Skip to main content

Ayiti

Evènman 2021

Yon pano afichaj ki gen foto Prezidan ayisyen Jovenel Moïse ki te asasinen itilize pou bloke yon wout pandan yon manifestasyon kont gouvènman an nan Pòtoprens, Ayiti, 21 Oktòb 2021. 

© AP Photo/Matias Delacroix.

Pandemi Covid-19 melanje ak kriz ekonomik li pwovoke, asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021 epi tranblemantè mayitid 7.2 ki te pase mwa Dawout te agrave defi Ayiti te deja ap fè fas tankou enstabilite politik ak vyolans gang ki souvan gen koneksyon ak aktè ki nan leta a. Ayiti te toujou nan goumen pou li satisfè bezwen elemantè pèp li epi rezoud pwoblèm dwa moun ki egziste depi lontan.

Depi anons gouvènman an 2018 pou li kanpe sou sibvansyon li te konn bay pou gaz nan peyi a, sa te soulve gwo pwotestasyon ki te paralize Ayiti. Manifestasyon yo te ogmante an 2019, akoz  prèv ki te genyen sou lajan ki te detounen men ki te la pou konstwi enfrastrikti ak bay swen sante sou twa (3) gouvènman ki te pase yo. Manifestasyon yo te ogmante an 2021, kont gouvènman Moïse la epi kont referandòm konstitisyonèl li te pwopoze a. Lapolis te itilize fòs ki depase limit kont manifestan yo. Enpinite pou gang ak vyolans lapolis komèt yo te kontinye nan peyi a.

Tranblemantè a, aprè sa vin genyenTanpèt Twopikal ‘Grace’ ki swiv li, te afekte 2 milyon moun nan Sid peyi Dayiti—kote 77 pousan nan moun sa yo ap viv nan povrete—epi li te lakoz  2 246 moun mouri, plis pase 12 700 blese, epi jiska 26 000 moun ki deplase e pou pou pi piti te genyen 329 moun ki disparèt.

Kriz Politik

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a an Ayiti, te soti yon desizyon nan dat 6 Fevriye 2021 ki fè konnen manda prezidan Moïse t ap fini yon jou aprè, men prezidan Moïse te deklare li menm manda li ap fini 7 Fevriye 2022, senk (5) lane aprè li te monte sou pouvwa a. Depi mwa Janvye 2020, li ap dirije ak dekrè akoz pa t gen yon palman fonksyonèl ki te egziste paske yo te ranvwaye eleksyon lejislatif yo.

Jou ki te 7 Fevriye 2021 an, lapolis te arete Jij Yvickel Dieujuste Dabrésil ki se manm Lakou Kasasyon, sou baz Opozisyon politik la ta chwazi nonmen li prezidan pwovizwa. Yon jou aprè, prezidan Moïse te soti yon dekrè pou li voye jij Dabrésil nan retrèt, menm jan ak jij Joseph Mécènes Jean-Louis, ki te jwenn nonminasyon opozisyon an kòm prezidan pwovizwa aprè arestasyon jij Dabrézil ak Wendelle Coq Thélot, ki te opoze ak dekrè prezidan Moïse te pran pou nonmen tout manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) an Septanm 2020.

Prezidan Moïse te bay KEP a responsablite pou li òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo epi referandòm konstitisyonèl la an 2021, malgre konstitisyon an entèdi amannman li atravè yon referandòm.   

Manifestan ki te opoze ak referandòm nan epi òganizasyon eleksyon yo te mande prezidan pou li demisyone epi pou genyen yon gouvènman pwovizwa ki mete kanpe.

Jou ki te 7 Jiyè a, yon gwoup moun ki gen zam nan men yo ak gwo ponyèt antre nan rezidans prive Prezidan Moïse nan Pòtoprens, touye li epi blese madanm li.  Nan dat 20 Jiyè, Ariel Henry, ki te jwenn nonminasyon prezidan Moïse pou vin premye minis kèk jou avan asasina a, te enstale kòm chèf nouvo gouvènman an. Genyen kèk òganizasyon nan sosyete sivil la ki fè konnen enstalasyon li kòm nan tèt leta a se yon zak enkonstitisyonèl.

Nan mwa Septanm, genyen yon Komite Konsiltatif Endepandan prezidan Moïse te kreye an 2020 ki te prezante premye vèsyon yon nouvo konstitisyon bay Ariel Henry, ki li menm te siyen yon akò politik ak opozisyon an pou reyalize eleksyon jeneral an 2022.

Ankèt sou Asasina Prezidan Moïse

Yon jou aprè asasina a, Polis nasyonal la te antre nan echanj kout zam ak asasen prezime yo, kote li te touye plizyè ladan yo epi arete lòt yo mete nan prizon.  

