Nan kèk lòt zòn, tankou Kanaran, nan komin Kwadèboukè, pa genyen anpil enfrastrikti ki ap founi sèvis debaz yo, Nan ka sa, abitan yo konte sou manje ak pwodui òganizasyon imanitè yo ap bay.[135] Sityasyon an ap vin pi mal lè moun yo deplase akoz vyolans ki genyen nan lòt katye oswa komin.[136] “Anpil timoun ki deplase pa kapab ale lekòl paske fanmi yo pa kapab peye lekòl nan katye yo ale a, yo pa genyen aksè a manje,” daprè sa yon reprezantan sosyete sivil la di Human Rights Watch. “Genyen yon kantite moun yo te fòse yo deplase pou yo ale viv nan espas piblik tankou plas piblik, lari, epi yo espoze a move tan, maladi epi menm lòt ris sekirite.”[137]
Daprè Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), genyen plis pase 47 400 moun ki deplase ki soti nan zòn metwopoliten Pòtoprens ant Janvye pou rive Jen 2023, prensipalman ki soti Kwadèboukè ak Site Solèy.[138] Yo fè pati plis pase 195 000 moun ki se deplase entèn an Ayiti akoz vyolans depi kòmansman ane 2022 a.[139]
Aprè atak 19 Avril 2023 gwoup kriminèl yo te fè kont abitan Sous Matla yo nan komin Kabarè, pifò nan 3 700 moun ki te deplase yo te ale nan komin ki twouve yo nan nò tankou Akayè ak lòt moun ki te sove ale sou plas piblik nan komin Kabarè, kote yo pa resevwa okenn asistans leta.[140]
Quentin D., ki se yon gason ki gen 30 an yo te boule kay li epi yo te touye manman ak frè li pandan atak Sous Matla a, daprè sa li di Human Rights Watch:
Si sitiyasyon an kontinye konsa, se kòm si nou te deja mouri. Nou pa kapab kouri soti yon kote pou ale yon lòt kote tout tan pou sove anba atak sa yo. Mwen ap dòmi nan lari kounya, epi gen anpil jenn moun ki nan menm sitiyasyon an. Pafwa nou pase tout yon jounen san manje ni bwè anyen. N ap soufri anpil.[141]
Genyen plizyè dizenn abitan Wo Bèlè ki te deplase aprè atak gwoup Krache Dife a nan dat 28 Fevriye 2023, prensipalman pou ale Pòs Machan, kote y ap viv nan kan san gwo pwoteksyon kont eleman yo, epi kote aksè yo limite oswa pa genyen aksè pou jwenn manje ak sèvis debaz yo.[142]
Amandine T., yon abitan Wo Bèlè, te deklare:
Mwen ap viv nan yon abri nan Pòs Machan…avèk lòt viktim yo…Mwen avèk de (2) timoun…lè gen lapli, nou oblije tann li pase pou abri a ka seche. [Abri a] pa kouvri. Depi [atak la] yo pa ale lekòl. Mwen te pèdi tout bagay mwen te posede—inifòm, materyèl lekòl, tout bagay te boule nan kay la.[143]
Julien B., 31 an, te dekri kòman li te deplase kite Bèlè 1 Mas avèk madanm li ki te ansent epi yon sè li ki genyen 33 an, ki te sibi agresyon seksyèl pandan atak la:
Kounya, nou ap viv Pòs Machan, men yon semen aprè [atak la], mwen te retounen [Wo] Bèlè pou eseye pran kèk bagay nan kay la, men mwen te jwenn yo kase kay la. Nou te pèdi tout bagay…Kounya nou isit la, pratikman yon kote ki pa kouvri, nou pa gen aksè a anyen, pèsonn pa ede nou, pèsonn pa ban nou ni manje ni dlo.[144]
Plizyè Milye Ayisyen ap Sove pou Vyolans ak yon sitiyasyon Kawotik
Anpil ayisyen kite peyi a nan dènye ane sa yo, pafwa nan vwayaj ki mete lavi yo an danje. Pèsonn pa konnen kantite moun ki sove kite peyi a egzakteman. Nan premye mwatye ane 2023, daprè OIM. Sa te fèt malgre ris elve ki te genyen pou lavi yo ak entegrite fizik yo an Ayiti ak apèl repete Nasyonzini te fè pou mande kanpe sou depòtasyon Ayisyen yo. Nan total sa, 93 pousan ladan yo te soti Repiblik Dominiken, pandan peyi Bahamas, Kiba, Tik ak Kayikòs, epi Etazini te voye rès yo tounen.[145]
An Me 2023, Tit 42 a te pran fen, se yon seksyon nan lwa sou Sante piblik Etazini administrasyon Joe Biden ak Donald Trump lan te mal itilize pou mete deyò moun ki ap chèche azil, san yo pa pèmèt yo benefisye pwosedi ki trase pou sa.[146] Men, administrasyon Biden nan ranplase li avèk yon nouvo lwa federal ki gen ti non “Biden asylum ban” (Entèdiksyon pou jwenn azil) ki kontinye bloke plizyè moun ki ap mande azil jwenn azil nan peyi Etazini.[147]
Lwa entèdiksyon pou benefisye azil Biden nan, an tèm jeneral, egzije moun ki vle gen azil nan peyi Etazini pou yo pran randevou atravè yon aplikasyon sou entènèt ki rele CBP One, ki pa aksesib pou anpil moun ki ap mande azil akoz baryè finansye, lengwistik ak teknolojik yo genyen, sa ki genyen yon enpak negatif ki pi plis sou moun ki ap mande azil ki se Nwa ak Endijèn.[148]
Ayisyen yo tou genyen opsyon pou aplike pou pwogram imanitè kondisyonèl la, ki li menm tou difisil pou w gen aksè avèk li, paske li menm tou li mande pou genyen yon moun ki ap sipòte w finansyèman nan peyi Etazini. Lwa a anpeche moun ki pa rive itilize aplikasyon CBP One nan epi ki pa rive aplike pou pwogram imanitè yo jwenn azil Etazini sof si yo satisfè youn nan plizyè esepsyon yo ki trè limite, pami yo, ou dwe pwouve ou te mande epi yo te refize demann azil ou a nan yon lòt peyi ou te migre ladan pandan ou te nan wout pou antre Etazini.[149] Aksede a pwogram imanitè a oswa Azil la vin pi difisil toujou si moun yo te tante mande azil swa pandan yon vwayaj sou bato oswa travèse fwontyè terès ki nan sidwès peyi a lwen pòt antre ofisyèl yo.[150] Règlemantasyon sa yo fè pwosesis azil la inaksesib pou anpil Ayisyen ki ap fè fas ak baryè lengwistik epi diskriminasyon rasyal, epi tou ki vinerab ekonomikman e sosyalman.[151]
An Jiyè 2023, genyen yon jij federal ki konkli yo te enpoze règlemantasyon sa yo yon fason ki pa apwopriye epi li di yo pa te dwe aplike yo, menm li toujou pa rann òdonans li paske li ap tann yo fè apèl sou desizyon an. Sa vle di li posib pou entèdiksyon an toujou aplike pandan lakou dapèl ap egzamine dosye yo.[152]
Egzijans sa yo vle di anpil ayisyen ki ap tante jwenn azil Etazini ap oblije tann nan peyi Meksik, kote yo viktim tout kalite vyolasyon dwa moun, tankou diskriminasyon rasyal, kidnaping, vyolans seksyèl ak estòsyon lajan.[153]
An Avril, Komite Nasyonzini pou Eliminasyon Diskriminasyon Rasyal (CERD) te esprime gwo enkyetid yo genyen akoz ogmantasyon diskou rayisman, rasis ak vyolans zenofòb kont Ayisyen ki an deplasman yo epi itilizasyon pwofilaj rasyal kèk responsab ki la pou fè aplike lalwa nan kèk peyi nan Amerik la ap fè. Komite a te mande Etazini ak lòt peyi nan rejyon an pou kanpe sou retou fòse yo epi adopte mezi pou pwoteje Ayisyen ki an deplasman yo [154]
Daprè yon òganizasyon ayisyen ak OIM, genyen plizyè milye ayisyen yo ap vyole dwa yo sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominiken, kote otorite dominiken yo ap voye yo tounen an Ayiti. Asistans OIM nan rive jwenn sèlman 1 pousan nan migran ak moun ki ap mande azil yo akoz yon mank resous finansye.[155]
Travayè imanitè yo di Human Rights Watch otorite Dominiken yo regilyèman arete moun yo sispèk ki se ayisyen sèlman sou baz rasyal oswa koulè po yo ki pi fonse. Aprè yo mennen yo sou fwontyè a, yo mete yo nan yon kaj dèyè kamyon nan yon chalè ki ap toufe yo pandan y ap tann pou yo transfere yo, san yo pa gen twòp aksè oswa pa bay yo aksè a manje ni dlo, avan yo voye yo tounen Ayiti, kote yo ap fè fas ak pwoblèm imanitè ak dwa moun ki grav anpil.[156]
Nan fen Jen 2023, Espè Endepandan Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun an Ayiti te mande Repiblik Dominiken pou kanpe sou metòd rapatriman ki pa respekte nòm nan kesyon dwa moun epi ki vyole akò bilateral sou migrasyon yo, epi li te relanse apèl bò kote lòt peyi nan rejyon an pou mete fen nan depòtasyon an mas migran ayisyen yo, patikilyèman timoun ki minè ki pa akonpanye avèk paran yo.[157]
Nòm Jiridik ki Aplikab
Entèdiksyon refoulman fè pati Konvansyon kont zak kote yo Tòtire moun ak lòt Tretman epi Pinisyon Kriyèl, ki pa respekte dwa Moun, oswa ki Degradan, Konvansyon Entènasyonal pou Pwoteksyon Tout Moun kont Disparisyon Fòse epi tou Konvansyon sou Refijye ak pwotokòl li yo.[158] Li garanti okenn moun pa dwe retounen nan yon peyi kote yo kapab tòtire li, sibi move tretman ak pinisyon kriyèl, ki pa respekte dwa moun oswa ki degradan ak lòt prejidis ki pa kapab repare
Prensip sa aplike pou tout migran an tout tan, san li pa konsidere estati migran an.[159] Si nou konsidere jan kriz sekirite, imanitè ak dwa moun nan dekri nan rapò sa, retounen Ayisyen ak pitit yo nan peyi a, kote yo espoze pou yo sibi prejidis grav e ki pa reparab, t ap konsidere kòm yon refoulman, sa ki t ap vyole dwa entènasyonal sou dwa moun.
