Skip to main content

Ayiti: Pwoteje Fanm ak Tifi yo nan Repons k ap pote aprè Tranblemantè a

Aprann apati Esperyans 2010 yo; Satisfè bezwen Gwoup ki Vilnerab yo

Residents help Team Rubicon's disaster response team unload aid at the airport from a US Army helicopter to take to the hospital where the team is treating residents injured in the 7.2 magnitude earthquake in Les Cayes, Haiti, Thursday, August 19, 2021.  © 2021 AP Photo/Fernando Llano

(Washington DC) – Gouvènman Ayisyen an  ak donatè yo dwe konsidere leson ki te aprann apati echèk ki te genyen nan katastwòf ki te deja pase yo nan kad repons y ap pote nan ka tranblemantè 14 dawout 2021 an, pou rasire yo fanm, tifi ak lòt gwoup ki majinalize yo jwenn atansyon yo bezwen, sa se deklarasyon Human Rights Watch fè jodi a. Repons imanitè a dwe respekte prensip ak nòm dwa moun, pami yo genyen transparans, redisyon kont, patisipasyon ak prensip kont diskriminasyon.

Daprè evalyasyon Nasyonzini fè, katastwòf 14 dawout la afekte plis pase 2 milyon moun, touye plis pase 2000 moun epi blese plis pase 12 000 moun. Nan jefò pou pote repons yon semenn aprè, Ministè Sante Piblik te idantifye gwo bezwen medikal tankou pèsonèl medikal, medikaman ak resous materyèl, finansye ak lojistik pou mennen operasyon yo. Ministè a tou te ensiste sou bezwen ki genyen pou pote repons fas ak Covid-19 la nan zòn ki afekte yo. “Bezwen debaz yo tèlman anpil, fè gen ris pou respè dwa moun vin tounen yon bagay ki opsyonèl, yon bagay nou pa ka ofri tèt nou, men nou te twouve nou nan sitiyasyon sa a avan, sa ki ouvè pòt pou fanm ak tifi yo viktim vyolans, abi ak lanmò ki evitab, deklarasyon Amanda Klasing, ki se direkè asosye pou kesyon dwa fanm nan Human Rights Watch. “Etandone konesans nou genyen sou sa ki mal ki te pase, li t ap entolerab e sa t ap montre nou pa moun si nou ta bliye yon fwa ankò epi inyore dwa moun nan jefò k ap fèt pou pote repons ak sa ki pase a.

Rechèch Human Rights Watch te fè an 2010 ak 2011 te domontre repons ki te pote aprè tranblemantè 2010 la pa t genyen ladan bon jan mezi sekirite ak sante pou redui ris fanm ak tifi yo t ap fè fas. Olye de sa, jefò sa yo pa t rive satisfè bezwen  ak dwa yo genyen, pami yo swen nan domenn repwodiksyon ak swen pou manman yo. Gen kèk egzanp kote, mank sekirite alimantè ak mank konsantrasyon ki pa t mete sou kesyon “jan” an nan distribisyon èd yo te fè vin gen grangou, epi genyen kèk fanm ki rapòte yo te oblije fè bagay kòm echanj pou jwenn manje. Akoz pa t genyen ase sekirite nan kan yo, sa te vin agrave nivo enpak vyolans seksyèl yo, pandan li te preske enposib pou jwenn swen aprè yon moun fin sibi vyòl.

Te deja pa t gen ase enfrastrikti medikal ki te desèvi rejyon ki te touche nan tranblemantè 14 dawout yo. Òganizasyon Mondyal Lasante estime genyen 4 enfrastrikti medikal ki te detwi, epi genyen 32 ki andomaje. Gen plizyè milye nan moun ki blese yo ki toujou bezwen swen pou moman n ap pale la a. Fanm ak Tifi yo bezwen mwayen pou anpeche yo tonbe ansent ak sèvis ki disponib si yo ta sibi vyòl epi sa ki ansent yo bezwen jwenn swen avan yo akouche, swen nan men doktè ki se obstetrisyen ak swen obstetrik nan ka ijans.

Dènye katastwòf sa vini sis (6) semenn aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse. Sosyete sivil Ayisyen an gen preyokipasyon pou katastwòf sa pa detounen atansyon yo sou apèl ki t ap lanse pou genyen redisyon kont ak patisipasyon yon fason elaji pou rezoud kriz politik la. Men pito sa, gwo presyon katastwòf sa a pwovoke, fè li pi enpòtan toujou pou otorite ayisyen yo, ak sipò kominote entènasyonal ak yon echantiyon reprezantatif  ki nan sosyete sivil la, pou pran mezi ki respekte dwa moun pou ede frennen vyolans, epi fè moun ki responsab yo rann kont epi rezoud kriz enstitisyonèl ki egziste a.

Pou evite ogmantasyon ris pou gen vyolans ki baze sou “jan”, nou te obsève aprè tranblemantè 2010 la, gouvènman an, donatè yo ak ajan k ap bay èd yo dwe adopte estrateji ki klè nan jefò y ap fè pou pote repons yo. Yo dwe vantile tout done yo genyen yo an fonksyon “jan” ak lòt estate majinalize yo, yo dwe genyen mezi espesifik sou “jan” an epi pèmèt gen patisipasyon total fanm ak tifi nan desizyon k ap pran yo epi nan jefò pou pote soulajman yo, deklarasyon Human Rights Watch.  