Nan fen mwa Jiyè, gen de (2) jij ak de (2) grefye ki soti nan tribininal depè ki te travay sou dosye lanmò Prezidan Moïse ki t ap resevwa menas.   

Jou ki te 9 Dawout la, jij Mathieu Chanlatte te jwenn nonminasyon pou li dirije ankèt jidisyè sou lanmò Prezidan Moïse la. Nan sikonstans ankèt poko revele, grefye jij la te genyen sou dosye a mouri nan dat 11 Dawout. De (2) jou aprè, jij la retire kò li nan dosye a, kote li fè konnen se pou rezon pèsonèl li fè sa. Nan dat 22 Dawout, jij Garry Orélien te deziyen pou ranplase li.

Rive mwa Dawout, Polis nasyonal Dayiti ak Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) rapòte genyen 3 moun ki mouri epi 44 moun arete—pami yo plizyè ansyen ofisye lame peyi Kolonbi—nan kad asasina Prezidan Moïse la. Dirijan ki soti nan òganizasyon ki rele Biwo Ombudsperson ki baze nan peyi Kolonbi te vizite ansyen militè yo ki nan prizon nan Pòtoprens fè konnen yo pa t janm prezante yo devan jij, yo pa genyen aksè pou jwenn asistans legal, epi yo fèmen yo nan yon selil ki fè sis (6) mèt longè ak se(2) mèt lajè kote limyè solèy pa antre, yo menote yo epi y ap dòmi atè. Genyen nan prizonye yo ki di lapolis te tòtire yo.

Vyolans ak Deplasman Moun

Vyolans pa sispann ogmante. Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) rapòte genyen 1 074 mò (omisid) volontè ak 328 kidnapin ki komèt soti Janvye pou rive mwa Dawout 2021. Omisid volontè yo ogmante jiska 14 pousan, konpare ak 944 ka ki te genyen pou menm peryòd la an 2020, epi kidnapin nan kontinye ap ogmante, konpare ak 234 ka pou tout lane 2020 an. Daprè Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI) ak Enstiti pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti (IJDH), vyolans ki baze sou ‘jan’, yon fason kwonik, se pa bagay ki twò parèt nan rapò ki fèt yo.

Genyen nenpòt 95 gang k ap batay pou kontwole teritwa nan Pòtoprens, kote genyen preske 1.5 milyon moun k ap viv nan kote sa yo, sa lakoz 19 100 moun ki te lakay yo. Gen plizyè gwoup nan sosyete sivil ayisyen an ki fè konnen ensekirite a ap deteryore akoz konplisite prezime politisyen genyen ak gang yo. 

Pandan prezidans Moïse la, IJDH, RNDDH ak Fondasyon Je Klere (FJKL) ki se twa (3) òganizasyon non-gouvènmantal, ki te rive dokimante 18 masak ki te fèt nan Pòtoprens. An 2021, nan Matisan, daprè Biwo Nasyonzini pou Kòdinasyon Afè Imanitè, manm gang te touye 4 moun epi blese 2 lòt moun; nan Site Solèy, batay ant gang te koze lanmò yon minè ak 10 manm gang; nan Delmas 32 ak lòt katye kote gen moun ki gen zam touye 19 moun.

Nan moman rapò sa ap ekri a, pa gen okenn moun ki enkilpe oswa arete pou masak sa yo. Ansyen polisye Jimmy Chérizier k ap dirije federasyon gang ki rele “G9”, akize kòm moun ki enplike nan pifò dosye sa yo men li toujou rete an libète.     

Defansè Dwa Moun yo

BINUH te rive dokimante 32 ka atak, menas ak entimidasyon ki fèt kont jij, defansè dwa moun ak jounalis, soti Fevriye pou rive mwa Dawout 2021.

Direktè RNDDH la, Pierre Espérance, te resevwa menas lanmò bò kote “G9” nan mwa Jen. Diego Charles, ki se yon aktivis anti koripsyon epi jounalis-repòtè, ak Antoinette Duclaire, ki se yon feminis epi jounalis te toude jwenn lanmò yo nan dat 29 Jen anba men moun ame nan katye Kriswa. 

Nan moman rapò sa ap ekri a, genyen uit (8) moun ki nan prizon nan kad asasina Monferrier Dorval, ki te batonye lòd avoka Pòtoprens, men pa genyen okenn moun ki enkilpe nan dosye a.  

