Skip to main content

Haiti

Events of 2022

De manm pèsonèl medikal la ki ap pran swen malad ki gen sentom kolera nan yon klinik Medsen San Fwontyè ap dirije nan Pòtoprens, Ayiti, 27 Oktòb 2022.

 

© 2022 AP Photo/Ramon Espinosa

Nan ane 2022, Ayiti te konnen yon kriz politik, sekirite ak imanitè ki ap pèsiste ki rann tout branch nan gouvènman pa operasyonèl, sa ki agrave enpinite ki te deja genyen parapò ak vyolasyon dwa moun ki komèt.

Gang ame yo entansifye kontwòl yo genyen sou zòn estratejik yo nan ogmante vyolans, menm nan prensipal tèminal gaz nan Pòtoprens, epi anpeche distribisyon gaz la fèt. Mank aksè pou jwenn gaz la gen gwo enpak sou biznis, lekòl ak lopital yo epi li kreye rate nan prensipal pwodui moun konsome, tankou dlo epi telekominikasyon.

Genyen plis pase 42 pousan popilasyon ayisyen an ki bezwen asistans imanitè epi genyen jiska 40 pousan kote nan peyi a ki ap viv yon ensekirite alimantè ki grav, daprè Biwo Kòdinasyon Zafè Imanitè nan Nasyonzini (OCHA).

Malgre kondisyon difisil sa yo, Etazini ak lòt peyi yo rapatriye preske 41 000 Ayisyen nan avyon ak sou bato soti Janvye 2021 pou rive Septanm 2022, epi Repiblik Dominiken voye tounen preske 59 000 moun an Ayiti soti Fevriye pou rive Oktòb 2022, pami yo genyen moun ki te fèt Repiblik Dominiken men otorite Dominiken yo konsidere yo kòm Ayisyen, daprè sa done ki disponib yo montre. 

Apati fen mwa Dawout la, genyen plizyè milye Ayisyen ki te pran lari nan tout peyi a kont gouvènman an epi pou manifeste kont vyolans gang yo ki ap ogmante, grangou k ap pwopaje tout kote epi kont mank aksè ak sèvis piblik debaz yo, enflasyon an k ap ogmante ak ogmantasyon pri gaz akoz desizyon Premye Minis Ariel Henry pran pou li retire sibvansyon sou pwodui sa.

Kolera te parèt ankò, sa ki koze lanmò pou pi piti 223 moun rive nan dat 27 Novanm.

Kriz Konstitisyonèl

Depi asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021, Premye Minis Henry ap dirije gouvènman an san yon manda konstitisyonèl, ni li pa te resevwa apwobasyon palman an.

Palman te sispann fonksyone an Janvye 2020, nan moman ansyen Prezidan Jovenel te refize òganize eleksyon lejislatif yo. Premye Minis Henry ap dirije ak dekrè pou kounya.

An Septanm 2021, premye minis lan te siyen yon akò politik avèk plizyè gwoup nan sosyete sivil la ak pati politik—reyini sou non Komisyon pou yon Solisyon Ayisyen nan Kriz la (Gwoup Montana) — pou mete kanpe ansanm yon nouvo gouvènman tranzisyon pou òganize eleksyon.

Jou ki te 31 Janvye 2022 a, Gwoup Montana fè eleksyon ki bay Fritz Jean, ki se yon ansyen prezidan bank santral, kòm prezidan tranzisyon. Ni kominote entènasyonal la ni gouvènman Henry a pa te rekonèt li.

Nan mwa Jiyè, Premye minis Henry te deklare li ap òganize eleksyon jeneral, men li pa te nome okenn manm nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, ki se enstitisyon ki gen responsablite pou òganize eleksyon, yon enstitisyon ki p ap fonksyone nan moman an. Negosyasyon pou te mete kanpe yon gouvènman tranzisyon te kontinye rive jiska mwa Oktòb.

Disfonksyonnman Sistèm Jistis la

Sistèm Jistis Ayiti a preske p ap fonksyone. Se 3 sou 12 jij Lakou Kasasyon yo ki kontinye ap travay—sa vle di tribinal la pa genyen kowòm pou tande okenn dosye epi pwononse jijman. San yon prezidan ki soti nan eleksyon epi yon Sena k ap fonksyone, nominasyon lòt jij ap trennen.