An Novanm 2022, nan kad respè prensip sa, Wo Komisè Nasyonzini pou Refijye te lanse yon apèl bay gouvènman yo pou di, “pa retounen Ayisyen nan yon peyi ki frajil anpil konsa.”[160] Ajans la te ensiste pou di “Fanm ayisyen, timoun ak gason ki deyò peyi a epi yo fòse retounen yo an Ayiti kapab fè fas ak ris sekirite ak sante ki kapab menase lavi yo epi pi devan oblije yo deplase anndan peyi a.”[161]
Nan menm sans lan, Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa moun nan, te avèti pou di “li klè vyolasyon sistematik dwa moun ki genyen an Ayiti a, aktyèlman pa pèmèt retou Ayisyen yo fèt an tout sekirite, nan diyitite epi yon fason dirab nan peyi a,”epi li mande gouvènman yo pou “garanti tout Ayisyen genyen aksè a yon estati legal, pwoteksyon ak sèvis asistans san yo pa gade sou rezon ki fè yo kite peyi yo,” pandan li ap raple yo dwa entènasyonal nan kesyon dwa moun entèdi refoulman san yon envalyasyon endividyèl sou tout bezwen pwoteksyon yo genyen avan menm yo retounen moun yo.[162]
III. Politik, Krim, Konplisite Lapolis, Yon Jistis Disfonksyonèl
Pou konprann sa ki ap pase an Ayiti a, nou dwe fè yon kout je nan tan ki pase yo. Yon premye kote, nou genyen gwoup kriminèl yo ki ap pran fòs lè aktè politik yo ap bay [moun] zam pou pran pouvwa epi aprè enstrimantalize [gwoup sa yo] pou plizyè rezon. Kounya gwoup sa yo vin plis otonòm avèk lajan yo fè nan lòt aktivite tankou kidnaping ak estòsyon. [Epi aprè nou genyen] Etazini, Lafrans, Nasyonzini ak lòt peyi ki te entèvni nan peyi a nan plizyè fason—kèk ki bon, men lòt ki mal anpil, tankou sipòte aktè politik kowonpi ki sou pouvwa yo. Sa fè genyen tout yon seri enstabilite politik ak vyolans san fen kote se moun ki pi vilnerab yo ki ap sibi konsekans ki pi grav yo.
— Yon reprezantan sosyete sivil ayisyen an[163]
Reprezantan sosyete sivil ayisyen an, responsab òganizasyon imanitè ak dwa moun ki ap travay an Ayiti ak responsab nan gouvènman ayisyen an ki te nan konsiltasyon avèk Human Rights Watch toujou ensiste sou relasyon ki genyen depi lontan ant gwoup kriminèl yo avèk aktè politik ak ekonomik ki etabli nan peyi a. Yo fè konnen aktè politik ak lòt aktè yo konte sou gwoup kriminèl pou ede yo sekirize enterè biznis ak vòt yo pandan eleksyon, sa ki pral pèmèt yo rive oswa rete sou pouvwa. Yo akize gwoup kriminèl ki ta regilyèman fòse abitan nan zòn ki anba kontwòl yo, oswa kote yo aktif, vote pou politisyen ki konn ede yo, pafwa yo konn rale zam sou yo pou fè sa.[164]
Kèk manm sosyete sivil ayisyen fè konnen genyen de (2) faktè ki esplike monte vyolans lan. Premye a se poltik: yo di alafwa pati ki nan opozisyon politik la ak pati ki alye gouvènman an ap chèche enfliyanse rezilta eleksyon (ki poko pwograme) ki ap vini yo nan itilize gwoup kriminèl yo pou kontwole zòn ki gen anpil moun ki ap vote. Lòt faktè a se gwoup kriminèl yo ki ap vin pi otonòm ki ap chèche gen kontwòl plis teritwa pou etann aktivite kriminèl yo, an pati pou rezon finansye.[165]
Se yon gwoup moun trè divèsifye ki te patisipe nan entèvyou Human Rights Watch yo, pami yo reprezantan sosyete sivil ayisyen an ak responsab nan gouvènman an, ki te fè konnen genyen kèk manm nan Polis Nasyonal Dayiti a ki genyen relasyon tou avèk gwoup kriminèl yo epi ki pèmèt yo fonksyone, swa nan pa eseye konbat yo oswa arete chèf yo, swa nan bay yo enfòmasyon ki itil pou aktivite kriminèl yo, oubyen nan patisipe nan aktivite yo, oswa nan sipòte yo avèk ekipman, zam oswa machin pou reyalize operasyon yo.[166] Yo fè konnen youn nan prensipal chèf kriminèl ak kèk manm gwoup kriminèl yo ki se ansyen polisye, tankou Jimmy Chèrizier (alyas “Barbecue”), ki ap dirije kowalisyon G9.[167] Moun sa yo ki te nan entèvyou ak Human Rights Watch fè konklizyon sa yo sou ba pwòp ankèt pa yo, tankou temwayaj viktim, prèv ki kolekte pandan ankèt lajistis ak deklarasyon piblik lidè gwoup kriminèl yo fè. Human Rights Watch pa te fè okenn verifikasyon endepandan sou deklarasyon sa yo.
Daprè responsab lajistis ak gouvènman an ki te patisipe nan entèvyou Human Rights Watch yo, genyen kèk dosye y ap mennen ankèt sou yo nan sistèm jistis la sou relasyon prezime ki ta genyen ant gwoup kriminèl yo avèk politisyen, tankou ansyen senatè ak minis, responsab nan gouvènman an ak ansyen manm fòs polis la.[168] Sepandan, Human Rights Watch pa okouran si genyen okenn nan ankèt sa ki mennen nan kondanasyon moun nan tribinal ayisyen yo.[169]
Yon Sitiyasyon Politik Estrèm
“Jiskadat, se sèlman Ariel Henry ki ap egzèse tout fonksyon leta yo.”
— Yon manm ekip endepandan pou fasilitasyon an ki jwenn akreditasyon Wo Konsèy Tranzisyon an [170]
Depi asasina Prezidan Jovenel Moise an Jiyè 2021, Premye Minis Ariel Henry, ki pa te janm resevwa apwobasyon palman an, sa ki vle di li pa genyen yon manda konstitisyonèl, ap dirije avèk dekrè.[171] Palman an te disfonsyonèl depi 2019, lè Prezidan Moïse te refize òganize eleksyon lejislatif yo, kote 10 senatè eli sèlman ki te rete nan pòs yo. Depi fen manda yo an Janvye 2023, peyi a pa genyen okenn reprezantan ki te pase nan eleksyon nan okenn nivo.[172]
Nan mwa Dawout 2021, yon gwoup ki genyen reprezantan sosyete sivil ayisyen an, pati politik, òganizasyon kominotè ak reprezantan biznis te rankontre nan Otèl Montana nan Pòtoprens epi siyen sa ki ta pral pote non “Akò Montana,” ki bay jistifikasyon ak pwosesis pou mennen nan mete kanpe yo nouvo, gouvènman tranzisyon, ki pi lejitim epi ki pi reprezantatif pou òganize eleksyon lib, san fòs kote. Genyen plis pase 1000 gwoup ak moun ki te siyen akò a, sa ki reprezante yon gwoup divèsifye nan sosyete ayisyen an – Men Premye Minis Henry ak pati politik PHTK, oswa alye ki pi pwòch yo pa te fè pati akò sa.[173]
Prensipal patnè entènasyonal Ayiti yo, pami yi Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak gouvènman Etazini, pa te andose Akò Montana a men yo te pito kontinye sipòte Ariel Henry.[174]
An Septanm 2021, Ariel Henry te siyen yon lòt akò ki rele “akò politik pou yon gouvènans apeze ak efikas pandan peryòd tranzisyon an” avèk plizyè pati politik, pami yo Sektè Demokratik ak Popilè a epi PHTK, kote yo pran angajman pou òganize eleksyon jeneral an Desanm 2022.[175] Prensipal manm Gwoup Montana yo pa te fè pati akò sa a. [176]
Lè li te vin klè pa t ap genyen eleksyon jan sa te anonse a, Ariel Henry te siyen yon lòt akò ki rele “Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak Eleksyon Transparan” avèk yon kowalisyon aktè politik, sosyete sivil ak sa ki nan biznis.[177].[178] Akò a prevwa pou yo mete kanpe Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) ki ap gen responsablite elabore yon mach a swiv pou òganize pwochen eleksyon jeneral yo, revize konstitisyon peyi a epi pwopoze refòm nan sistèm jistis la.[179]
Gwoup Montana ak prensipal òganizasyon dwa moun ak reprezantan sosyete svil la pa te ni envite nan diskisyon yo ni yo pa te siyen deklarasyon final la Yon obstak kle ki genyen se konnen si HCT ap jwe wòl prezidans lan oubyen si li ap sèvi kòm yon veritab ògàn kontwòl sou pouvwa Premye Minis Henry a, oubyen si li ap aji anba otorite Ariel Henry.[180]
HCT a te kòmanse travay nan dat 6 Fevriye 2023, malgre opozisyon ki genyen anfas li, men li pa fè twò gwo avanse sou objektif akò a pou rive nan moman rapò a ap ekri a.[181] Nan yon rankont avèk Human Rights Watch an Avril 2023, Henry te rekonèt yo poko etabli yon mach a swiv ki klè. “Pou kounya pa genyen okenn otorite ki soti nan eleksyon, ni nan nivo nasyonal oubyen nan nivo gouvènman rejyonal yo,” daprè sa li di. “Nou ap travay… pou òganize eleksyon ane pwochen epi nou ap dyaloge avèk tout sektè…Nou espere jwenn yon akò byento”[182]
Kèk nan patnè entènasyonal ak rejyonal Ayiti yo, pami yo BINUH ak gouvènman Etazini, nan yon premye tan, te sipòte akò Desanm 2022 a.[183] Men nan dènye mwa sa yo, ta sanble genyen plis moun ki rekonèt li nesesè pou genyen yon nouvo mach a swiv ki pi enklizif, espesyalman akoz deteryorasyon radikal sitiyasyon sekiritè a, ki kapab fè li enposib pou òganize eleksyon lib e san fòs kote.
