Skip to main content

Ayiti

Evènman 2023

Moun ki pa genyen dlo nan tiyo lakay yo, ap pran dlo nan yon ravin nan Pòtoprens, Ayiti, 21 Mas 2023.

© 20223 AP Photo/Odelyn Joseph

Nan ane 2023 a, kriz sekirite, jistis, politik ak imanitè a te vin pi mal an Ayiti. Zak touye moun, kidnapin ak vyolans seksyèl gwoup kriminèl yo ap komèt te ogmante yon fason konsiderab. Repons leta te fèb pou pa di li pa egziste ditou, epi sistèm jistis la preske pa fonksyone.

Plis pase 40 pousan popilasyon an te konnen ensekirite alimantè grav. Aksè pou jwenn kouran elektrik, bon jan dlo potab, asenisman, swen sante ak edikasyon limite pi plis toujou.

Nan mwa Oktòb pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize yon Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite, ki ap genyen nan tèt li peyi Kenya, pou amelyore sekirite a.

Premye Minis Ariel Henry pa rive jwenn yon konsansis avèk politisyen Ayisyen ak sosyete sivil la pou pèmèt genyen yon tranzisyon demokratik.

Magre kondisyon yo ki ap deteryore nan peyi a, gouvènman etranje yo te voye tounen plis pase 10 000 moun an Ayiti soti Janvye pou rive mwa Dawout; Repiblik Dominiken te reyalize 94 pousan nan rapatriman sa yo.

Kriz Politik

Depi asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021, Premye Minis Henry, ki pa te janm resevwa apwobasyon palman an, sa ki fè li pa genyen yon manda konstitisyonèl, ap dirije peyi a avèk dekrè. Palman an sispann fonksyone depi ane 2019, akoz Prezidan Moïse te refize òganize eleksyon lejislatif yo. Depi Janvye 2023, peyi a pa genyen okenn dirijan ki soti nan eleksyon sou plan nasyonal.

An Jen 2023, Ariel Henry ak lidè politik epi sosyete sivil Ayisyen yo te rankontre nan peyi Jamayik, yon inisyativ Gwoup Pèsonalite Enpòtan nan CARICOM, ki genyen ladan li twa (3) ansyen premye minis ki soti nan rejyon an, pou chèche yon solisyon politik nan kriz la. Yo pa te kapab jwenn yon konsansis, genyen kèk pati politik ak gwoup nan sosyete sivil la ki te siyen sa yo rele Deklarasyon Tèt Kole Kingston nan, ki mande pou genyen yon gouvènman inite nasyonal. Genyen nèf (9) prensipal òganizasyon dwa moun ak gwoup ki nan dyaspora ki ap viv Etazini ki mande kominote entènasyonal la pou sispann sipòte moun ki pwovoke kriz la an Ayiti men pito pou sipòte lide pou mete kanpe yon gouvènman tranzisyon “ki ap genyen teknokrat nan tèt ki t ap pran angajman pou pa patisipe nan pwochen eleksyon yo epi ki t ap travay …pou òganize eleksyon lib, onèt ak kredib.”

Yon Sistèm Jistis ki Disfonksyonèl

Sistèm jistis Ayisyen an ap fè fas ak pwoblèm ensekirite, koripsyon, grèv ak enjerans politik. Gwoup kriminèl pran kontwòl kay kote tribinal yo ye, tankou Tribinal depè nan Site Solèy an Jiyè 2020 ak Palè Jistis Pòtoprens, ki se prensipal konplèks jistis nan peyi a, an Jiyè 2022. Yo ta sanble vòlè oswa detwi prèv ak achiv ki enposib pou yo rekonstitye, paske tribinal Ayisyen yo pa genyen kopi elektwonik dosye yo. Tribinal yo te relokalize.  

Pa genyen gwo avanse ki fèt, rive mwa Oktòb, nan kad ankèt sou masak ki te fèt Lasalin an 2018, Bèlè an 2019, Laplenn ak Site Solèy an 2022 epi Kafoufèy an 2023.