An 2019,  moun te jwenn Charlot Jeudy, ki se Prezidan ‘Kouraj’, ki se yon òganizasyon k ap defann dwa moun ki lesbyèn, masisi, biseksyèl ak transjan (LGBT), mouri lakay li. Sikonstans ki antoure lanmò li ak rezilta otopsi pa janm pibliye nan moman rapò sa ap ekri a.

Yon Sistèm Jistis Kriminèl

Prizon an Ayiti toujou chaje ak moun pil sou pil, kote anpil prizonye ap viv nan kondisyon ki pa respekte dwa moun. Sitiyasyon sa rive prensipalman akoz detansyon prevantif la, daprè sa BINUH ak OHCHR rapòte an 2021.

Pou mwa Septanm nan, prizon yo te genyen preske 11 000 prizonye, kote 82 pousan ladan yo ap tann pou yo jije. Nouvo kòd penal ak pwosedi penal ki dwe antre an aplikasyon an Jen 2022 te founi mezi altènatif fas ak detansyon prevantif epi fè konnen anprizonnman timoun dwe fèt kòm dènye mezi si pa genyen lòt mezi ki ta bay rezilta.

Abi Fòs Lòd yo komèt

Fòs lòd yo te kontinye kraze manifestasyon yo ak fòs ki depase limit. RNDDH, an Janvye 2021, rapòte genyen pou pi piti 8 jounalis ki te blese, 10 manifestan ak 13 aktivis politik ki te arete abitrèman epi 2 etidyan lapolis te bat pandan plizyè manifestasyon. An Fevriye, Komisyon Entè-ameriken sou Dwa Moun (IACHR) te rapòte de (2) ka jounalis ki te blese anba bal kawotchou.

Jou ki te 25 Fevriye a, prizon kraze nan Kwadèboukè te lakoz lanmò direktè prizon an ak 29 lòt prizonye. BINUH rapòte se ajan lòd yo ki te touye 25 ladan yo abitrèman.

Soti Fevriye pou rive mwa Me, BINUH rapòte 238 ka vyolasyon dwa moun lapolis komèt, pami yo 42 moun mouri epi itilizasyon gaz lakrimojèn san yo pa konsidere okenn moun. 

Redisyon kont pou Abi ki te komèt nan tan Pase yo

An 2014, yon kou dapèl te òdone pou relouvri ankèt sou detansyon abitrè, zak tòtire moun, moun ki tedisparèt ak ekzekisyon moun, epi ekzil fòse ki te komèt sou prezidans Jean Clause Duvalier (1971-1986). Rive jiska Septanm 2021, tout ankèt yo te kanpe sou plas.

An 2020, genyen yon ansyen kòmandan mililtè ki se Emmanuel “Toto” Constant ki te depòte soti Etazini. Nan lane 2000, li te jije an absans li pou enplikasyon li nan masak Gonayiv an 1994. Li toujou rete nan prizon nan moman rapò sa ap ekri la a.

Dwa pou Jwenn Sante, Dlo ak Manje

Kominote ki pi vilnerab nan peyi a ap fè fas ak gwo pwoblèm inondasyon ak ewozyon sòl la akoz pyebwa ki koupe ki detwi preke tout kouvèti forestyè peyi a, sa ki lakoz rediksyon pwodiktivite agrikòl la.

Plis pase yon tyè (1/3) nan popilasyon an pa genyen bon jan aksè a dlo epi de tyè (2/3) genyen aksè limite oswa pa genyen aksè ditou a sèvis asenisman. Plis pase yon tyè (1/3) ayisyen—4.4 milyon—ap fè fas ak ensekirite alimantè, daprè sa ajans entènasyonal yo rapòte, epi genyen

217 000 timoun ki soufri malnitrisyon modere pou rive nan nivo malnitrisyon ki grav.

San yon adaptasyon apwopriye, kantite lapli k ap bese ak ogmantasyon tanperati ki genyen akoz chanjman klimatik la ap genyen enpak negatif sou agrikilti a ak aksè pou jwenn dlo.

Aprè tranblemantè 2021 an, enfrastrikti dlo ak asenisman yo te sibi gwo domaj. Sou 159 enfrastrikti sanitè, genyen 88 ladan yo ki te afekte daprè rapò ki fèt. Moun ki deplase yo espoze ak ris maladi enfeksyon koze ak viris ki lakoz Covid 19 la.

Inegalite ak Baryè pou jwenn Edikasyon

Genyen mwens pase mwatye nan Ayisyen ki genyen laj 15 lane oubyen plis ki pa konn ni li ni ekri. Sistèm edikasyon peyi a pa trete tout moun nan menm nivo. Kalite edikasyon nan lekòl piblik yo jeneralman ba anpil, epi 85 pousan lekòl yo se lekòl prive ki mande pou peye lajan, sa ki mete sou kote pifò timoun ki soti nan fanmi ki genyen revni ki ba yo. 