An Jen 2023, Premye Minis Ariel Henry ak yon gwoup lidè politik ak sosyete sivil ayisyen, pami lòt ankò, te rankontre nan peyi Jamayik sou inisyativ Gwoup Pèsonalite Enpòtan nan Kominote Karayibeyen an (CARICOM), ki gen ladan li twa (3) ansyen premye minis nan rejyon an, ki ap chèche jwenn yon konsansis politik pi laj sou fason pou rezoud kriz la.[184] Yo pa te rive jwenn okenn konsansis, men Ariel Henry te angaje li pou fè kowalisyon ki ap gouvènen a pi enklizif epi diskite sou agrandisman HCT a.[185]
Pandan sa, genyen yon gwoup pati politik, pami yo PHTK ak gwoup Montana, men tou kèk gwoup nan sosyete sivil ki te prezan nan rankont yo, te siyen Deklarasyon Tèt kole Kingston nan, ki mande pou mete kanpe yon kolèj prezidansyèl ak yon gouvènman inite nasyonal ki ap genyen yon premye minis nan tèt li.[186]
Pandan rankont sa a nan peyi Jamayik, jou ki te 12 jen 2023, genyen nèf (9) gwoup ki te reprezante prensipal òganizasyon dwa moun ak yon gwoup moun byen konnen nan dyaspora ki ap evolye Etazini ki te siyen yon deklarasyon tèt kole ki mande kominote entènasyonal la pou pote sipò li an ijans pou rezoud kriz miltidimansyonèl peyi a ap konnen an. Premyeman, yo te mande patnè Ayiti yo pou sispann sipòte yon seri aktè ki kreye kriz la men pou sipòte pito lide pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon ki lejitim “ki ap gen nan tèt li teknokrat ki t ap angaje yo pou pa patisipe nan pwochen eleksyon yo epi ki t ap travay…pou òganize eleksyon lib, kredib epi san fòs kote.”[187]
Nan mitan mwa Jen an, Sekretè Deta Ameriken Anthony Blinken te lanse apèl pou genyen yon dyalòg pi enklizif an Ayiti:
Nou kontinye kwè se yon pwosesis politik kote se Ayisyen ki ap dirije li epi ki fèt pou Ayisyen ki se pi bon mwayen pou fòje yon rezolisyon pèp ayisyen an ap asepte epi li kapab sipòte. Nou mete tèt nou ansanm ak patnè nou yo pou ankouraje Premye Minis Henry, Wo Konsèy Tranzisyon an ak lòt reprezantan sektè politik, ekonomik, relijye ak sosyete sivil la pou lanse yon pwosesis dyalòg ki serye.[188]
Nan kòmansman Jiyè, Ariel Henry te rankontre avèk Blinken nan yon rankont CARICOM nan Trinidad ak Tobago, kote yo te “diskite sou ijans ki genyen pou elaji konsansis politik la epi jwenn yon akò ki pi laj ki ap jwenn plis sipò pou pèmèt yon retou a lòd demokratik pi rapid posib.”[189]
Nan mitan mwa Jiyè, Gwoup Pèsonalite Enpòtan CARICOM nan te vizite Ayiti pou fè swivi sou rankont ki te fèt Jamayik la pou kontinye fasilite yon dyalòg ant Ayisyen. Menm si pa te genyen akò sou yon mach a swiv espesifik, gwoup la di li te jwenn yon konsansis jeneral sou nesesite pou elaji HCT a epi defini ki fòm asistans sekiritè Ayiti ab bezwen. Gwoup la di yo te konsantre yo sou pwosesis pou kontinye avèk jefò fasilitasyon yo nan tan ki ap vini yo.[190]
Plizyè Dizenn ane Enfliyans Kriminèl nan Politik la
“Gwoup kriminèl yo te konn epi kontinye resevwa zam nan men pati politik ak elit ekonomik yo pou kontwole popilasyon an [epi] mete men sou eleksyon epi konsève monopòl yo genyen. Sa fè pati istwa Ayiti ; se yon seri vyolans ki pa janm fini.”
— Deklarasyon yon Jij epi manm Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo [191]
Depi diktati François Duvalier ak pitit gason li, Jean-Claude “Baby Doc” Duvalier ki te kòmanse an 1957 pou rive 1986, yo akize aktè politik ayisyen ki sou pouvwa yo ak elit ekonomik peyi a ki ta itilize gwoup kriminèl pou ranfòse pozisyon yo oswa aktivite yo, kòm egzanp, pou kontwole zòn kle nan vil yo pandan eleksyon, pou elimine opozan politk ak sosyal, oswa pou konsève monopòl ekonomik yo.[192]
Tou dènyeman la, administrasyon Prezidan Michel Martelly (2011-2016) ak pati politik li, ki se Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK), te akize tou pou relasyon prezime li genyen avèk gwoup ame.[193] An Novanm 2022, Kanada te sanksyone Martelly avèk de (2) premye minis li yo, paske yo ta pwoteje epi pèmèt gwoup kriminèl ame yo mennen aktivite yo, men tou pou enplikasyon yo nan blanchiman lajan ak lòt zak koripsyon.[194]
Depi 2020, gwoup sa yo, sou fòm rezo ak kowalisyon ki laj, vin yon jan pi otonòm, kote yo divèsifye aktivite illegal ak sous revni yo. Tankou nan fè kidnaping, kontwole pwen ki mennen nan ladwann, konplisite avèk otorite pou fè lajan sou komèsan ak lòt moun, fè estòsyon sou yon kantite gwo ak ti biznis, tankou konpayi transpò, mache piblik, rezo distribisyon dlo ak kouran elektrik, pami lòt.[195]
Prezidan Jovenel Moïse (2017-2021), ki fè pati tou pati PHTK, te anba akizasyon opozisyon politik la ak sosyete sivil la ki t ap kritike li paske li te konte sou gwoup kriminèl pou rete sou pouvwa.[196] Moïse te kandida pou prezidanpou premye fwa an 2015 nan yon eleksyon kote te genyen gwo akizasyon fwod ladan li epi li te vin eli prezidan nan eleksyon ki te òganize aprè an an 2016.[197] Manda prezidan an Ayiti se sèlman senk(5) ane.[198] Moïse te ensiste pou di manda li t ap fini an 2022, yon pozisyon ki te jwenn sipò Etazini ak Òganizasyon Eta Ameriken yo [199] Men Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, nan yon desizyon, fè konnen manda a te fini an 2021. Opozan politik li yo te dakò avèk desizyon sa.