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), ki se enstitisyon ki ap kontwole jistis la, te refize sètifye 28 jij ak komisè gouvènman an Janvye epi 12 an Jen, pou zak abi otorite, fo diplòm, epi liberasyon prizonye san yo pa respekte lalwa, pami lòt rezon ankò. Pa genyen okenn mekanis pou konteste desizyon CSPJ yo. 

An Fevriye 2023, Premye Minis Henry te nome uit (8) jij nan Lakou Kasasyon, pou pèmèt li fonksyone aprè plis pase yon ane kote li pa te genyen ase jij pou genyen kowòm. Gwoup nan sosyete sivil la te deklare Ariel Henry pa te respekte pwosedi konstisiyonèl yo nan kad nominasyon sa yo.

Rive mwa Septanm, prizon Ayisyen yo te genyen plis pase twa (3) fwa kapasite akèy yo. Pifò nan 11 784 prizonye yo – 84 pousan ladan yo t ap tann jijman—t ap viv nan kondisyon moun pa dwe evolye, san aksè pou jwennn bon jan manje, dlo oswa swen sante. Soti Janvye pou rive Septanm, genyen 128 prizonye ki te mouri, pifò nan yo te viktim maladi ki genyen rapò ak malnitrisyon.

Nouvo kòd ak pwosedi penal la ki prevwa altènativ fas ak detansyon pwolonje yo, pwograme pou antre an aplikasyon an Jen 2024.

Ankèt sou Asasina Prezidan Moïse

Prezidan Moïse te asasinen 7 Jiyè 2021. Rive mwa Me 2023, genyen 45 moun ki nan detansyon avan yo jije an Ayiti nan kad dosye a, pami yo 18 ansyen miltè Kolonbyen, ki genyen fanmi yo ki ap plenyen akoz mank asistans legal yo genyen ak move tretman epi kondisyon detansyon yo ki pa favorab pou moun viv. An Oktòb, lapolis te arete yon sispè kle nan dosye a. 

Jij enstriksyon Etazini yo yo fè konnen moun ki t ap konplote zak sa te premyeman planifye pou kidnape prezidan Moïse men aprè yo te deside touye li, nan lespwa y ap jwenn kontra avèk gouvènman ki ap ranplase li a. Jij nan peyi Etazini te kondane yon biznisman ki se Ayisyen-Chilyen ak yon ansyen kolonèl nan lame Kolonbi pou pase rès lavi yo nan prizon pou wòl yo te jwe nan asasina a. Genyen yon ansyen senatè Ayisyen ki te plede koupab; Santans li ap pwononse nan dat 19 Desanm. Genyen nèf (9) lòt akize ki ap tann jijman yo nan peyi Etazini.    

Vyolans Gwoup Kriminèl yo

Ajans Nasyonzini yo estime genyen plis pase 300 gwoup kriminèl ki kontwole 80 pousan kapital la, ki se Pòtoprens, pou rive mwa Septanm nan. Yo akize anpil ladan yo ki ta genyen lyezon avèk elit politik ak ekonomik yo men tou avèk ajan nan lapolis la.

Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun te dokimante ka lanmò 3156 moun – pami yo 36 polisye – epi 1284 kidnapin gwoup sa yo reyalize soti Janvye pou rive Septanm 2023.

Gwoup kriminèl yo te kontinye itilize vyolans seksyèl pou teworize popilasyon an epi demontre se yon ki ap kontwole. Mesen San Fwontyè (MSF) fè konnen yo te founi asistans bay 1 005 moun ki te viktim vyolans seksyèl nan lopital yo genyen nan Pòtoprens soti Janvye pou rive Me 2023, preske de (2) fwa kantite moun pou menm peryòd la an 2002.

Human Rights Watch te dokimante abi gwoup kriminèl yo te komèt nan kat (4) komin rejyon metwopoliten Potoprens, pami yo genyen 67 moun yo te touye – ladan genyen 11 timoun ak 12 fanm – epi 23 tifi ak fanm ki te vyole. Viktim yo di Human Rights Watch yo te trennen yo kite lari a, vyole yo kolektivman epi fè yo gade moun y ap touye ak manchèt epi ak zam.  

Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun te dokimante plizyè dizèn atak manm gang te fè kont moun ki se madivin, masisi, biseksyèl ak transjan (LGBT) soti Janvye pou rive ak Jen 2022. Viktim ki se fanm yo fè konnen gwoup kriminel yo te fè yo sibi “vyòl korektif” nan lide pou “geri” yo.

Gouvènman Ayisyen an pa te rive pwoteje moun yo kont vyolans kriminèl yo, sa ki vin agrave akoz sikilasyon zam ki kontinye ap fèt pou vin Ayiti, pifò ladan yo soti nan Eta Florid nan peyi Etazini.

Souvan avèk konplisite lapolis mouvman Bwa Kale a ki te vize rann tèt yo jistis te koze lanmò plis pase 430 moun yo ta sispèk ki se manm gwoup kriminèl soti janvye pou rive Septanm, dapre sa Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan rapòte. Human Rights Watch te verifye enfòmasyon ki te poste sou rezo sosyal ak nouvo sit ki konfime kat (4) atak ki te fèt an Mas ak Avril, kote twa ladan yo te fèt devan komisarya polis.

Gwoup kriminèl yo te fòme pwòp mouvman pa yo an reprezay, ki te pote non, Zam Pale. Sekretè jeneral Nasyonzini an te avèti pou di mouvman Bwa Kale ak Zam Pale a kapab “deklanche yon nouvo seri vyolans enkyetan” ki kapab mennen nan rekritman timoun pi devan.  

Atak sou Jounalis

Pou pi piti genyen twa (3) jounalis yo te touye soti Janvye pou rive Me 2023, daprè sa Komisyon Entè-ameriken sou Dwa Moun te deklare. Pou pi piti genyen sis (6) travayè laprès ki te kidnape an 2023 ak lòt ki te kite lakay pou echape vyolans gang ki ap ogmante, daprè deklarasyon Komite pou Pwoteje Jounalis te fè an Septanm.

Konpòtman Lapolis

Lapolis te touye 407 moun soti Janvye pou rive Septanm, daprè Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH). Daprè biwo sa, komisè gouvènman nan vil Okay ak Miragwann ta patisipe nan 7 ezekisyon ki fèt an deyò lalwa, epi moun ki te genyen inifòm lapolis sou yo te ekzekite pou pi piti 18 moun nan Taba.

Enspeksyon jeneral lapolis te ankete sou 103 polisye poutèt yo ta komèt vyolasyon dwa moun soti Janvye rive Septanm.

Abi Seksyèl nan Espò

An 2020, Komite Etik Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) te pran sanksyon pou lavi kont prezidan Federasyon an, Yves Jean-Bart, aprè yo te fin jwenn prèv abi seksyèl sistematik li te komèt sou jwè fanm. An Fevriye 2023, Lakou Abitral Espò te fè erè lè li te anile entèdiksyon FIFA a. Genyen yon dosye penal kont Jean-Bart ki an atant an Ayiti. Genyen plis pase yon dizèn viktim ki se gason ak fanm epi temwen ki te di Human Rights Watch li te konn fòse jwè fanm yo fè bagay avèk li.

An Jiyè 2022, Evans Lescouflair, ki se yon ansyen minis espò te jwenn arestasyon li Pòtorico epi yo te voye li an Ayiti sou baz plent timoun ki te viktim abi seksyèl anba men li te depoze. Li te jwenn liberasyon li an Jen 2023; pou kounya li ap tann jijman. 

Aksè pou Avòte

Ayiti entèdi totalman moun avòte. Kòd penal la ki dwe antre an aplikasyon an 2024 pral legalize li nan tout sikonstans jiska 12e semenn gwosès epi nenpòt moman nan ka vyòl, sèks ant menm manm fanmi, oswa lè sante mantal oswa fizik moun ki ansent lan an danje.