Plis pase 3 milyon timoun pa t kapab ale lekòl pandan plizyè mwa nan yon sèten moman pandan de (2) lane ki sot pase yo, pou rezon sekirite menm jan ak restriksyon ki te genyen akoz Covid 19 la.

Tranblemantè 2021 an te detwi oswa koz gwo domaj sou 308 lekòl, sa ki afekte 100 000 timoun. Lekòl te dwe ouvè 21 Septanm, men ouvèti a te repòte pou 4 Oktòb nan zòn ki te afekte yo. Avan tranblemantè a, UNICEF te estime genyen 500 000 timoun ki gen ris pou abandone lekòl la.

Dwa Fanm ak Tifi

Vyolans ki baze sou ‘Jan’ se yon bagay ki kouran. Se jis nan lane 2005, yo te finalman rekonèt vyòl kòm yon krim nan yon dekrè ministeryèl. Vyolans ki baze sou ‘jan’ te deja reprezante youn nan pi gwo ris fanm ak tifi te espoze ak li nan pwovens sid peyi a avan tranblemantè a, kote prevalans esplwatasyon seksyèl yo ogmante nan kèk zòn; yo te prevwa ris sa yo kapab ogmante aprè tranblemantè 2021 an.

Genyen yon nouvo kòd penal ki dwe antre an aplikasyon an Jen 2022, ki konsidere asèlman seksyèl ak vyolans ki baze sou ‘jan’ kòm enfraksyon lalwa dwe pini. Kòd sa ap legalize avòtman nan tout sikonstans depi moun nan rive nan douzyèm semenn gwosès, nan ka vyòl, oswa sèks ant moun menm fanmi, oswa si sante fizik fanm nan an danje. Li ap desann laj legal pou relasyon seksyèl konsantan a 15 lane.

Dwa Andikape yo

Genyen preske 15 pousan popilasyon ayisyen an k ap viv ak yon andikap, daprè sa Òganizasyon Mondyal Lasante rapòte.

Menm si Ayiti ratifye Konvansyon Dwa Moun Andikape yo, pa genyen amonizasyon nan sans sa ki fèt nan kad lejislatif peyi a ki toujou genyen dispozisyon ki ofanse epi ki fè diskriminasyon kont moun andikape yo. Moun andikape yo kontinye ap sibi diskriminasyon nan aksè pou jwenn sèvis piblik tankou lasante, edikasyon ak jistis epi yo plis espoze pou sibi vyolans akoz estigmatizasyon sosyal ak esklizyon y ap fè fas. Lejislasyon sivil yo mete restriksyon sou kapasite jiridik moun ki genyen yon seri kalite andikap.

Nouvo kòd penal la genyen dispozisyon ki entèdi vyolans oswa ensite moun fè vyolans kont moun andikape.

Oryantasyon Seksyèl ak Idantite Seksyèl

Moun ki fè pati kominote ‘LGBT’ a kontinye ap sibi gwo diskriminasyon an Ayiti, epi pa genyen oken kad legal global ki entèdi sa.

Nouvo kòd penal la, ki poko antre an apliksyon, ap konsidere kòm yon sikonstans agravan tout krim ki komèt sou baz oryantasyon seksyèl reyèl oswa sipoze pou sible yon moun.

Kòd penal la pini tout zak touye moun ki fèt sou baz oryantasyon seksyèl viktim nan kote moun ki komèt zak la riske pase tout lavi li nan prizon. 

An 2017, Sena a te adopte de (2) lwa anti LGBT ki ap tann pou yo vote sou li nan Chanm Depite a jiska moman rapò sa ap ekri a. Gen youn nan lwa sa yo ki entèdi maryaj ant moun ki gen menm sèks epi entèdi moun sipòte oswa defann piblikman dwa LGBT yo.  Lòt lwa a konsidere omoseksyalite kòm youn nan rezon ki ka fè yo refize bay yon moun ‘Certificat de Bonne Vie et Mœurs (yon sètifika bon konpòtman ki egzije kòm prèv ki si mon nan pa t komèt okenn krim).

Migrasyon

An Septanm 2020, Repiblik Dominiken te rekòmanse depòtasyon ayisyen san papye, sa ki mete fen nan yon moratwa ki te genyen akoz pandemi an. An Janvye 2021, Prezidan Repiblik Dominiken an Luis Abinader ak Jovenel Moïse te mete yo dakò pou trete pwoblèm migrasyon iregilye a epi amelyore sekirite sou fwontyè a. Estati frajil dominiken ki gen orijin ayisyen yo ak imigran ayisyen yo nan Repiblik dominiken rete yon gwo preyokipasyon.

An Fevriye 2021, Abinader te anonse konstriksyon yon mi sou fwontyè a. Nan mwa Dawout, Ministè Defans dominiken an rapòte genyen plis pase 178 000 ayisyen yo te itilize lafòs pou rapatriye yo. Nan dat 28 Septanm pase a, Konsèy Nasyonal Migrasyon peyi Repiblik Dominiken te adopte yon politik ki anpeche tout etranje ki “ta reprezante yon fado ki pa rezonab pou finans piblik yo” antre nan peyi a, pami yo fanm ki genyen pou pi piti sis (6) ansent.

An Me 2021, Etazini te pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) a pou yon lòt 18 mwa ankò pou ayisyen ki te deziyen nan pwogram nan. Men, Etazini kontinye reyalize depòtasyon imigran ayisyen k ap rive nan peyi a ak ayisyen k ap mande azil pou voye yo Ayiti menm pandan pandemi an, an Septanm pase, li te deplwaye ajan fwontyè k ap opere sou cheval kont ayisyen k ap mande azil pou kapab antre Etazini atravè fwontyè li genyen ak peyi Meksik. Depi lè li monte sou pouvwa nan dat 20 Janvye 2021 rive fen Novanm, administrasyon Biden nan rive mete deyò preske 12 000 ayisyen, yon gwo ogmantasyon depi 2020, kote te genyen 895 ayisyen ki te depòte nan peyi a.

Esplwatasyon Min ak Aksè pou jwenn Enfòmasyon

Ayiti se youn nan peyi kote ki gen plis moun k ap viv nan yon menm espas nan Emisfè Oksidantal la epi se kote degradasyon anviwonnmantal la reprezante yon preyokipasyon. Nan dis (10) lane ki sot pase yo, envestisè etranje te ap chèche devlope sektè minye a nan peyi a. Te vin genyen gwo rezistans toupatou, paske kominote yo pè pou endistri sa pa detwi tè agrikòl yo e pi devan kontamine dlo moun yo genyen.

Konsa an 2017 te genyen yon pwojè lwa ki fè silans sou dwa moun ki deplase akoz aktivite minye yo, daprè sa òganizasyon ‘Global Justice Clinic’ ki twouve li nan Fakilte Dwa ‘New York University’rapòte epi pwojè lwa sa pa bay ase tan pou evalye enpak anviwonnmantal nouvo pwojè esplwatasyon minye sa yo. Lwa sa gen dispozisyon kote li ka rann dokiman konpayi a ap pwodui, pami yo dokiman sou enpak sosyal ak anviwonnmantal pwojè minye sa yo, konfidansyèl pou 10 lane, sa ki ap anpeche genyen bon jan konsiltasyon avèk kominote yo. Rive jis mwa Septanm 2021 an toujou genyen etid k ap fè sou pwojè lwa sa.

Aktè Entènasyonal Enpòtan

An Novanm 2020, Komite Etik Federasyon Entènasyonal Asosyasyon Foutbòl la (FIFA) te sanksyone Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) Yves Jean-Bart pou tout rès lavi li pou li pa egzèse ankò, aprè ankèt li te mennen sou prèv abi seksyèl sistematik sou jwè foutbòl ki se fanm. Rive Jiyè 2021, FIFA te pran mezi sispansyon kont kat (4) lòt dirijan wo plase nan FHF la ki gen koneksyon ak abi sa yo epi sanksyone yon lòt dirijan pou tout rès lavi li. 

Aprè tranblemantè 2021 an, Nasyonzini te lanse yon apèl pou kolekte $187.3 million dola ameriken pou pote èd tankou abri, dlo ak mwayen sanitè, swen sante ijans, manje, pwoteksyon ak redresman rapid sitiyasyon an. Nan mwa Dawout pase a, Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) te anonse yon asistans imanitè $32 million dola ameriken kòm repons pou tranblemantè a.

Gouvènman ameriken an ak Òganizasyon Eta Ameriken yo te sipòte Ariel Henry ak objektif li genyen pou òganize eleksyon an 2022, malgre aktivis yo avèti yo pou di kondisyon yo pa reyini pou reyalize eleksyon lib epi san fòs kote.

Sitiyasyon politik ak imanitè Ayiti toujou nan mitan diskisyon yo nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Sekretè Jeneral Nasyonzini an António Guterres te fè yon apèl bay tout eta manm yo pou yo sipòte Ayiti pou li kapab simonte kriz imanitè sa a. Manda BINUH te pwolonje pou rive nan dat 15 Jiyè 2022.