Pandan manda li a, yo te akize Moïse ak manm gouvènman li a ki ta itilize gwoup kriminèl pou kraze tout gwo manifestasyon ki t ap fèt nan peyi a soti 2018 pou rive 2021 epi pou kontwole katye ki pa resevwa sèvis piblik yo epi ki genyen anpil moun ki ap viv ladan yo pou sekirize vòt yo nan pwochen eleksyon yo.[200]
Manifestasyon yo te kòmanse, pandan peryòd sa, apati plan gouvènman te genyen pou ogmante taks sou gaz; eskandal koripsyon tankou sa ki gen rapò pwogram PetroCaribe (yon inisyativ enèjetik Venezuela te lanse an 2005 pou founi petwòl brit bay peyi ki nan rejyon Karayib la a yon pri redui); epi tantativ prezidan Jovenel pou pwolonje manda li jiska Fevriye 2022, malgre entèpretasyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè pou di manda li te fini an 2021, yon desizyon anpil ayisyen te krenn pou se pa fondasyon yon nouvo diktati ki t ap mete an plas.[201]
Manm sosyete sivil la ak obsèvatè entènasyonal yo akize Moïse ak manm gouvènman li yo ki t ap sipòte gwoup kriminèl pou reyalize masak nan katye nan Pòtoprens kote opozisyon ak mouvman disidan yo te pran nesans, atravè distribisyon zam ak minisyon, inifòm lapolis ak machin leta. Yo akize manm gouvènman yo ki patikilyèman ap sipòte gwoup kriminèl ki nan alyansG9 ki gen nan tèt li ansyen polisye Jimmy Chérizer ak sis (6) lòt gwoup pou komèt yon masak nan Lasalin an Novanm 2018, kote pou pi piti yo te touye 70 moun.[202]
Aprè asasina Moïse an Jiyè 2021, Ariel Heny, ki se premye minis Moïse te nome—ki soti nan pati Inite, ki pa soti nan PHTK—te pran pouvwa epi siyen yon akò “pou yon gouvènans konsansyèl e apeze” avèk PHTK epi lòt pati politik ayisyen. Pami yo kèk ki te nan opozisyon fas ak gouvènman Moïse la, pati politik yo akize tou ki ta genyen relasyon avèk gwoup kriminèl, tankou gwoup Kraze Baryè, kowalisyon G-Pèp ak gwoup 400 Mawozo.[203] Daprè kèk aktivis nan sosyete sivil la, gwoup kriminèl sa yo genyen relasyon avèk Henry epi alye li yo ki sou pouvwa a. [204]
Òganizasyon dwa moun ayisyen ak entènasyonal, menm jan ak espè nan sekirite ki te patisipe nan entèvyou avèk Human Rights Watch, fè konnen sou lidèchip Ariel Henry, gwoup kriminèl yo vin pi fò, kote yo depase kapasite lapolis ki la pou kontrekare yo, epi kounya yo ap goumen youn ak lòt epi y ap touye moun ak itilize vyolans seksyèl pou demontre pouvwa yo genyen epi etann kontwòl yo sou gwo espas nan rejyon metwopoliten Pòtoprens ak lòt depatman. Espè nan politk ak sekirite, reprezantan gouvènman an ak sosyete sivil la ki te pale avèk Human Rights Watch afime relasyon ki genyen ant ogmantasyon vyolans yo avèk eleksyon ki ap vini yo, eleksyon Ariel Henry te pwomèt depi lè li te monte sou pouvwa, paske gwoup kriminèl yo gen objektif pou garanti siksè politisyen ki ap ede yo, jan yo te fè sa nan eleksyon ki pase yo. An pati, ogmantasyon vyolans kapab jwenn esplikasyon nan pwòp enterè yo genyen nan etann aktivite kriminlèl yo.
Konplisite Lapolis nan Aktivite Kriminèl
Jan nou te remake sa piwo a, genyen kèk manm lapolis yo ta akize pou relasyon prezime yo genyen avèk gwoup kriminèl yo.[205] Nan kèk ka, gen kèk polisye yo akize ki ap sipòte gwoup kriminèl nan bay yo zam, oswa ekipman osinon pèmèt sikilasyon ilegal zam pou rive jwenn yo. Yo akize polisye ki ta konn avèti gwoup kriminèl yo konsènan operasyon lapolis ap mennen kont yo, epi nan lòt ka, yo akize polisye yo ki ta patisipe dirèkteman nan atak kont gwoup rival yo oswa patisipe ansanm avèk gwoup kriminèl nan atak yo ap fè sou abitan yo.[206]
Premye Minis Ariel Henry te deklare devan Human Rights Watch: “[Akoz trafik ilegal zam], gwoup kriminèl yo pi byen ame pase lapolis nasyonal la… Polis nasyonal la fèb. Li manke resous epi li te pèdi anpil nan manm li yo. Li pa prepare oswa pa byen fòme. Se pou tèt sa entèvansyon lapolis yo limite epi gang yo atire anpil polisye.”[207]
Ka moun pi konnen an se Jimmy Chérizier, alyas “Barbecue”, ki se yon ansyen polisye epi lidè kowalisyon G9. Anpil moun panse kowalisyon an genyen ansyen polisye ak polisye ki an sèvis nan manm li yo epi li ta genyen relasyon avèk PHTK.[208] Jan yon ansyen wo grade nan lapolis la te di Human Rights Watch: “Yo se polisye lajounen epi manm gang lannwit.”[209]
Òganizasyon dwa moun ayisyen te dokimante anpil atak gwoup kriminèl yo te fè kote ta genyen enplikasyon prezime manm nan lapolis oswa yo ta kolabore, kòm egzanp nan Lasalin, Bèlè ak Site Solèy, sou administrasyon Moïse la ant 2018 e 2020, epi tout dènye atak y ap mennen ankèt sou yo tankou nan Laplenn, Nway ak Savann Pistach sou administrasyon Henry a.[210]
Ansyen wo grade nan lapolis la te di Human Rights Watch: “Polisye yo pa byen touche, yo pa byen ekipe, yo ap antre fasilman nan aktivite kriminèl pou fè plis lajan… nan chak gwoup kriminèl, w ap jwenn de (2) oubyen twa (3) polisye. Yo itilize machin lapolis pou deplase epi fè kidnaping.”[211]
Daprè Nasyonzini, genyen preske 15 000 polisye nan tout peyi a, swan 125 polisye pou chak 100 000 abitan nan yon peyi ki gen 11.5 milyon moun. Akoz pwoblèm administratif tankou sispansyon, transfè, andikap, konje ak sa ki detache nan sekirite responsab nan gouvènman an, se sèlman preske 10 000 polisye ki deplwaye aktyèlman.[212] Polis nasyola la ap konnen pwoblèm lojistik ak sekirite, paske li genyen ase resous, fòmasyon, ekipman ak kapasite pou mennen ankèt pou fè fas ak aktivite kriminèl yo.[213]
BINUH fè konnen genyen 34 polisye yo te touye soti Janvye pou rive Jen 2023.[214] Atak san rete ki genyen ant gwoup kriminèl yo, nan batay pou kontwole nouvo teritwa, fòse plizyè dizenn polisye kite komisarya yo tanporèman. Nan premye mwatye ane a, genyen 34 komisarya ki te atake, prensipalman nan depatman Lwès ak Latinonit. Mete sou sa, se plis pase 400 enfrastrikti lapolis nan tout peyi a ki pa operasyonèl akoz atak gwoup kriminèl.[215] Atak konsa ki ap fèt sou lapolis ap ogmante depi 2021, daprè Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim (UNODC).[216]
Kòm konsekans, polisye ki nan konplisite avèk gwoup kriminèl yo kapab an reyalite abandone sa ki pa enplike yo. “Nan Brooklyn, Site Solèy, pa genyen polisye, menm si genyen de (2) gwo komisarya,”daprè sa yon travayè dwa moun deklare. “Gwoup kriminèl pran kontwòl yo depi plizyè mwa.”[217]
Ogmantasyon Sikilasyon Zam ak Minisyon
Youn nan konsekans aktivite kriminèl jeneralize yo se ogmantasyon trafik zam soti Etazini pou vini Ayiti ant 20 e 2022, ki, daprè responsab gouvènman ak òganizasyon entènasyonal yo, genyen enplikasyon manm elit politik ekonomik peyi a ki ta genyen relasyon prezime avèk gwoup kriminèl.[218]
Ayiti pa ofisyèlman fabrike zam oswa minisyon, tout zam ki nan peyi a antre apati enpòtasyon nan lòt peyi, swa legalman oswa ilegalman.[219] An 1994, Etazini te enpoze yon anbago pasyèl sou zam an Ayiti, sof pou kòmann zam ak ekipman defans pou polis nasyonal la ak Nasyonzini, kòmann ki dwe jwenn apwobasyon Depatman Deta Etazini.[220]
Daprè rapò Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim (UNODC) te pibliye an 2023, pa genyen chif ofisyèl sou kantite oswa tip zam ki an sikilasyon an Ayiti.[221] Sepandan, majorite zam ki an sikilasyon yo, ta sanble achte ilegalman atravè founisè ki pa gen lisans pou sa epi yo pa deklare yo devan otorite ladwann. Zam yo ta soti prensipalman nan peyi Etazini, espesyalman nan pò ki nan Sid Florid, atravè rezo nan dyaspora ak koutye ki fè yo pase nan kontrebann pou antre nan peyi swa sou lanmè, sou tè ak nan avyon, kote yo kache yo nan konntenè pwodui fre ak sa ki glase, ekipman elektwonik, rad oswa nan pati enferyè bato ki ap pote machandiz yo, kote yo pwofite de fwontyè Ayiti a ki se yon paswa, patikilyèman sa li pataje avèk Repiblik Dominiken.[222]
Gwoup kriminèl ayisyen yo ap chèche fizi daso militè, daprè Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim (UNODC). UNODC te idantifye fizi ki gen seri AR-15 (M-16, M-14, M-4) modèl fizi Kalashnikov-rifles (AK-47, Tip-65, Galil), Mitrayèt tip Negev, ak revolvè 9mm ak pistolè semi-otomatik ki itilize nan afwontman ant gwoup kriminèl yo nan Site Solèy an 2022.[223] Depatman Sekirite Enteryè Etazini fè konnen nan trafik zam soti Etazini pou vini an Ayiti yo, trafik la plis fèt nan ka gwo zam epi ki pi puisan tankou zam a presizyon (pou snaypè) ki gen kalib 0.50, fizi 0.308 ak mitrayèt ki pran chenn bal.[224]
Reprezantan gouvènman ayisyen an di Human Rights Watch pifò zam ki sezi yo se fizi daso, pistolè ak minisyon [225]Depi 2021, ajan dwanye ayisyen, polis nasyonal Dayiti ak lòt ajans yo te sezi preske 800 zam, prensipalman nan Depatman Lwès, daprè chif ki soti bò kote Polis nasyonal Dayiti.[226]
Gen komisè gouvènman ki di Human Rights Watch depi mwatye ane 2022 a, genyen pou pi piti de (2) gwo sezi kagezon zam ilegal ki te fèt nan Pòdpè ak Pòtoprens, kote yo te rive idantifye non moun ki te enplike nan kontrebann nan, pami yo kèk politisyen, biznismann, reprezantan Legliz Episkopal ak ansyen reprezantan gouvènman an sou administrasyon Moïse ak Henry. Pami yo genyen ansyen minis jistis Berto Dorcé, ak kèk nan pwòch kolaboratè li yo.[227]
Nan yon operasyon ki te mennen nan Pòdpè an Jiyè 2022, yo te sezi 120 000 katouch 5.56mm, 9mm ak zam kalib 7.62mm, de (2) pistolè 9mm, yon revòlvè 0.38, ak trant (30) chajè pou fizi tip AK-47, ak fo biyè dola ameriken.[228] Nan yon sezi ki te fèt an Jiyè 2022, nan Pòtoprens, responsab ladwann yo te jwenn 17 fizi semi-otomatik 5.56mm ak 7.62mm, kat pistolè 3mm ak 40mm, yon fizi chas kalib 12, 12 779 katouch 7,62 mm, plizyè milye katouch kalib 5,56 mm, 9 mm ak 12mm epi fo lajan.[229]
Kèk sous ki ap ankete sou dosye sa yo epi ki genyen aksè a dosye penal la fè Human Rights konnen pifò zam yo te dwe ale jwenn gwoup kriminèl tankou 400 Mawozo ak lòt gwoup ki fè pati kowalisyon G9.[230]
Sistèm Jistis la Disfonksyonèl ak Prizon ki gen twòp moun
“Pi gwo pwoblèm nan se enpinite…Gang pran kontwòl tribinal, yo vòlè epi boule dosye penal ak prèv yo, [epi] anpil responsab lajistis abandone fonksyon yo akoz ensekirite.”
