Plizyè imigran yo te arete e fouye pa ajan Patwouy Border US yo byen bonè nan maten 12 Me 2021 nan Rio Bravo, Texas, Etazini. © 2021 John Lamparski/NurPhoto via AP

(New York) – Dokiman ki soti bò kote gouvènman Etazini nou fèk resevwa bay detay sou plis pase 160 denonsyasyon entèn ki fèt konsènan move konpòtman ak abi moun k ap chèchè azil yo viktim anba men reprezantan leta peyi Etazini, deklarasyon Human Rights Watch fè nan yon rapò li pibliye jodi a. Dokiman sa yo rapòte ka abi ajan Pwoteksyon Fwontyè ak Ladwann (CBP), ajan ki nan Patwouy Fwontyè ak ajan Imigrasyon ak Kontwòl sou Fwontyè yo (ICE) fè, prensipalman ant lane 2016 pou rive 2021. 

Rapò 26 paj sa a ki gen pou tit, “‘Yo Trete ou Kòm si Ou pa genyen Okenn Valè’: Rapò entèn Depatman Sekirite Enteryè (DHS) sou Denonsyasyon Abi Ajan Fwontyè Etazini yo komèt,” bay detay sou denonsyasyon entèn ajan ki ap travay sou dosye azil yo fè nan Sèvis Imigrasyon ak Sitwayennte (USCIS) konsènan konpòtman pèsonèl ki nan sèvis ki la pou fè aplike lwa sou imigrasyon ki twouve yo nan menm Ajans Santral avèk yo, ki se Depatman Sekirite Enteryè (DHS).  Menm si genyen anpil pati yo retire ladan yo, rapò Human Rights Watch rive genyen aprè yon pwosedi jidisyè nan kad Lwa sou Libète Enfòmasyon an ki pote non (FOIA), genyen ladan yo akizasyon tankou abi fizik, seksyèl ak vèbal, vyolasyon pwosedi regilye yo, move kondisyon detansyon, refize bay moun yo swen sante ak tretman diskriminatwa sou fwontyè a oswa tou pre fwontyè a.  

“Konpòtman ajan fwontyè ak imigrasyon ki parèt nan rapò sa yo se bagay ki grav nèt,” deklarasyon Clara Long, ki se direktè asosye pou Etazini nan Human Rights Watch. “Dokiman entèn sa yo gouvènman an posede montre klèman rapò sou abi grav– agresyon, abi seksyèl, ak tretman diskriminatwa ajan peyi Etazini yo komèt – se yon sekrè tout moun konnen nan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) a.”

An Septanm 2021, Responsab DHS la ki se Alejandro Mayorkas te anonse yon ankèt disiplinè rapid sou imaj “ki twoublan anpil” ki te montre ajan patwouy fwontyè ki opere sou cheval k ap tire kout fwèt byen long pou chase imigran ki soti Ayiti men tou konsènan siveyans entèn sou konpòtman ajan ki twouve yo nan kan imigran ki nan Del Rio a. DHS pa te pibliye okenn rezilta ankèt Mayorkas  te pwomèt ki t ap “fin fètr nan kèk jou yo – men se pa nan plizyè semenn.”

Dokiman Human Rights Watch ive jwenn yo soulve kesyon pou mande  si te genyen ankèt efikas ki te mennen vrèman  sou denonsyon entèn konsènan akizasyon grav tankou konpòtman kriminèl ki ta komèt yo.

Gen yon egzanp kote dokiman yo montre genyen yon sipèvizè ki nan Biwo Azil San Francisco ki te kominike sa nou pral site la entènman bay DHS: “Yon Ajan Azil te fèk sot atire atansyon nou sou yon pwoblèm grav ki pase:youn nan kandida pou azil li te poze kesyon te fè li konnen li genyen yon jenn timoun ki te sibi agresyon seksyèl men li kwè se yon Ajan Pwoteksyon Fwontyè ak Ladwann oswa Patwouy sou Fwontyè yo ki komèt zak sa a.  Se Patwouy Fwontyè yo ki te arete yo, epi voye yo bay nan Imigrasyon [nan sant detansyon ki sou fwontyè a], epi men sa ki pase aprè: yo te fòse jenn fi a pou li dezabiye li epi gen yon ajan ki  touche li kote ki pa apwopriye anndan Seksyon Imigrasyon (ICE) ki te genyen yon rad koulè vèt ki gen yon etikèt ki make [yo retire non an].” Dokiman sa yo ki te pwodui kòm repons aprè demann ki te fèt bò kote USCIS ki genyen dosye sa yo, pa anrejistre fason DHS te reponn fas ak akizasyon sa yo.

 Jou ki te 28 Septanm nan, Human Rights Watch te bay DHS rezime sou 11 ka abi ki te detaye nan dokiman konsènan Lwa pou Libète Enfòmasyon yo (FOIA) kote li t e mande li enfòmasyon konsènan tout ankèt oswa mezi disciplinè ki te pran sou baz akizasyon sa yo. