Skip to main content

Haiti

Evènman 2024

Abitan ki ap pase bò kote yon machin ki fin boule pandan yo ap kouri kite katye Delma 22 nan maten aprè atak nan mitan vyolans kriminèl nan Pòtoprens, Madi 2 Me 2024. 

© 2024 Ramon Espinosa/AP Photo

An 2024, kriz plizyè dimansyon Ayiti ap konnen an rive nan yon nivo katastwofik. Gwoup kriminèl ki ini tèt yo sou non kowalisyon “Viv Ansanm” te entansifye epi kowòdone gwo atak ki te rann peyi a disfonksyonèl soti mwa Fevriye pou rive mwa Me epi soti Oktòb rive jiska jodia. Atak sa yo te genyen gwo enpak sou sèvis piblik yo, tankou kouran elektrik, dlo, apwovizyonnman machandiz, asenisman, swen sante, edikasyon ak transpò, yon sitiyasyon ki anpeche moun genyen aksè ak pwodui premye nesesite yo. Mwatye nan popilasyon Ayisyen an nan goumen pou achte manje paske peyi a fè pati kote ki genyen pi wo pousantaj moun ki nan ensekirite alimantè grav nan monn nan.

Zak touye moun ak kidnapin gwoup sa yo ap komèt pa sispann ogmante, kote repons leta a fèb epi yon sistèm jistis ki inefikas. Vyolans seksyèl gaye toupatou, kote viktim yo pa genyen bon jan aksè ak sèvis sante ak lajistis ki preske pa egziste. Ogmantasyon grangou ak povrete estrèm fòse timoun yo al fè pati gwoup kriminèl yo, kote yo ap sibi tout kalite abi, pami yo esplwatasyon seksyèl.

Genyen yon nouvo gouvènman tranzisyon, ki genyen nan tèt li yon premye minis ak yon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon, ki te mete kanpe nan objektif pou ranfòse sekirite a epi òganize eleksyon lib e san fòs kote. Sepandan, enstabilite politik la ap pèsiste avèk plizyè manm konsèy prezidansyèl la ki ap fè fas ak akizasyon koripsyon, epi pa genyen gwo pwogrè ki fèt nan elaborasyon yon kalandriye elektoral. 

Premye minis tranzisyon an te sanzatann jwenn revokasyon li nan men Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak tout gouvènman li a nan kòmansman mwa Novanm nan epi te vin genyen yon nouvo premye minis, ki se Alix Didier Fils-Aimé ki te jwenn nominasyon li.

Avèk vyolans ki ap ogmante, Nasyonzini te otorize deplwaman Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite men li pa rive sipòte yon fason ki efikas polis nasyonal la nan batay kont gwoup kriminèl yo akoz mank finansman ak pèsonèl. Gouvènman tranzisyon an te mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou li transfòme misiyon an pou tounen yon operasyon retablisman lapè Nasyonzini.

Vyolans Gwoup kriminèl yo ap komèt

Ajans Nasyonzini yo rapòte gwoup kriminèl yo kontwole preske 85 pousan Pòtoprens, ki se kapital peyi Dayiti, men tou kèk rejyon kle tankou deptaman Lwès ak Latibonit, ki se yon grenye nan kesyon agrikilti an Ayiti. Anpil nan gwoup sa yo ta genyen koneksyon prezime avèk ajan nan lapolis la epi elit ekonomik yo.

Nan mwa Jen pase a, Misyon MMSS la, ki genyen nan tèt li peyi Kenya, te kòmanse mennen operasyon. Jamayik, Beliz ak Bahamas se peyi ki te kontribye nan ti kantite pèsonèl ki konpoze li, ki vini an total sèlman 416 ajan, sa ki lwen parapò ak chif ki te prevwa ki se 2500, pou rive kòmansman Desanm. Misyon an te patisipe nan kèk patwouy ak operasyon anti kriminèl avèk polis nasyonal la, epi yo te rive mete an plas kèk mezi enpòtan pou garanti dwa moun, mekanis swivi ak redisyon kont, men misyon an toujou rete nan faz pre-deplwaman epi kontinye fè fas ak gwo defi finansye ak lojistik.