— Yon responsab nan Biwo Pwotektè Sitwayen an[231]
Pwosesis ankèt yo pa rapid ditou. Pa genyen ase responsab. Nou pa genyen ase resous finansye oswa teknik pou fè ankèt yo avanse, epi sistèm jistis la genyen menm pwoblèm yo. An Ayiti, enstitisyon yo egziste sèlman apati non yo.”
— Yon Manm Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ)[232]
Avanse yo piti oswa pa genyen avanse ditou nan ankèt oswa pouswit devan lajistis nan pifò masak ak lòt vyolasyn grav dwa moun gwoup kriminèl yo te komèt nan dènye ane sa yo, tankou kidnaping, vyolans seksyèl, touye defansè dwa moun, avoka ak jounalis, daprè deklarasyon Biwo Pwotektè Sitwayen an ak gwoup nan sosyete sivil la.[233] Dosye ki gen rapò ak trafik zam ilegal yo bloke tou.[234] Te genyen yon sèl kondanasyon nan yon dosye koripsyon sou 15 dènye ane ki pase yo, daprè Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD.[235]
Daprè Nasyonzini, pousantaj global kondanasyon nan sistèm jistis la rive a 3 pousan.
Depi 2018, tribinal ayisyen an yo te operasyonèl pandan sèlman twa (3) mwa chak ane, kote yo reyalize preske 550 odyans penal an total, pandan odyans sa yo 285 moun te kondane. Kèk nan kay ki loje tribinal yo te tonbe anba kontwòl gwoup kriminèl, pami yo Tribinal depè nan Site Solèy an Jiyè 2020 epi nan Pòtopren se Palè Jistis la an Jiyè 2022. Tribinal sa yo poko relokalize epi responsab lajistis yo toujou ap fè fas ak pwoblèm sekirite ki anpeche yo ranpli fonksyon yo.[236]
Sistèm penitansye Ayiti a depase limit kapasite li; avèk 11 836 prizonye pou rive 30 Jen pase a, li genyen yon pousantaj okipasyon ki se 332 pousan. Pami yo genyen 10 009 prizonye, swa 85 pousan ki nan detansyon pwovizwa, kote pifò nan yo ta ap viv nan kondisyon ki pa fèt pou moun evolye, san aksè pou jwenn bon jan dlo, manje oswa swen sante.[237]
Nouvo kòd ak pwosedi penal ki ta dwe redui kantite moun ki nan detansyon pwovizwa te dwe antre an aplikasyon an Jen 2022. Sepandan, gouvènman ap fè revizyon sou yo epi li repòte aplikasyon yo jiska 2024.[238]
An Janvye 2023, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), enstitisyon ki la pou kontwole sistèm jistis la, te pibliye rezilta travay kontwòl yo te fè sou jij ak komisè gouvènman yo: 28 sou 69 moun yo te kontwole yo pa resevwa sètifikasyon pou rezon ki lye avek “entegrite moral”, men tou akizasyon abi otorite, diplòm ki pa valid, ak liberasyon ilegal detni.[239] Sis (6) mwa aprè, CSPJ pa te sètifye sèt (7) lòt pou menm motif yo.[240]
An Fevriye 2023, Premye Minis Henry te nome uit (8) jij nan Lakou Kasasyon, pou pèmèt li fonksyone ankò aprè plis pase yon ane li pa te genyen ase jij pou bay kowòm. Sepandan, gwoup nan sosyete sivil la te kritike aksyon sa, yo fè konnen Premye Minis Henry pa te respekte pwosedi konstitisyonèl yo pou fè nominasyon sa yo.[241]
Okenn nan jefò limite sa yo pou amelyore aktivite jidisyè yo pa te genyen enpak remakab rive nan moman rapò sa ap ekri a.
IV. Repons Entènasyonal a Kriz la
“Pa gen lavi an Ayiti. Gouvènman defakto ki la pa kapab rezoud pwoblèm ogmantasyon vyolans lan. Sa ki nesesè se yon akò politik avèk yon mach a swiv pou rive nan retablisman eta dedwa, amelyore sekirite, epi batay kont enpinite ak koripsyon– Pou sa fèt Ayiti bezwen sipò entènasyonal la, yon moun ki ap jwe wòl fasilitatè.”
— Deklarasyon yon reprezantan sosyete sivil la [242]
Plizyè wo responsab Nasyonzini te vizite Ayiti nan mwa ki pase yo, pami yo sekretè-jeneral la, wo komisè pou dwa moun, responsab Pwogram Alimantè Mondyal ak UNICEF, espè endepandan nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun an Ayiti. Yo te plizyè ensiste sou ijans ki genyen parapò ak sitiyasyon katastwofik ki genyen nan peyi a sou plan sekirite, dwa moun ak imanitè.[243] CARICOM te pran inisyativ tou pou ede rezoud enpas politik peyi ap konnen an.[244] Responsab wo plase ameriken, pami yo Vis Prezidan Kamala Harris ak Sekretè Deta Antony Blinken, te rankontre dènyeman avèk Premye Minis Henry ak lòt lidè CARICOM sou jefò pou rezoud kriz la.[245]
Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyen ak eta manm li yo te pote asistans imanitè men tou sipò teknik ak finansye bay polis nasyonal la.[246] Sepandan, bezwen imanitè peyi a genyen toujou poko jwenn ase finansman.[247]
Etazini ak Kanada te enpoze plizyè nouvo seri sanksyon sible, tankou entèdiksyon vwayaj ak jele fon moun ki ta enplike nan zak vyolans grav, koripsyon, trafik zam ak dwòg an Ayiti, ki te vin ajoute sou desizyon Konsèy Sekirite Nasyonzini te pran pou sanksyone Jimmy Cherizier (“Barbecue”), ki se lidè kowalisyon G9.[248] Etazini te pran mezi tou pou ankete epi pouswiv moun ki nan peyi Etazini ki ta responsab krim an Ayiti, epi kèk mezi limite pou kontwole sikilasyon zam soti Etazini pou rive an Ayiti.[249]
Depi fen ane 2022 a, Premye Minis Ariel Henry te lanse apèl pou deplwaman yon fòs ame entènasyonal pou rezoud kriz sekirite ki genyen nan peyi a.[250] Nasyonzini ak Etazini te sipòte demann sa, kèk gouvènman ki pi piti te manifeste enterè pou founi kontenjan polisye ak militè pou fòs sa.[251] Nan dat 14 Jiyè, Konsèy sekirite Nasyonizi te mande seretè-jeneral la pou pwopoze opsyon ki genyen pou konstitiye yon fòs entènasyonal nan yon peryòd 30 jou.[252]Nan fen Jiyè 2023, peyi Kenya te anonse li t ap “pozitivman anvizaje” pran tèt fòs miltinasyonal la epi deplwaye yon kontenjan 1 000 polisye an Ayiti.[253]Diskisyon yo te limite konsènan sipò yo ta dwe bay sistèm jistis la pou rasire yo, lè lidè gwoup kriminèl ak moun ki ap sipòte yo ta jwenn arestasyon yo, pou yo mennen yo devan lajistis, pou yo benefisyen jijman ki kredib epi san fòs epi tou genyen bon jan kondisyon detansyon ki fèt nan sekirite epi nan respè dwa moun.