Nan premye mwatye ane 2022 a, Konsèy Minis yo, ki genyen ladan li manm kabinè yo, te nome 113 jij ki pa nan wo nivo nan sistèm jistis la, pou ogmante kapasite sistèm nan. Men nan mwa Jen pase a, genyen yon gang ki te pran kontwòl Palè Jistis Pòtoprens lan, ki se prensipal konplèks jistis nan peyi a. Ta sanble yo ta volè oswa detwi prèv moun p ap ka rejwenn ankò, paske tribinal Ayisyen yo pa genyen kopi elektwonik dosye yo.

Genyen kat (4) moun ki nan detansyon pandan plis pase yon ane, san pa gen okenn akizasyon fòmèl ki kenbe kont yo, pou rive mwa Oktòb, nan sa ki gen pou wè ak lanmò Monferrier Dorval, ki se prezidan Bawo Pòtoprens. Rive mwa Oktòb, pa genyen okenn jij ki nome pou tande dosye a aprè demisyon jij ki te la avan an nan mwa Fevriye.

Se sèlman 200 dosye penal ki tande soti Oktòb 2021 pou rive Septanm 2022, selon Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH). Nan kèk jiridiksyon, tribinal yo pa òganize okenn jijman sou dosye penal depi twa (3) ane, daprè sa Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR) rapòte. 

Rive mwa Septanm, prizon Ayisyen yo te genyen preske twa (3) fwa plis prizonye pase kapasite yo te konstwi pou resevwa. Anpil nan plis pase 11 700 prizonye yo—84 pousan nan yo ap tann jijman—ap viv nan kondisyon moun pa dwe viv. Biwo Pwotektè Sitwayen an, ajans Nasyonzini yo ak òganizasyon ayisyen k ap defann dwa moun yo rapòte ka kote gadyen prizon yo tòtire prizonye, ka vyòl ant prizonye epi anpil ka lanmò akoz malnitrisyon.

Antre an aplikasyon nouvo kòd ak pwosedi penal la bay altènativ fas ak detansyon pwolonje a, men dat la te ranvwaye soti Jen 2022 pou kòmansman Jen 2024 pou pèmèt yon komisyon gouvènmantal òganize aplikasyon dokiman sa yo.

Nan kòmansman Novanm nan, premye minis Henry te nome yon nouvo prezidan nan Lakou Kasasyon.

Ankèt sou Asasina Prezidan Moïse

Prezidan Moïse te asasinen jou ki te 7 Jiyè 2021 an. Kòm repons, fòs sekirite yo te touye 3 moun epi arete 47 lòt an Ayiti, pami yo gen ansyen militè Kolonbyen, daprè RNDDH. Genyen yon prizonye ki mouri, kat (4) libere epi 42 toujou rete nan prizon pou rive mwa Oktòb. Pa gen okenn nan yo ki enkilpe.

Kat (4) jij ki te kòmanse premye enstriksyon sou dosye asasina a prezidan an t ap resevwa menas. Genyen twa (3) jij enstriktè ki te vin demisyone aprè sa, kote yo fè konnen se pou rezon pèsonèl ki gen rapò ak pwoblèm sekirite. Gen youn ladan yo ki te tonbe anba akizasyon koripsyon. Gen yon katriyèm (4yèm) ki demisyone an Avril, ki t ap plenyen paske li pa genyen aksè ak dosye a. Nan mwa Me a, genyen yon senkyèm (5yèm) jij ki te nome sou dosye a.

Komisè Gouvènman Bedford Claude te mande yon jij, an Septanm 2021, pou apwouve akizasyon li te kenbe kont Premye Minis Henry, kote li fè konnen li te genyen kontak telefonik, kèk èdtan, avan asasina a, avèk youn nan prensipal sispèk yo. Premye Minis Henry te voye jete tout akizasyon yo epi revoke Claude. Yon desizyon jistis rete pandan konsènan demann Bedford Claude pou tande Premye Minis Henry sou akizasyon li te fè yo pou rive mwa Oktòb 2022 a.

Kolonbyen ki sispèk yo kontinye ap plenyen, an 2022, paske yo pa t janm pase devan jij, epi akoz mank asistans legal, epi y ap soufri akoz kondisyon detansyon yo ki pa respekte dwa moun. Gen kèk ladan yo ki di polisye konn tòtire yo.

