Skip to main content

Ansyen Minis Espò Ayisyen Jwenn Arestasyon li pou Akizasyon Abi Seksyèl ki fèt Kont li

Pwoteje Viktim yo kont Menas, Mennen moun ki fè Abi yo devan Lajistis

Ansyen minis espò Ayisyen, Evans Lescouflair, ki ap entèvni nan Fowòm Mondyal sou Espò, nan vil Barcelona, Espay, 10 Mas 2010. © 2010 AP Photo/ David Ramos

Gras ak kouraj viktim ak lansè alèt yo, gouvènman Ayiti a pran bon jan mezi pou mennen devan lajistis dirijan ki wo plase nan espò ki enplike nan fè abi sou timoun epi mete yo deyò nan sektè espò a.

Jou ki te 2 Jiyè pase a, ansyen minis espò ayisyen, ki rele Evans Lescouflair, te jwen arestasyon li anba men Interpol nan peyi Panama kote li t ap eseye sove pou lajistis ayisyen pa jwenn li. Lescouflair ap fè fas ak akizasyon pou zak vyòl repete li fè sou yon jenn elèv 11 ane pandan li te pwofesè. Li ap fè fas tou ak yon pwosedi sivil sou baz plent plizyè lòt moun te depoze kont li aprè yo te prezante prèv kote li te abize yo seksyèlman. 

“Avèk Lescouflair ki finalman nan prizon pou reponn kesyon lajistis, objektif nou kòm viktim se voye yon mesaj pou di tout timoun an Ayiti epi nan monn nan merite bon jan pwoteksyon kont abi seksyèl tout tan,” daprè Claude-Alix Bertrand, youn ki te viktim abi seksyèl pandan li te timoun ki se tou anbasadè Ayiti nan UNESCO (ki se ajans Nasyozini pou Edikasyon, Syans ak Kilti). “Espò pa dwe yon kote dirijan ki gen pouvwa ap abize timoun epi anyen pa rive yo. Nou dwe itilize ka sa kòm yon mwayen pou genyen chanjman dirab nan lide pou pwoteje timoun ki ap pratike espò ak lòt timoun ki pa nan domenn espò a.”

Lescouflair te yon dirijan wo plase nan Federasyon Ayisyen Foutbòl la epi li te prezidan yon ekip foutbòl jenn.

Dosye sa vini aprè sispansyon ak entèdiksyon pou tout tan ki te pran an Desanm 2020 kont Prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl , Yves Jean-Bart paske li te komèt abi seksyèl sou fanm ak tifi nan seleksyon nasyonal foutbòl ayisyen an. Aprè yon ankèt, FIFA, ki se federasyon foutbòl mondyal la, te entèdi Jean-Bart travay nan foutbòl la pou tout vi li.

Sepandan,  FIFA pa te mete deyò dirijan federasyon ayisyen foutbòl la ki te enplike nan kache abi seksyèl sa yo epi ki kontinye ap travay avèk seleksyon nasyonal foutbòl fanm nan, epi li pa te eseye kolekte amann US$1 milyon dola li te bay Yves Jean-Bart.

Lansè alèt ak viktim yo ap resevwa menas pou anpeche yo pote prèv abi seksyèl yo ki te komèt yo. Aprè Yves Jean-Bart te fin fè apèl sou desizyon an devan Tribinal Abitral Espò a an Avril pase a, temwen yo ap resevwa menas nan mesaj tèks sou telefòn yo ki di yo: “ Mwen genyen sekèy ou ki prepare pou ou.”

Human Rights Watch rapòte nouvo vag vyolans  k ap menase sistèm jistis la an Ayiti. Otorite ayisyen yo dwe pran mezi pou garanti aksè a lajistis, pwoteje lansè alèt ak viktim yo, epi arete moun k ap komèt abi seksyèl nan sektè espò a ak konplis yo.

Enstitisyon Entènasyonal ki responsab espò tankou FIFA ak Komite Entènasyonal Olenmpik dwe sipòte viktim yo nan entèdi moun ki komèt abi yo travay nan sektè espò a epi defann pwòp politik yo genyen sou pwoteksyon timoun.

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.

Region / Country