Pifò moun ki te patisipe nan entèvyou Human Rights Watch yo, tankou viktim ak temwen vyolans gwoup kriminèl yo te komèt, te di yo dwen genyen plis èd ki bay.
Nan yon premye tan, anpil aktè nan sosyete sivil ayisyen an ak aktè politik te kritike Ariel Henry lè li te mande pou genyen yon fòs entènasyonal ki vini, pandan yo te rekonèt nesesite pou genyen yon sipò entènasyonal pou rezoud kriz plizyè dimansyon peyi a ap konnen an. Premye demann yo genyen se pa kite gouvènman Ariel Henry a dirije peyi a pandan kriz sa men pou genyen yon gouvènman tranzisyon ki pi lejitim, ideyalman ki ap genyen teknokrat nan tèt li ki pa genyen relasyon avèk gwoup kriminèl epi ki p ap patisipe nan pwochen eleksyon yo, ki ap priyorize restorasyon eta dedwa, jistis, sekirite epi satisfè bezwen fondamantal tout ayisyen. Yo te ensiste pou di repons entènasyonal pa ta dwe an reyalite yon mwayen pou sipòte Premye Minis Henry, yon moun yo konsidere ki ap dirije yon gouvènman ilejitim e kowonpil ki ta genyen relasyon prezime avèk gwoup kriminèl, men tou yon sipò pou gwoupman politik ki ap akonpanye li sou pouvwa a. Reprezantan sosyete sivil la mande pou tout sipò yo ap bay pou yon tranzisyon konsa dwe evite repete vyolasyon ak prejidis ki te koze atravè entèvansyon entènayonal ki te fèt avan yo an Ayiti.[254]
Aktè sosyete sivil sa yo menm jan ak Human Rights Watch te avèti nou sou kriz flagran dwa moun ak kriz imanitè a ki gen rasin pwofon nan eritaj esklavaj, dèt fòse, rasis, kolonizasyon, restriksyon ekonomik ak echèk entèvansyon entènasyonal ak nasyonzini pou yo te respekte dwa moun totalman. Se pou sa menm, yo di, okenn nan verite istorik sa yo pa kapab jistifiye echèk aktè entènasyonal nan chèche aktivman oswa sipòte yon solisyon nan kriz Ayiti ap konnen kounya a.
Sanksyon Sible
Nan fen Okòb 2022, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te sanksyone lidè kowalisayon G9 la, Jimmy Chérizier (“Barbecue”), yon deziyasyon tout eta manm Nasyonzini yo oblije swiv.[255]
Depi 2020, Etazini ak Kanada ap enpoze lòt sanksyon sible sou plis pase 35 moun ki fè pati elit politik ak gwoup ekonomik yo an Ayiti, sou baz enplikasyon prezime yo nan vyolasyon dwa moun an Ayiti; sipò finansye, kolaborasyon avèk, oswa fasilite aktivite ilegal; oswa enplikasyon yo nan koripsyon, trafik dwòg, aoswa trafik zam.[256]
Pami moun ki sanksyone yo genyen ansyen Prezidan Michel Martelly ak ansyen Prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert; yon ansyen minis administrasyon Martelly a; yon ansyen premye minis; senk (5) ansyen responsab ak senatè ki te nan gouvènman Moïse la; epi de (2) minis nan administrasyon Ariel Henry a. Pou pi piti genyen sis (6) biznismann ki sanksyone tou.[257]
Nan fen Jen 2023, Kanada te enpoze sanksyon sou twa (3) lòt chèf kriminèl, gwoup Kraze Baryè (Vitel’Homme Innocent), gwoup 5 segond (Johnson André alyas “Izo”), ak gwoup 400 Mawozo (Lanmò Sanjou), akoz yo ta enplike nan “vyolasyon flagran ak sistematik dwa moun epi nan zak ki menase lapè, sekirite ak estabilite an Ayiti.”[258]
Prezidan Komite Sanksyon Nasyonzini an te anonse nan fen Jen biwo li ap dirija a t ap travay avèk otorite ayisyen yo sou yon nouvo lis moun ki ta sipoze sanksyone pou sipò y ap bay gwoup kriminèl yo an Ayiti.[259]
Repiblik Dominiken te entèdi tou pou pi piti 52 politisyen, biznismann ak chèf gwoup kriminèl antre sou teritwa li akoz zak kriminèl yo ta komèt, ki gen rapò ak koripsyon, vyolasyon dwa moun ak trafik zam, oswa paske yo kapab reprezante yon menas pou sekirite nasyonal yo.[260]
Nan fen Jiyè, Konsèy Ewopeyen an te modifye rejim sanksyon li yo, ki otorize Inyon Ewopeyen enpoze yon fason endepandan mezi restriksyon, tankou entèdiksyon vwayaj kont moun epi jele fon moun oswa enstitisyon ki reprezante yon menas pou lapè, sekirite, demokrasi oswa eta dedwa an Ayiti.[261]
Plizyè reprezantan sosyete sivil Ayisyen ak entènasyonal ak responsab nan gouvènman te di sanksyon gouvènman etranje pran kont sitwayen sitwayen Ayisyen yo se yon mekanis itil pou redisyon kont epi sa kapab jwe yon wòl nan anpeche vyolans pi devan oswa anpeche moun sipòte gwoup k ap komèt abi yo.[262] Genyen kèk otorite ayisyen ki di yo pa te okouran de pwosedi jiridik ak sou ki prèv yo baze pou enpoze sanksyon sa yo, yo mande pou yo ta pataje prèv sa yo avèk yo pou kapab genyen ankèt penal ki mennen an Ayiti.[263]
“Wi, sanksyon yo genyen enpak,”daprè sa yon ofisye jidisyè te di Human Rights Watch. “Kounya lajistis ap reveye nan somèy li te ye a. Nou bezwen plis kòdinasyon, koperasyon tout peyi avèk sistèm jistis Ayisyen an, ak plis sanksyon pou manm rezo kriminèl yo.”[264]
Apèl pou mande yon Fòs Entènasyonal
An Oktòb 2022, Premye Minis Henry te mande kominote entènasyonal la pou delwaye yon fòs ame espesyalize pou ede Polis Nasyonal Dayiti rezoud ensekirite gwoup kriminèl yo pwovoke.[265] Sekretè-Jeneral Nasyonzini an ki se Antonio Guterres te sipòte demann nan an Janvye 2023.[266]
Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) te ensiste an Avril 2023 sou nesesite pou genyen yon repons ak yon sipò entènasyonal imedya atravè deplwaman yon fòs ame espesyalize pou ranfòse kapasite lapolis, frennen vyolans ak vyolasyon dwa moun yo, restore eta dedwa, epi kreye kondisyon pou genyen eleksyon kredib.[267]
Nan kòmansman Me, Wo Komisè Nasyonzini pou dwa Moun, Volker Türk, te mande kominote entènasyonal la pou deplwaye yon “fòs espesyalize ki ap la pou sipòte Ayiti, ki ap gen yon dire manda limite, epi respekte dwa moun, avèk yon plan aksyon global pou ede enstitisyon ayisyen yo.”[268]
Kanada li menm, aprè yon rankont nan CARICOM epi yon lòt avèk Prezidan Biden an Mas, te pwomèt pou ranfòse koperasyon entènasyonal li genyen avèk Ayiti, prensipalman nan sipò finansye li ap bay polis nasyonal la.[269] Lòt gouvènman tankou Jamayik, El Salvador, ak Rwanda te ofri Ayiti sipò yo nan voye ofisye nan fòs ame a oswa sipò teknik. Nan fen Jen 2023, Kenya di li anvizaje pran tèt fòs miltinasyonal la.[270]
An Jen 2023, Vis Prezidan ameriken Kamala Harris, nan yon rankont lidè CARICOM yo ak Repiblik Dominiken, te anonse pwogram ki vize konbat trafik zam epi fasilite ankèt ak pouswit kont krim transnasyonal, men tou angajman pou founi plis resous finansye pou amelyore sekirite alimantè an Ayiti epi founi an ijans asistans imanitè ki nesesè, tankou swen pou moun ki viktim vyolans ki baze sou ‘jan’.[271] Mete sou, Kanada te anonse li pral kontinye sipòte divès dyalòg ki ap fèt pou rive jwenn yon konsansis politik an Ayiti epi li pral kreye yon selil kòdinasyon nan tèt kole ak Ayiti pou founi sipò lojistik, teknik ak operasyonèl pou Polis nasyonal la.[272]
Nan fen Jen, Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo te adopte yon rezolisyon ki mande eta manm yo founi asistans sekiritè imedya bay Polis nasyonal la epi entegre angajman ak kontribisyon nan domenn asistans imanitè pami lòt mezi y ap pran.[273]
Espè Endepandan Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun an Ayiti te fè pledwaye pou deplwaman yon fòs entènasyonal espesyalize pou travay avèk polis nasyonal la epi mande pou Konsèy Sekirite Nasyonzini an mete yon anbago sou zam ki ap antre nan peyi a.[274]