Ankèt sou dosye sa nan peyi Etazini gen kèk pwogrè ki fèt sou li. Genyen yon ansyen trafikan dwòg ki te kondane, yon ansyen enfòmatè DEA, yon ansyen militè Kolonbyen epi yon ansyen senatè Ayisyen ki enkilpe nan kòmansman ane 2022 a pou plizyè chèf akizasyon tankou konspirasyon pou touye moun.

Vyolans Gang

Vyolans pa sispann ogmante, prensipalman nan rejyon metwopoliten Pòtoprens, paske genyen 92 gang k ap opere nan zòn sa yo k ap goumen pou teritwa, daprè ONG Fondasyon Je Klere (FJKL). Gen plizyè dirijan leta ki di Human Rights Watch gang yo gen koneksyon ak politisyen epi polisye.

Nan tout peyi a, BINUH rapòte 1439 moun yo touye, soti Janvye pou rive mwa Dawout 2022 epi 877 ka kidnapin.

Enstiti pou Jistis & Demokrasi an Ayiti (IJDH), RNDDH ak FJKL dokimante 20 masak ki fèt nan Pòtoprens depi ane 2018, kote genyen pou pi piti 1000 viktim. Pa gen moun ki enkilpe nan kad lanmò sa yo.

Yo akize gang yo ki ta itilize vyolans seksyèl pou teworize epi kontwole katye yo. Soti Janvye pou rive Mas 2022, BINUH te anrejistre an mwayenn 98 viktim vyolans seksyèl chak mwa nan zòn gang yo kontwole nan Pòtoprens. Vrè chif la kapab plis toujou, paske yon fason kwonik moun toujou pa vle denonse vyolans seksyèl.

Vag britalite sa lakoz deplasman 96 000 moun nan zòn metwopoliten Pòtoprens rive mwa Oktòb 2022, daprè sa BINUH rapòte.

Defansè Dwa Moun ak Jounalis

Òganizasyon ki nan sosyete sivil la dokimante plizyè zak atak, menas ak entimidasyon kont defansè dwa moun, jounalis ak jij soti Janvye pou rive Oktòb 2022.

An Janvye, gang yo te touye de (2) jounalis ki t ap ankete sou lanmò yon enspektè polis. Genyen yon twazyèm jounalis ki te sove anba yon atak men li te kite Ayiti aprè li t ap resevwa menas lanmò. An Fvriye, yo te tire yon jounalis pandan li ap kouvri yon manifestasyon. Nan mwa Septanm, gang yo te touye de (2) jounalis pandan y ap fè repòtaj sou vyolans gang. Pa genyen gwo avanse ki fèt nan ankèt sou lanmò  sa yo oswa sou lanmò de (2) lòt jounalis an Jen 2021.

RNDDH fè konnen gen pèsonalite politik enfliyan ak lòt moun ki te òganize rankont nan mwa Mas, pami yo genyen chèf gang, pou planifye lanmò direktè RNDDH la. Òganizasyon an fè konnen genyen yon moun ki te prezan nan youn nan rankont yo ki revele plan an.

An 2019, yo te jwenn Charlot Jeudi, prezidan Kouraj, ki se yon òganizasyon k ap defann dwa madivin, masisi, biseksyèl ak transjan (LGBT), mouri anndan lakay li. Pa genyen okenn avanse ki fèt nan ankèt la.

Vyolasyon Fòs Sekirite yo komèt

Lapolis reponn ak fòs ki depase limit nan kad manifestasyon kont gouvènman yo. Genyen yon jounalis ki te mouri epi de (2) lòt blese aprè lapolis ta tire ak bal reyèl sou manifestan yo nan mwa Fevriye a. RNDDH rapòte genyen plizyè manifestan ki soti blese, akoz lapolis ta itilize gaz lakrimojenn yon fason ki pa apwopriye. 

Enpeksyon jeneral lapolis t ap ankete sou 50 ka vyolasyon dwa moun polisye ta komèt soti Janvye pou rive Oktòb, daprè sa BINUH rapòte.

Dwa pou jwenn Sante, Dlo ak Manje

Plis pase mwatye Ayisyen ap viv nan ensekirite alimantè kwonik, epi 22 pousan timoun yo nan malnitrisyon yon fason kwonik.