Dwa Moun Andikape

Menm si Ayiti te ratifye Konvansyon Nasyonzini sou Dwa Moun Andikape yo, lwa peyi a toujou genyen ladan yo tèminoloji ki kapab fwase moun, epi tou moun ki genyen andikap yo ap fè fas ak diskriminasyon pou jwenn aksè ak swen sante, edikasyon, ak jistis. Mete sou sa, estigmatizasyon plase yo nan yon nivo kote yo espoze a ris elve pou yo sibi vyolans.

Defansè dwa moun lokal yo fè konnen moun ki genyen andikap ap fè fas ak gwo obstak pou jwi dwa sivik yo, tankou difikilte pou genyen kat idantifikasyon nasyonal ki nesesè pou yo vote paske yo pa genyen aksè a Ofis Nasyonal Idantifikasyon an.

Dwa Ekonomik ak Sosyal

Kriz ekonomik ak politik la pwovoke yon sitiyasyon imanitè ki grav. Gwo inondasyon ki te pase an Jen epi Jiyè patou nan peyi a li menm tou montre vilnerabilite Ayiti fas ak katastwòf natirèl.

Daprè Bank Mondyal, preske 59 pousan popilasyon Ayiti a ki se 11.5 milyon moun ap viv avèk mwens pase $3.65 ameriken chak jou an 2023. Genyen preske 5.2 milyon moun ki bezwen asistans alimantè ak abri pou yo rete, yon ogmantasyon 20 pousan parapò ak 2022; pami yo, 4.9 milyon ki ap konnen yon ensekirite alimantè grav.

Rive nan kòmansman ane 2023 a, se sèlman yon tyè (1/3) nan Ayisyen yo ki te genyen aksè a kouran elektrik, yon kouran ki ap koupe tanzantan epi a yon pri elve. Sèlman 55 pousan fanmi Ayisyen te genyen aksè a bon jan dlo potab epi de tyè (2/3) popilasyon an genyen yon aksè limite a sèvis asenisman oswa pa genyen aksè a ditou, sa ki vin agrave pwoblèm pwopagasyon kolera. Rive mwa Dawout, Òganizasyon Panameriken pou Lasante (OPS) rapòte 58 230 ka sispèk kolera, 3 696 ka konfime ak 823 moun ki mouri depi pwopagasyon maladi a te kòmanse an Oktòb 2022.

Òganizasyon entènasyonal yo estime 75 pousan enfrastrikti sanitè peyi a pa genyen materyèl medikal ki adapte epi pèsonèl yo pa ase fòme. Ensekirite a fòse anpil travayè sante kite Ayiti nan ane ki sot pase yo.

Preske mwatye nan Ayisyen ki genyen 15 ane oswa pi plis pa konn ni li ni ekri; an 2020, se sèlman 46 pousan timoun ki rive fini etid primè yo. Kalite ak disponiblite lekòl piblik yo ba anpil epi 85 pousan lekòl primè e menm plis lekòl segondè se lekòl prive an 2020. Lekòl yo ki chè, atak sou lekòl ak timoun ki pral lekòl epi mank enfrastrikti ak pèsonèl anpeche 4.2 milyon timoun jwi dwa pou yo jwenn edikasyon, daprè UNICEF.

Deplasman Entèn ak Migrasyon

Plis pase 195 000 Ayisyen te deplase anndan peyi a akoz vyolans gang soti Janvye 2022 pou rive Jiyè 2023, daprè Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Anpil lòt te kite peyi a, pafwa nan fè vwayaj ki riske pou lavi yo.

OIM fè konnen soti Janvye pou rive mwa Dawout 2023, gouvènman etranje yo te voye tounen 103 706 moun malgre ris pou lavi ak entegrite fizik yo an Ayiti epi apèl Nasyonzini fè pou mande kanpe sou rapatriman fòse sa yo. Repiblik Dominiken te responsab depòtasyon 94 pousan nan moun sa yo; Etazini, Bahamas, Turks ak Caicos, ak Cuba te responsab pifò nan rès moun yo voye tounen yo. Nan mwa Avril la, Komite Nasyonzini sou Eliminasyon Diskriminasyon Rasyal te esprime gwo preyokipasyon sou ogmantasyon diskou rayisman ak vyolans rasis oswa zenofòb kont Ayisyen ki aletranje epi itilizasyon pwofilaj rasyal nan kad aksyon pou retabli lòd kèk peyi nan Amerik la.