Pandan Asanble Jeneral Nasyonzini ki te fèt nan fen Septanm, konsèy prezidansyèl tranzisyon an te mande pou transfòme MMSS la pou tounen yon operasyon retablisman lapè Nasyonzini pou garanti yon finansman estab, etann kapasite yo, epi ranfòse angajman Eta Manm Nasyonzini yo pou etabli sekirite an Ayiti. Demann sa te jwenn sipò peyi Etazini, ki se prensipal peyi ki ap finanse MMSS la, menm jan ak Kenya ak Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), pami lòt ankò. Nan mwa Novanm, Konsèy Sekirite Nayonzini te mande Sekretè Jeneral la pou prezante rekòmandasyon sou wòl Nasyonzini te kapab jwe nan ede rezoud kriz sekirite, ekonomik, ak imanitè peyi a ap konnen. 

Nasyonzini, Inyon EwopeyenKanada, ak Etazini te adopte mezi kont dirijan ayisyen ak gwoup kriminèl yo, pami mezi sa yo anbago ak sanksyon sible. Genyen de (2) pwojè lwa te depoze devan Kongè Etazini nan lide pou rezoud pwoblèm gwo kantite zam ilegal ki ap antre Ayiti. Jiskaprezan, jefò entènasyonal la, patikilyèman nan sipò finansye li bay pou MMSS la, toujou pa sifi. 

Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan rapò li pibliye fè konnen, soti Janvye pou rive kòmansman Desanm, gwoup kriminèl yo touye pou pi piti 5 601 moun epi kidnape preske 1 500 moun an 2024.

Vyolans seksyèl pa sispann ogmante, epi li gaye tout kote. Viktim yo ap fè fas ak aksè trè limite oswa ki pa egziste pou jwenn pwoteksyon ak sèvis swen sante. Soti Janvye pou rive Oktòb, gwoup ki ap travay sou Vyolans ki Baze sou Jan rapòte 5 400 ka vyolans ki baze sou jan kote yo akize manm gwoup kriminèl yo ki ta enplike nan 72 pousan nan zak vyolans seksyèl sa yo. 

Timoun fè pati kategori ki plis touche akoz vyolans. Ogmansyon grangou ak povrete estrèm fòse plizyè santèn, li posib pou se plizyè milye timoun ki al fè pati gwoup kriminèl, sa ki fè oblije antre nan aktivite ilegal tankou komèt abi, pami yo genyen tifi ki ap fè fas ak travay epi esplwatasyon seksyèl. Daprè Nasyonzini, genyen preske demi milsyon timoun ki ap viv anba kontwòl gwoup sa yo, kote pou piti 30 pousan manm gwoup sa yo se timoun.

Malgre nominasyon yon nouvo direktè jeneral lapolis ak kontribisyon patnè Ayiti yo, nan finasman, ekipman ak zam, lapolis la kontinye fè fas ak pwoblèm finansye, lojistik ak mank pèsonèl pou pwoteje moun kont vyolans kriminèl, ki vin pi mal avèk volim kantite zam ak minisyon ki ap antre an Ayiti, ki soti pou pifò ladan yo nan Eta Florid nan peyi Etazini.

Pou rive mwa Septeanm, enfòmasyon yo fè konnen gwoup ki pote non “oto defans” yo ta touye plis pase 260 moun yo ta sispèk ki genyen koneksyon ak òganizasyon kriminèl, ki souvan nan konivans avèk lapolis, epi yo adopte taktik gwoup kriminèl yo tankou fòse moun bay lajan, daprè Nasyonzini. 

Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl

Kriz sekirite ak enstabilite politik la vin agrave sitiyasyon imanitè a ki te deja difisil. Daprè Bank Mondyal, genyen plis pase 64 pousan popilasyon Ayiti a ki se 11.7 milyon moun ki ap viv avèk mwens pase US$3.65 pa jou an 2024.

Pwogram Alimantè Mondyal te idantifye Ayiti kòm peyi ki genyen pi wo pousantaj moun ki ap viv nan ensekirite alimantè grav pami tout kote ki genyen kriz nan monn nan, daprè yon rapò ki fèt sou peryòd soti mwa Dawout pou rive Fevriye 2025. Preske 5.5 milyon moun bezwen asistans imanitè epi 5.4 milyon moun ap fè fas ak ensekirite alimantè grav, pami yo genyen 2 milyon ki rive nan nivo ijans, epi 6 000 moun ki atenn yon nivo grangou katastwofik epi ki pèdi mwayen sibzistans yo. 

Vyolans kriminèl ak ris anviwonnmantal yo te afekte aktivite ekonomik yo anpil, sa ki mennen nan gwo pèt nan aktivite agrikòl yo ak lòt mwayen sibzistans. Defi sa yo vin agrave plis toujou povrete a epi ogmante chomaj patou nan peyi a.

Se sèlman 40 pousan Ayisyen ki genyen aksè ak kouran eletrik, men ki pa estab epi yo peye li nan pri ki elve. Karant senk pousant popilasyon an pa genyen aksè ak dlo pou bwè ki pwòp, epi 7 moun sou 10pa genyen aksè ak yon sistèm asenisman amelyore, sa ki rann pwopagasyon kolera vin pi grav toujou. Rive mwa Oktòb, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon rapòte 87 382 ka sispèk kolera epi 1306 moun ki mouri depi kòmansman pwopagasyon epidemi an nan mwa Oktòb 2022. 

Sistèm sante Ayiti tou prè pou li efondre. Se preske 20 pousan enfrastrikti medikal yo ki rete ap fonksyone, epi 40 pousan sou plan nasyonal. Genyen plis pase 40 000 travayè sante ki kouri kite peyi a akoz vyolans, daprè Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH). Pandan sistèm nan ap efondre akoz vyolans ak enstabilite, se de (2) Ayisyen sou senk (5) ki pa genyen aksè ak swen sante nan ka ijans.

Médecins Sans Frontières (MSF), ki ap founi swen sante an Ayiti depi plis pase 30 ane, te sispann operasyon li yo nan kapital la nan fen mwa Novanm, akoz atak “gwoup otodefans yo” te fè sou anbilans, malad ak pèsonèl li yo, men tou pèsonèl li yo t ap resevwa menas lanmò ak vyòl anba men kèk ajan nan lapolis la. Nan moman rapò sa ap ekri a, MSF t ap eseye wè ki fason li kapab retabli kèk nan sèvis medikal li te konn founi yo.

Preske mwatye Ayisyen ki genyen 15 ane se analfabèt. Daprè UNICEF, Ayiti genyen preske 3.9 milyon timoun ki nan laj pou ale lekòl. Men, vyolans ki pa sispann ogmante, lakoz preske 1000 lekòl prive ak piblik fèmen nan depatman Lwès ak Latibonit pandan ane akademik 2023-2024 la, sa ki afekte 300 000 elèv. Mete sou sa, move kalite edikasyon, gwo kantite lajan pou peye lekòl prive ak atak kriminèl sou elèv ak lekòl lakoz preske 1.2 milyon timoun pa genyen aksè pou ale lekòl an Ayiti.

Gouvènman Tranzisyon ak Eleksyon

Aprè yon dyalòg politik CARICOM ki se yon òganizasyon entègouvènmantal nan Amerik la, Karayib ak Oseyan Atlantik la t ap dirije, ansyen Premye Minis Ariel Henry te demisyone an Avril, sa ki te debouche sou mete kanpe yon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon. Garry Conille, ki se yon ansyen Direktè Rejyonal nan UNICEF, ta pral jwenn nominasyon li kòm premye minis nan fen Me. Aprè senk (5) mwa sou pouvwa, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te revoke Conille epi mete Alix Didier Fils-Aimé, ki se yon biznismann ayisyen nan plas li.