Pri manje te vin 23 pousan pi chè an Jen 2022, sa ki lakoz kriz grangou a vin pi grav, si nou konpare li avèk mwa Jen 2021. Gwo inondasyon ak ewozyon nan sòl la ki se konsekans debwazman ak degradasyon basen vèsan yo afekte negativman pwodiksyon agrikòl la nan kèk rejyon.

Tranblemantè 2021 an te afekte 800 000 moun. Ensekirite ak lajan ki pa sifi fè èd la pa rive jwenn rejyon ki afekte nan tranblemantè sa ki koze anpil dega an 2021. Moun ki bezwen asistans imanitè yo, tankou abri epi aksè pou jwenn sante, edikasyon ak lòt sèvis esansyèl yo ogmante kote yo soti nan 4.4 milyon pou rive 4.9 milyon moun an 2022.

Genyen plis pase yon tyè (1/3) nan popilasyon an ki pa genyen aksè pou jwenn dlo pwòp epi de tyè (2/3) ladan yo genyen yon aksè limite oswa pa genyen aksè ditou pou jwenn sèvis asenisman. Se sèlman 1 pousan nan popilasyon an ki te vaksine konplètman kont Covid-19 pou rive mwa Oktòb pase a.

Premye ka kolera a te konfime nan kòmansman mwa Oktòb epi epidemi an pwopaje rapidman. Ministè Ayisyen Sante rapòte plis pase 11 800—preske mwatye ladan yo se timoun ki genyen mwens pase 14 ane—ka sispèk epi genyen pou pi piti 223 ka lanmò pou rive 27 Novanm. Vrè kantite ka yo reprezante plis pase sa toujou, akoz se pa tout ka yo ki deklare, daprè avètisman ajans Nasyonzini yo. 

Dwa pou jwenn Edikasyon

Preske mwatye Ayisyen ki genyen 15 ane e plis yo analfabèt. Jeneralman, se yon move kalite edikasyon ki bay nan lekòl piblik yo, epi 85 pousan lekòl yo se prive, kote kantite lajan paran yo dwe peye a anpeche pifò timoun ki soti nan fanmi ki gen revni ki fèb yo ale lekòl.

Tranblemantè 2021 an te detwi oswa koze gwo dega sou 1250 lekòl. Ensekirite ak mank lajan anpeche rekonstriksyon pifò nan yo. Genyen plis pase 250 000 timoun ki pa genyen aksè ak enfrastrikti eskolè ki apwopriye, daprè estimasyon UNICEF fè.

Vyolans gang yo ak epidemi kolera kapab lakoz plis pase 2.4 milyon timoun pa ale lekòl, daprè avètisman UNICEF.

Dwa Fanm ak Tifi

Vyolans ki baze sou jan se yon bagay ki kouran nan peyi a, men sa vin pi grav akoz tranblemantè 2021 an ak vyolans gang yo k ap ogmante.

An 2020, Komite Etik nan Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) te pran mezi entèdiksyon kont Prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl la (FHF) ki se Yves Jean-Bart aprè li te jwenn prèv abi seksyèl ki fèt sistematikman sou jwè fanm yo. Après a, FIFA te pran mezi entèdiksyon pou lavi kont yon lòt dirijan Federasyon an epi sispansyon kont kat (4) lòt ki gen koneksyon ak abi sa yo, men li pa te retire lòt dirijan ki te enplike yo. An Jen 2022, Evans Lescouflair ki se ansyen minis espò, te jwenn arestasyon li nan peyi Pòtoriko epi yo te voye li tounen Ayiti, nan sa ki gen rapò ak dosye abi seksyèl kèk viktim te depoze plent kont li. 

Nouvo kòd penal la, ki dwe antre an aplikasyon an 2024, konsidere asèlman seksyèl ak vyolans ki baze sou jan kòm enfraksyon lalwa kondane.

Ayiti entèdi totalman avòtman. Nouvo kòd penal la pral legalize li nan tout sikonstans rive jiska 21èm semenn gwosès, epi nan nenpòt moman gen zak vyòl oswa si de (2) moun yo se fanmi oubyen si sante mantal oswa fizik moun ki ansent lan an danje.