Nan kòmansman mwa Jiyè, Sekretè-Jeneral la, António Guterres te vizite Ayiti epi reyitere apèl li te fè pou gen deplwaman yon fòs entènasyonal pou asiste polis nasyonal Dayiti.[275] Li te deklare “pa kapab genyen sekirite dirab san restorasyon enstitisyon demokratik yo, epi li enposib pou rive jwenn solisyon politik dirab epi ki konplètman reprezantatif san bon jan amelyorasyon nan sitiyasyon sekirite a.”[276]
Sekretè Deta Ameriken Anthony Blinken nan kad 50e anivèsè CARICOM, te reyafime sipò li a demann “gouvènman ayisyen an” pou gen deplwaman yon fòs entènasyonal pou ede lapolis retabli sekirite. Prezidan Rwanda te esprime sipò li pou founi pèsonèl pou retabli lapè ak sekirite pou ede ranfòse lapolis nasyonal Dayiti.[277]
Nan dat 14 Jiyè, Konsèy Sekirite Nasyonzini te apwouve renouvèlman manda BINUH pou yon lòt ane, ranfòse inite polis ak inite koreksyon li yo pou sipòte kapasite fòmasyon ak ankèt Polis Nasyonal Dayiti.[278] Epi tou, li te mande Sekretè-Jeneral la pou li soumèt yon rapò ki detaye divès opsyon Nasyonzini kapab esplwate pou amelyore sitiyasyon sekirite nan peyi a, men tou sipò yo kapab bay pou yon fòs miltinasyonal ki pa yon fòs Nasyonzini oswa yon operasyon potansyèl pou retabli lapè.[279]
Jou ki te 18 Jiyè, Inyon Ewopeyen (EU) ak Kominote Latino-Ameriken ak Eta Karayib yo (CELAC) te mande kominote ak òganizasyon entènasyonal yo pou sipòte jefò pou jwenn solisyon nan kriz la kote se ayisyen ki ap dirije inisyativ la, avèk konsantman epi patisipasyon otorite Ayisyen yo.[280]
Nan fen ane 2022, anpil gwoup ki ap defann dwa moun ak gwoup politik Ayisyen menm jan ak Ayisyen ki nan dyaspora te nan yon premye tan opoze anpil a tout pwopozisyon pou genyen entèvansyon yon fòs ame.[281]
Sepandan, akoz deteryorasyon sitiyasyon sekirite a, rive mitan ane 2023 a, pifò nan yo, pami yo aktè politik ki nan opozisyon an, men tou preske tout viktim ki te pale avèk Human Rights Watch, te kwè Ayiti bezwen yon fòs entènasyonal pou rezoud kriz sekirite a, malgre bilan mitije fòs entènasyonal ki te pase yo te genyen, men tou yon nouvo gouvènman tranzisyon pou restore otorite leta ak eta dedwa epi founi asistans a moun ki nan bezwen.
Jan yon abitan Site solèy te di:
Nou ap soufri sa moun pa ta imajine; nou bezwen èd pou nou soti nan espiral vyolans nou ye a, nan grangou, leta abandone nou. Nou bezwen lespwa pou yon lavi miyò.[282]
Echèk ak Abi Entèvansyon Entènasyonal yo te komèt
Anpil Ayisyen te etabli relasyon klè ki genyen ant dènye entèvansyon entènasyonal ki te fèt an Ayiti yo, eritaj esklavaj, kolonizasyon, rasis ak povrete ki toujou egziste, avèk enstabilite politik yo ap goumen kont li jodi a.
Aprè 1804, lè Ayiti te pran endepandans atravavè yon rebelyon moun ki te esklav t ap mennen ki te pote fwi, peyi tankou Etazini ak Lafrans, pami lòt, te refize rekònèt nouvo peyi sa ki se Repiblik Dayiti nan lide pou pwoteje pwòp enterè yo genyen nan esklavaj.[283] An 1825, Lafrans te dakò rekonèt endepandans Ayiti sou kondisyon pou Ayiti peye Lafrans yon gwo dedomajman paske Lafrans te revandike pwopriyete li te pèdi, pami yo Ayisyen ki nan te esklavaj. Demann nan te fèt sou baz menas pou anvayi pey a. An 1825, Ayiti te pran gwo prè nan men bank komèsyal Fransè pou asire sèvis dèt la, yon prè kote to enterè a te elve anpil. Demann nan te fèt sou baz menas pou anvayi pey a. An 1825, Ayiti te pran gwo prè nan men bank komèsyal Fransè pou asire sèvis dèt la, yon prè kote to enterè a te elve anpil. Se sa moun te vin rele yon“doub dèt” pou Ayiti. Menm si Ayiti te fin peye Lafrans dedomajman an 1888, li te kontinye dwe enterè sou prè li te pran an. An 1911, pèman enterè sa yo te transfere bay Etazini pou divès rezon, epi Ayiti te fin peye dèt li yo — a Etazini fwa sa a— an 1947. Yo estime Ayiti te peye kolon fransè ak desandan yo ant $20 epi $115 milya dola.[284]
Yon lòt fòm entèvansyon ki konn fèt se plizyè dizenn ane enjerans Etazini fè, pafwa vyolan, nan zafè entèn peyi a, kòm agiman pou jistifye aksyon sa yo, yo fè konnen Etazini te bezwen pwoteje pwòp enterè ekonomik li. Avan kòmansman okipasyon ameriken an ki te dire 19 ane an Ayiti, soti 1915-1934, an Desanm 1914, yon ti gwoup Maren ameriken, te pran $500,000 an lengo dò nan Bank Nasyonal Dayiti epi depoze yo nan Bank Etazini. Pa te genyen okenn redisyon kont pou aksyon sa yo. An 1915, Etazini te konkli yon trete avèk Ayiti pou pran kontwòl finans piblik peyi a pandan 10 ane an echanj sekirite li ap bay peyi a.[285] Pandan plizyè dizenn ane aprè, Etazini te kontinye fè enjerans nan pwosesis politik peyi a lè yo jije dirijan ki soti nan eleksyon an Ayiti yo pa ase fidèl a Etazini oubyen lè peyi a te konn fè fas a koudeta epi manifestayon piblik, sa ki kontribye nan enstabilite politik ki ap kontinye jodia.[286]
Genyen kèk kritik ki lonje dwèt sou wòl Kanada te jwe bò kote Etazini nan kad enplikasyon politik ak militè li ak lòt peyi an Ayiti, espesyalman atravè Inisyativ Ottawa sou Ayiti an 2003.[287]
Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINUSTAH) ki te opere soti 2004 pou rive 2017 nan entansyon pou ede nan estabilizasyon politik ak sekirite Ayiti, men tou pou sipòte jefò rekonstriksyon imedyat nan peyi a aprè tranblemantè ki te koze gwo dega an 2010. Aprè yo fin ale, yo te kite yon epimemi mòtèl kolera ki, daprè pwòp ankèt pa yo, te pwopaje akoz yo te jete dechè ki te soti nan baz yo ki te kontanmine prensipal rivyè an Ayiti, sa ki te lakoz plizyè santèn moun malad epi touye pou pi piti 10 000 moun.[288]
Okenn nan viktim kolera yo pa te resevwa dedomajman nan men Nasyonzini, malgre pwomès li te fè nan sans sa a.[289] Se yon desandan souch ki te koze epidemi an 2010 la ki an pati pwovoke epidemi kolera ki an Ayiti aktyèlman, daprè sa yon etid revele.[290]
Aprè fen manda MINUSTAH, Konsèy Sekirite Nasyonzini an Avril 2017 te kreye yon misyon lapè an Ayiti ki rele Misyon Nasyonzini pou Apiye Lajistis an Ayiti (MINUJUSTH) pou sipòte gouvènman nan devlopan Polis Nasyonal Dayiti (PNH); ranfòse enstitisyon eta dedwa yo tankou sistèm jistis la ak prizon yo, pwomosyon ak pwoteksyon dwa moun.[291] Misyon sa te rive nan fen li an Oktòb 2019 nan yon kontèks kote kriz politik la t ap pèsiste, ogmantasyon aktvite kriminèl yo epi deteryorasyon sitiyasyon ekonomik peyi a.[292]
Mete sou sa, pèsonèl misyon sa ak MINUSTAH ansanm t ap fè fas ak 116 akizasyon abi ak esplwatasyon seksyèl sou fanm ak timoun.[293] Plizyè etid ak medya te dokimante ka sòlda lapè ki t ap esplwate epi abize seksyèlman fanm ak tifi, nan pwofite de vilnerablite ak povrete popilasyon an.[294] Yo te akize sòlda lapè Nasyonzini yo ki ta fizikman menase epi blese sivil nan itilize fòs ki pa pwopòsyonèl pandan operasyon pou konbat gwoup kriminèl yo.[295] Konsèy Sekirite Nasyonzini an oswa eta manm yo ki te gen twoup ki ta enplike nan vyolasyon sa yo pa te reponn a akizasyon sa yo. Pa te genyen redisyon kont ni reparasyon ki te fèt.