Travayè imanitè yo di Human Rights Watch otorite Dominiken regilyèman ansèkle moun yo sispèk ki se sitwayen Ayisyen sèlman sou baz koulè po yo. Otorite yo mennen yo sou fwontyè a epi mete yo nan yon kaj anndan yon kamyon pandan y ap tann yo trete dosye yo, nan yon chalè ki ap toufe yo, epi avèk yon ti kantite dlo oswa manje ki pa ase oubyen pafwa san aksè a dlo oswa manje, avan yo retounen yo Ayiti.

An Septanm, Repiblik Dominiken te fèmen fwontyè terès li genyen avèk Ayiti, men tou tout koneksyon nan lanmè ak nan avyon, nan kad yon konfli konsènan yon rivyè. Espè deziyen Nasyonzini sou dwa moun an Ayiti te avèti pou di sa kapab entansifye yon kriz ki deja grav, paske peyi a enpòte pou pi piti 25 pousan manje li konsome, men tou materyèl medikal, soti lakay vwazen li. 

Aktè Entènasyonal Kle

Nan fen ane 2022 a, Premye Minis Henry te mande kominote entènasyonal la pou deplwaye yon fòs ame espesyalize, yon demann sekretè jeneral Nasyonizini an te anbrase. An Jiyè, Kenya te ofri 1000 polisye pou fòse epi asiste polis Ayisyen an. Gwoup ki ap defann dwa moun yo te esprime preyokipasyon yo genyen konsènan vyolasyon dwa moun polisye Kenya yo abitye komèt.

Nan mwa Oktòb, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te otorize deplwaman yon Misyon Miltinasyonal pou Sipòte Sekirite pou yon premye peryòd 12 mwa pou ede nan amelyore sekirite epi ranfòse kondisyon pou mennen nan eleksyon lib epi san fòs kote. Etazini te pwomèt $100 milyon dola ameriken pou yon misyon konsa an Septanm.

Sosyete sivil Ayisyen an mande pou genyen mezi ki fò ki adopte pou genyen kont ki rann pou evite menm domaj ki te komèt nan kad entèvansyon etranje yo epi mande gouvènman etranje yo sispann sipòte Premye Minis Henry, yon moun anpil Ayisyen konsidere ki ap dirije yon gouvènman ilejitim ki genyen relasyon avèk gwoup kriminèl. 

An Oktòb 2022, Konsèy Sekirite Nasyonzini te apwouve sanksyon – tankou jele fon, entèdiksyon vwayaj ak anbago sou zam. – kont lidè gwoup kriminèl ak lòt moun ki enplike nan vyolans. Rive Mas 2023, gouvènman etranje yo te sanksyone 25 moun. An Jiyè, Inyon Ewopeyen te adopte pwòp rejim sanksyon li sou Ayiti. An Oktòb, konsèy la te renouvle mezi sanksyon li yo pou yon lòt ane epi etann anbago sou zam nan, kote li entèdi vant ak transfè zam soti nan peyi etranje pou ale an Ayiti an jeneral, sof pou misyon Nasyonzini te otorize a epi pou fòs lòd yo.

An Avril 2023, nan kad pwòp inisyativ Ayiti, Konsèy Dwa Moun nan Nasyonzini te adopte yon rezolisyon atravè yon konsansis, ki etabli yon espè deziyen Nasyonzini sou dwa moun an Ayitil. Li te reyalize dezyèm vizit ofisyèl li nan peyi a an Oktòb.

Nasyonzini te fè yon demann $720 milyon dola èd pou Ayiti an 2023, preske doub kòb ki te leve an 2022. Rive mwa Septanm, li te sèlman leve 26 pousan nan kantite lajan sa a.