Nan mwayen tèm, òganizasyon k ap sèvi moun ki deplase yo dwe nome imedyatman ajan pwoteksyon, mete enfrastrikti tankou twalèt ak douch separe an fonksyon “jan” an, epi rasire yo genyen bon jan ekleraj. Otorite yo dwe mete kanpe epi fè pwomosyon pou bon jan pwogram oryantasyon ki klè ki genyen pou moun ki vilnerab yo oswa moun ki viktim vyolans ki baze sou “jan”.

Aprè tranblemantè 2010, se sèlman $118.4 milyon dola sou $258 milyon dola ki te pwomèt yo, ki te dekese pou swen sante sou yon peryòd 18 mwa, sa ki te kite yon vid nan swen sante moun ki pi majinalize yo yo te dwe resevwa, pami yo nou ka site fanm ansent ak tifi. Gouvènman ki se donatè pa tad we sipòte Ayiti sèlman nan pwomès don men tou nan kesyon transparans pou konnen ki kote ak kijan lajan te dekese epi priyorize finansman lasante pou garanti òganizasyon k ap bay swen k ap sove lavi yo genyen yon aksè imedya ak sipò ki bay yo.

Èd imanitè yo dwe distribye san konsideran sansiblite politik moun yo, san diskriminasyon epi sa dwe fèt nan respè prensip imanitè yo. Donatè ak òganizasyon k ap bay èd yo dwe bay enfòmasyon a tan epi ki klè sou dekesman fon ak mezi ki itilize pou sèvis y ap founi yo, kote y ap vantile yo an fonksyon “jan” an ak lòt estati ki majinalize. Menm jan an tou, Gouvènman ayisyen an dwe founi rapò transparan sou repons li pote ak sou jefò kòdinasyon yo.

Ajans k ap bay èd yo dwe rasire yo tout moun gen aksè pou jwenn enfòmasyon sou kalite sèvis ki disponib yo ak kote moun kapab jwenn yo, pandan y ap pèmèt moun yo rive kote a nan asire transpò yo epi rasire yo pa genyen okenn fanm oswa tifi ki pa resevwa swen nan domenn sante repwodiktif akoz yo pa kapab peye pou sèvis la. Jefò pou pote repons yo dwe gen ladan yo mezi pou founi bon jan ekipman pou tout travayè k ap pote èd yo– lokal ak entènasyonal – menm jan ak bon jan aksè ki elaji pou fè tès Covid-19.

Pou kounya, evalyasyon sou sekirite alimantè a poko fin fèt. Men, òganizasyon ki nan sosyete sivil ayisyen an lanse yon avètisman sou gwo ris ki genyen sou kesyon ensekirite alimantè. Òganizasyon Mondal Lasante fè konnen genyen yon evalyasyon k ap fèt kounya la sou kesyon dlo ak asenisman. Depi plizyè dizèn ane, mank aksè pou jwenn dlo pwòp ak asenisman afekte dirèkteman sante, edikasyon e menm ris pou genyen vyolans oswa lanmò ki komèt sou fanm ak tifi an Ayiti. Evalyasyon an dwe gen ladan yon analiz ki fèt sou aksè a ki baze sou dwa moun yo ak sekirite epi rasire li tout moun gen kantite dlo pwòp ki sifizan pou konbat Covid-19, kolera ak lòt maladi transmisib yo.

Mank kòdinasyon an te yon katastwòf nan repons ki t ap pote epi nan pataj done donatè ak òganizasyon non-gouvènmantal  ki t ap founi sèvis sante aprè tranblemantè 2010 la. Obsèvatè dwa moun ak gouvènman ayisyen pa t kapab evalye pwogrè ki te fè pou satisfè bezwen sante yo. Fwa sa a, nan mezi yo kapab, yo dwe dekese lajan an dirèkteman bay òganizasyon ki baze an Ayiti oswa ki gen ayisyen k ap dirije yo ki genyen yon esperyans travay ki long epi ki angaje yon an peyi a. Èd ki pa baze sou dwa moun p ap kontribye pou genyen yon sistèm sante dirab, ki ap pote atansyon bay popilasyon ki majinalize yo, tankou fanm ak tifi.  .

Gouvènman, donatè ak ajans k ap bay èd yo dwe travay nan tèt kole ak òganizasyon dwa moun lokal yo pou adopte estrateji ak apwòch ki respekte prensip dwa moun yo epi pèmèt sosyete sivil la fè siveyans sou jefò retablisman yo, deklarasyon Human Rights Watch said.

“Dwa ayisyen yo dwe respekte totalman nan repons k ap pote aprè tranblemantè a,” sa se deklarasyon Klasing. “Donatè yo dwe travay ak gouvènman epi òganizasyon non-gouvènmantal lokal yo pou rasire gen bon jan sipèvizyon sou pwosesis la epi rasire yo tout moun kapab resevwa sèvis, pwoteksyon, epi  respè dwa yo genyen.”

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.

Region / Country