Skip to main content

Restore Aksè pou moun mande Azil sou Fwontyè Etazini an

Administrasyon Biden nan Dwe Konsantre li sou bay moun yo yon Tretman ki Jis, ki respekte Diyite ak Dwa yo genyen.

Fanmi k ap mande azil ki ap patisipe nan yon evennman tradisyonèl nan Las Posadas nan zòn mi fwontalye ant Etazini-Meksik, sou bò kote Meksik la, nan dat 15 desanm 2020, nan Douglas, Arizona. © 2020 AP Photo/Ross D. Franklin

Depi mwa mas 2020, Etazini ap mal itilize yon seksyon ki la lontan ki nan yon lwa sou sante piblik – Title 42 – pou mete migran deyò rapidman, san li pa bay yo chans pou mande azil.

Ta sanble sitiyasyon sa pral fini. Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ta gen pou li pwolonje ankò òdonans ki otorize yo mete moun deyò sou baz Title 42 a, men se sèlman pou rive jiska 23 me. Poutan plan Prezidan Biden pou li ouvè ankò posiblite azil sou fwontè sid Etazini pa yon bagay yo twò pale sou li epi se yon dosye ki genyen anpil kontradiksyon sou li.

Nan kanpay, Biden te prevwa kreyasyon yon fwontyè ki respekte dwa moun, ki t ap restore aksè pou moun jwenn azil epi mete fen nan detansyon prive. Men aprè plis pase yon ane li pran pou prepare yon vrè repons imanitè sou fwontyè a, administrasyon an pa fè pwogrè nan pwomès li yo pandan li toujou kenbe an plas oubyen menm etann anpil nan menm pratik represif yo ki te debouche sou abi jeneralize  sou prezidan ki te la avan li yo. Pami pratik sa yo, nou ka site detansyon, siveyans ak pwosedi ki fèt nan mache prese ki vyole dwa moun k ap mande azil yo pou yo genyen yon odisyon ki jis devan jij yo.  

Genyen plizyè dizèn milye moun k ap mande azil tou prè fwontyè a ki ap tann – souvan nan  kondisyon danjere epi ki menase lavi yo –pandan plizyè mwa oswa ane pou yo egzèse dwa yo genyen daprè lalwa pou chèche pwoteksyon pandan fwontyè Etazini an rete fèmen pou yo. Jiska prezan, direktè CDC (Sant Kontwòl ak Prevansyon maladi) a ki se Rochelle Walensky kontinye apwouve mezi ki pran pou kontinye aplike politik Title 42 pou mete moun deyò, ki otorize Etazini  – sou sipèvizsyon Biden – pou mete plizyè milye moun k ap mande azil pou ale nan peyi, , tankou Ayiti, kote yo pral fè fas ak ris grav pou lavi yo.

Chanjman ki pwopoze nan pwosesis pou mande azil la reprezante kèk pwogrè bò kote administrasyon Biden nan. Yo otorize ajan k ap resevwa demann azil pou yo dirèkteman pwoteje moun ki prezante prèv kredib ki montre y ap pèsekite yo nan peyi yo, sa ki ogmante nan nivo efikasite epi redui potansyèlman kantite dosye ki ap trennen yo. Men, plan sa yo genyen tou kèk  mankman ki grav. Egzanp, peryòd tou kout ki soti nan twa (3) pou rive senk (5) semenn administrasyon Biden nan ap planifye pou bay moun k ap mande azil yo pou yo jwenn yon avoka oswa pou prepare dosye yo posib pou li afekte regilarite pwosesis la epi ogmante anpil ris pou yo voye yo tounen nan danje a.  

Plan administrasyon an genyen nòmalman se pou mete moun ki fòme nan sans sa sou fwontyè a. Men òganizasyon imanitè ki akeyi moun k ap mande azil yo te soulve preyokipasyon pou di administrasyon an pa reyisi kowòdone avèk yo epi li posib pou ajan imigrasyon yo pa ofri moun k ap mande azil yo bon jan kondisyon detansyon oswa lage yo nan estasyon bis oubyen nan lari, sa ki fè li difisil pou yo genyen aksè ak sèvis esansyèl yo oubyen atenn destinasyon yo, sa ki ap peze anpil sou resous lokal yo.   

Etazini kapab epi li dwe akeyi moun k ap mande azil sou fwontyè yo avèk diyite. Lè li pa fè sa, se yon chwa li fè.

 

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.