Dwa Moun ki Andikape

Menm si Ayiti te ratifye Konvansyon sou Dwa Moun Andikape yo, kad legal peyi a pa amonize epi li genyen kèk dispozisyon ki diskriminatwa e ki ka ofanse moun. Moun ki andikape ap konnen diskriminasyon nan mank aksè pou jwenn sante, edikasyon ak jistis, epi y ap viktim tou gwo estigmatizasyon ki fè yo espoze anpil ak ris pou sibi vyolans.

Kòd penal la ki poko antre an aplikasyon entèdi vyolans oswa ensitasyon pou fè vyolans kont moun andikape.

Oryantasyon Seksyèl ak Idantite Jan

Madivin, masisi, biseksyèl ak transjan (LGBT) se moun ki patikilyèman espoze ak vyolans. Lwa Ayisyen yo pou kounya pa pwoteje moun ki se LGBT. Kòd penal la ki poko antre an aplikasyon founi kèk pwoteksyon ki baze sou oryantasyon seksyèl, kòm egzanp, li enpoze gwo sanksyon kont moun ki komèt yon krim ki fèt an fonksyon oryantasyon seksyèl reyèl oswa sipoze viktim nan. 

Migrasyon

Soti Janvye pou rive Septanm 2022, genyen anpil peyi nan rejyon an ki te voye plis pase 21 000 moun tounen an Ayiti swa nan avyon oswa nan bato, konpare a 10 152 nan menm peryòd la an 2021, daprè Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM). Pami moun ki rapatriye an 2022 yo, Etazini te depòte 69 pousan, kote li te itilize yon fason ki pa apwopriye yon lwa sou sante piblik moun konnen sou non Tit 42. Pami dènye moun ki depòte yo genyen plis pase 4 000 timoun, pami yo gen plizyè santèn timoun ki te fèt nan peyi Chili ak Brezil men paran yo se Ayisyen.

Repiblik Dominiken te voye preske 59 000 moun tounen Ayiti soti Fevriye pou rive Oktòb 2022, pami yo genyen moun ki te fèt nan Repiblik Dominiken men otorite dominiken yo konsidere yo kòm Ayisyen, daprè Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR).

Gad Kòt Etazini te entèsepte 7 137 Ayisyen sou lanmè soti Oktòb 2021 pou rive Septanm 2022, se pi gwo bilan nan senk (5) ane ki sot pase yo. 

Pifò nan moun Etazini te voye tounen yo t ap viv nan Sid Amerik la kèk ane avan, kote yo t ap kouri pou yon sitiyasyon ekonomik ak sekirite ki te deja difisil an Ayiti. Genyen kèk ladan yo ki t ap soufri akoz diskriminasyon ak vyolans sou wout pou ale nan Nò amerik la, menm jan ak mank swen sante ak bon kalite manje epi pwodui ijyèn nan sant detansyon yo nan peyi Etazini. Gen kèk moun ki depòte ki deklare yo te vle mande azil nan peyi Etazini men yo pa t bay yo chans pou fè sa. 

Rive mwa Oktòb, pa te genyen okenn pwogram reyentegrasyon pou ede moun ki tounen an Ayiti oswa mekanis pou fè siveyans sou dwa moun nan lide pou evalye si pa genyen okenn nan yo ki sibi pèsekisyon oswa ki viktim move zak lè yo retounen.

Aktè Entènasyonal ki Enpòtan

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te pwolonje manda BINUH pou rive jiska 15 Jiyè 2023.

Aprè tranblemantè 2021 an, Nasyonzini fè yon apèl pou mande US$187 milyon dola pou pote èd ijans bay moun ki nan zòn ki afekte yo, epi li resevwa 40 pousan kòb la nan men donatè yo. Nasyonzini te mande $373 milyon dola pou pote yon repons imanitè pou tout peyi a pou ane 2022 a. Rive mwa Jen, li te ranmase mwens pase 30 pousan kòb sa a.

An Oktòb pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini te apwouve sanksyon kont chèf gang ki enplike nan vyolans, tankou jele fon yo, entèdiksyon pou vwayaje ak anbago sou zam. An Novanm pase a, Etazini ak Kanada te sanksyone prezidan Sena Ayisyen ak yon ansyen senatè, yo akize yo pou enplikasyon yo nan trafik dwòg.