Gouvènman tranzisyon an genyen misyon pou restore sekirite, garanti eta dwa, epi rezoud an ijans kriz imanitè a epi fè preparasyon pou eleksyon lib epi san fòs kote an 2026. Ayiti te genyen eleksyon nasyonal pou chwazi dirijan depi Janvye 2023 epi palman rete disfonksyonèl depi 2019.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a, ki genyen responsabilite pou òganize eleksyon yo, te rive mete kanpe men yo poko elabore yon kalandriye elektoral pou momann ap pale a.

Sistèm Jistis la 

Sistèm jistis la toujou rete disfonksyonèl, prensipalman akoz koripsyon, vyolans ki genyen aktyèlman epi grèv repete jij ak pèsonèl jidisyè a souvan òganize. Gwoup kriminèl yo te pran kontwòl lokal pi gwo tribinal ki genyen an sa genyen plis pase de (2) ane, epi pa genyen ase mezi ki pran pou relokalize tribinal yo oswa pou bay responsab nan lajistis yo sekirite.

Soti Oktòb 2023 pou rive Oktòb 2024, se sèlman 241 moun ki te pase devan jij nan tout peyi a, daprè sa Rezo Nasyonal ki ap Defann Dwa moun (RNDDH) ki se yon òganizasyon non gouvènmantal rapòte. Pa genyen okenn redisyon kont ki fèt pou vyolasyon dwa moun ki te komèt nan tan pase ak sa ki ap komèt aktyèlman. Nan yon ra okazyon, nan fen Jiyè 2024, te genyen yon jij te voye devan lajistis 30 moun, pami yo ansyen polisye ak aktyèl chèf gwoup kriminèl Jimmy Chérizier, pou enplikasyon prezime yo nan masak ki te fèt LaSalin, ki te koze lanmò plis pase 70 moun, preske yon douzenn fanm ak tifi te vyole, sakaje 150 kay epi yo mete dife ladan yo.

Nan kòmansman Janvye, te genyen yon lòt jij ki te enkilpe 51 moun ki genyen koneksyon avèk asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Nan peyi Etazini, te genyen pou pi piti sèt (7) moun ki te kondane pou koneksyon yo avèk asasina epi senk (5) lòt genyen pou ale jije an Janvye 2025.

Aprè atak gwoup kriminèl sou de (2) pi gwo prizon nan Pòtoprens kote preske 5000 prizonye, pami yo plizyè chèf gang, te echape, Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun an Ayiti fè konnen ris menas ak atak kont jounalis ak defansè dwa moun ak ofisyèl nan gouvènman an vin ogmante.

Rive mwa Oktòb, prizon an Ayiti yo te akeyi preske twa fwa kapasite detni yo kapab kenbe. Pifò nan 7 581 detni yo—84 pousan nan yo t ap tann pou yo jije—t ap viv nan kondisyon ki pa fèt pou moun, san aksè ak dlo, manje oswa swen sante. Soti Janvye po u rive Oktòb, te genyen 168 detni ki te mouri, pifò ladan yo se maladi ki genyen relasyon ak malnitrisyon ki touye yo.

An 2020, atravè yon dekrè prezidansyèl, nouvo kòd ak pwosedi penal la ki te ofri altènativ fas ak detansyon pwolonje a te adopte. Otorite yo te ranvwaye dat antre an aplikasyon kòd sa yo, ki te dwe fèt an 2024. 

Konpòtman Lapolis

Soti Janvye pou rive Septanm, yo akize lapolis ki ta touye plis pase 900 moun epi blese preske 600 nan operasyon, daprè BINUH, kote kèk moun ta mouri oswa blese akoz lapolis itilize fòs eksesif. Komisè gouvènman nan vil Miragwann te rekonèt enplikasyon li nan 26 ka egzekisyon ki fèt andeyò lajistis; men otorite yo poko mennen ankèt sou ka sa yo.