Depi mitan mwa Oktòb 2019, Ayiti te resevwa (BINUH), ki se yon misyon politik Nasyonzini.[296] Òganizasyon ayisyen dwa moun ak entènasyonal epi reprezantan sosyete sivil Ayisyen an te fè konnen BINUH, menm jan ak lòt reprezantan entènasyonal nan Pòtoprens, pa te rekonèt epi panche kòmsadwa sou akizasyon ki fè kwè gouvènman ansyen Prezidan Moïse ak Premye Minis aktyèl la ki se Ariel Henry te afebli eta dedwa epi alimante enstabilite politik ak ensekirite lè yo pa pèmèt etablisman yon gouvènman tranzisyon pou òganize eleksyon, men tou atravè koripsyon epi relasyon yo genyen avèk gwoup kriminèl.[297]
Yon moman kle anpil Ayisyen souliye tou se dezisyon Core Group, ki se yon antite ki konpoze avèk reprezantan entènasyonal ki ap travay an Ayiti, pami yo BINUH, pou pibliye yon deklarasyon ki soutni nominasyon Ariel Henry nan pòs Premye minis epi ankouraje li ranpli misyon li ki se fòme yon gouvènman konsansyèl ak enklizif.[298] Anpil Ayisyen te wè sa kòm yon enjerans ki pa te gen plas li nan politik peyi a, paske yo panse Ariel Henry, menm si se Jovenel Moïse ki te nome li, men li pa te deziyen daprè pwosesis ki prevwa nan Konstitisyon an.[299]
Gen moun ki kwè Etazini te andosè Ariel Henry paske anbasad Etazini an Ayiti te pibliye sou kont ‘twitter’ li, deklarasyon Core Group la ki te mande Ariel fòme yon gouvènman, epi aprè sa anbasad la te fè lòt deklarasyon pou sipòte gwouvènman pwovizwa Ariel Henry a Sa ap fèt malgre Ayisyen ak gwoup ki nan dyaspora a te kontinye mande pou yo kanpe sou sa, akoz Ariel montre li pa kapab reyalize yon tranzisyon demokratik enklizif epi gwoup kriminèl yo vin pi fò pandan li ap dirije a, sa ki agrave kriz ekonomik ak imanitè ki te deja egziste a.[300]
Pifò reprezantan sosyete sivil ayisyen an ak responsab dwa moun ki te pale avèk Human Rights Watch di kriz ki la p ap fini jiskaske pèp Ayisyen ap kapab chwazi pwòp lidè li epi pou peyi a konnen yon vrè tranzisyon demokratik.[301] Anpil moun fè konnen tou prejidis ak abi ki te komèt pandan entèvansyon entènasyonal ki pase yo, eritaj esklavaj ak kolonizasyon, epi rasis kont moun ki Nwa te kontribye nan ensekirite, koripsyon ak povrete an Ayiti epi sa te kraze a chak fwa aspirasyon demokratik pèp Ayisyen an[302] Ekonomi ak politik an Ayiti afekte jiska jodia akoz enfliyans peyi Oksidantal yo, prensipalman Etazini. Kèk repons entènasyonal ki pote a kriz ki la jodia, tankou abi ki lye ak migrasyon sou fwontyè avèk Repiblik Dominiken, gen rasin yo nan poltik anti-Nwa ki egziste yo.[303]
Se rezon sa yo ki fè reprezantan sosyete sivil ayisyen an fè konnen sipò pou yon tranzisyon tranzisyon demokratik ak retablisman eta dedwa, menm si sa esansyèl, reprezante sèlman yon pati nan angajman entènasyonal la ap pran bò kote Ayiti nan tan ki ap vini yo. Lòt pati a se, daprè yo, dwe pran an Lòt pati a dwe anglobe rekonesans ak redisyon kont pou prejidis ki kontinye genyen akoz eritaj istorik yo epi dwe prevwa sipò Lafrans ak Etazni pou genyen yon pwosesis reparasyon kote se pèp ayisyen an ki ap dirije li.[304]
Sekretè-Jeneral Nasyonzini an, Guterres te rekonèt, pandan yon rankont nan CARICOM nan kòmansman mwa Jiyè a, “li enposib pou abòde kriz [Ayisyen] an san gade tou sa ki te pase pandan plizyè syèk esplwatasyon kolonyal, estòsyon, diktati ak lòt enjistis grav ki te komèt.”[305]
Ayiti bezwen yon repons miltidimansyonèl ki fonde sou dwa moun pou fè fas ak kriz sa ki dire anpil epi ki pa sispann agrave. Malgre jefò gouvènman ayisyen an, sosyete sivil ayisyen an, aktè politik ak lòt moun ki enplike nan pwosesis pou jwenn yon solisyon a kriz la, sitiyasyon sekirite ak imanitè a kontinye ap degrade nan peyi a epi genyen plizyè milyon ayisyen ki ap sibi konsekans yo. Ayiti bezwen èd kounya menm. Echèk ak abi ki te komèt pandan dènye entèvansyon entènasyonal yo pa ta dwe sèvi kòm eskiz pou anyen pa fèt; yo dwe okontrè ensite nou poze aksyon pou fè sa ki nesesè pou repare erè nan tan pase yo epi ede Ayiti repran wout pou genyen yon veritab gouvènans demokratik, Eta dedwa, ak minimòm sekirite ak respè dwa fondamantal yo.
Moun ki viktim abi Human Rights Watch dokimante yo mande pou genyen aksyon konkrè ki poze ki pral pèmèt yo viv san sibi vyolans ni viv nan laperèz, kote yo kapab satisfè bezwen elemantè yo genyen, travay, voye pitit yo lekòl, chwazi gouvènman yo epi eli lidè yo, e finalman genyen yon kote yo kapab viv nan lapè.
“Nou soufri anpil nan Site Solèy,”daprè deklarasyon Rosie P., yon manman 42 ane ki gen senk (5) pitit. “Pa genyen dlo, ni kouran, ni manje, ni lapè. Toujou gen tire, epi timoun yo pa kapab ale lekòl. Mwen vle kominote entènasyonal la pote lapè si yo kapab.”[306]
Remèsiman
Ekip ki te patisipe nan rechèch ak ekri rapò sa genyen ladan li: Nathalye Cotrino, chèchè nan depatman kriz ak konfli, ak Ida Sawyer, direktè depatman kriz ak konfli. Se Anagha Neelakantan, ki se editè senyò nan depatman kriz ak konfli ki te edite rapò a. Nīa Knighton, asosye nan depatman kriz ak konfli te patisipe nan rechèch, edite epi pote sipò li nan pwodiksyon an.
Devon Lum, asistan rechèch, ak Lèo Martine, analis senyò pou Laboratwa Envestigasyon Nimerik (Digital Investigations Lab), ak Robin Taylor, asistan nan kesyon rechèch ki an aksè lib pou depatman kriz ak donfli a, te pote sipò li nan kesyon rechèchFred Abrahams, direktè pwogram asosye, te pote sipò li nan kad analiz pwogramatik, ak Michael Bochenek, konseye jiridik senyò, te reyalize analiz jiridik yo. Komantè espesyalis se te travay Juanita Goebertus, direktè depatman Amerik; César Muñoz Acebes, direktè asosye nan depatman Amerik la; Akshaya Kumar, direktè pledwaye nan New York; Bruno Stagno, direktè egzekitif adjwen pou pledwaye; Alison Leal Parker, direktè adjwen nan depatman pwogram pou Etazini; Mark Hiznay, Mark Hiznay, direktè asosye nan depatman ki travay sou Zam; Sam Dubberley, direktè jeneral nan ‘digital investigation lab’; Bill Frelick direktè depatman refijye ak dwa migran; Kayum Ahmed, konseye espesyal sou sante & dwa moun; Margaret Wurth, chèchè senyò nan depatman dwa timoun; Almaz Teffera, chèchè nan depatman Ewòp ak Azi Santral; Cristina Quijano, chèchè nan depatman dwa fanm; Hanna Gros, chèchè nan depatman dwa andikape; ak Elizabeth Campa, direktè san depatan devlopman ak sansibilizasyon.
Preparasyon pou piblikasyon rapò sa: Travis Carr, ki se kòdinatè piblikasyon; Fitzroy Hepkins, responsab administratif; ak José Martínez, kòdonatè administratif senyò. Peter Huvos, editè nan depatman nimerizasyon te founi sipò lojistik epi ede nan edite vèsyon Espanyòl ak Fransè. Johan Romero, ki se asosye nan depatman Amerik, te tradui rapò sa an Espanyòl. Tradiksyon rapò a an Fransè epi an Kreyòl se te travay respektivman David Boratav, ak Remixon Guillaume. Léa Pernot, ofisye nan depatman kominikasyon, te founi sipò lojistik epi ede nan edite vèsyon fransè a.
Nou ta renmen remèsye Rezo Nasyonal ki ap Defann Dwa Moun (RNDDH) ak òganizasyon sosyete sivil, òganizasyon dwa moun, òganizasyon ki nan dyaspora ak òganizasyon kominotè Ayisyen yo, menm jan ak ajans entènasyonal yo, ki te bay konsèy ak sipò ki te enpòtan anpil pou rechèch sa te rive fèt.
Malgre tout bagay, nou vrèm rekonesan a viktim epi fanmi yo ki te pataje ak tout yo menm istwa yo avèk nou.