Enspeksyon jeneral lapolis te ouvri 139 ankèt, pami yo 34 sou vyolasyon prezime dwa moun soti Janvye pou rive kòmansman Oktòb. Genyen 26 ankèt ki abouti, ki te debouche sou 15 desizyon administratif. Se sèlman de (2) yo te voye jije devan tribinal penal.

Aksè pou fè Avòtman

Ayiti mete entèdiksyon total sou avòtman. Nouvo kòd penal la ap kriminalize avòtman rive nan 12e semenn gwosès epi nan nenpòt moman nan ka vyòl oswa relasyon ant manm yon menm fanmi, oswa lè sante mantal oswa fizik moun ki ansent lan an danje. Kòd la prevwa antre an aplikasyon an 2024 men otorite yo te ranvwaye li pou yon lòt dat.

Dwa Moun andikape

Ayiti te siyen Konvansyon sou Dwa Moun ki gen Andikap an 2009, men kad legal li yo toujou genyen kèk dispozisyon diskriminatwa. Daprè Nasyonzini, 15 pousan nan popilasyon an genyen yon andikap, men pa genyen resansman ki te reyalize depi 2003, daprè Fon Nasyonzini pou Popilasyon. Moun ki genyen andikap yo ap fè fas ak gwo baryè pou jwenn aksè ak sèvis debaz yo epi se chak jou yo ap fè fas ak estigmatizasyon.

BINUH, Biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape yo, ak gwoup ki ap defann dwa moun nan peyi a te atire atansyon piblik la sou enpak vyolans kriminèl yo genyen sou moun ki ap viv avèk andikap yo.

Migrasyon ak Deplasman Entèn

Genyen 703 000 Ayisyen, 25 pousan ladan yo se timoun, ki konsidere kòm deplase entèn. Total sa reprezante plis pase 2 fwa kantite moun ki te nan sitiyasyon sa an 2022, sa ki fè Ayiti tounen peyi ki genyen pousantaj deplase ki pi wo nan monn nan parapò ak kantite moun li genyen nan popilasyon li, akoz vyolans kriminèl, daprè OIM. Pifò moun ki deplase yo ap viv nan kan deplase ki genyen abitasyon enfòmèl ki manke dlo, manje, asenisman, abri ak swen medikal. 75 pousan nan sit sa yo twouve yo nan zòn gwoup kriminèl yo kontwole oswa kote ris la elve anpil, sa ki espoze yo plis toujou ak vyolans, daprè Nasyonzini.

Anpil Ayisyen te kite peyi a, souvan atravè wout kote vi yo an danje. Soti janvye rive mitan Desanm 2024, gouvènman etranje te voye tounen preske 200 000 moun an Ayiti malgre ris pou lavi ak entegrite fizik yo men tou demann Wo Komisè Nasyonzini pou Refijye pou pwolonje pwoteksyon pou refijye Ayisyen yo daprè Deklarasyon Katajenn nan ki te adopte an 1984. Repiblik Dominiken te responsab 97 pousan depòtasyon ki fèt yo, pandan Etazini, Bahamas, Tik ak Kaykòs epi Kiba responsab pou rès la. 

An Jen 2024, gouvènman peyi Etazini te pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayisyen pou 18 mwa, men yo toujou ap fè fas ak defi pou genyen aksè ak pwogram imanitè yo. Ayisyen ki kondane sou plan penal ak sa yo ki te rive nan peyi a aprè anilasyon estati pwoteksyon tanporè a an Jiyè 2024 espoze pou yo voye yo tounen an Ayiti. Depi Oktòb 2003, Gadkòt peyi Etazini te entèsepte 857 Ayisyen nan lanmè epi retounen yo Ayiti.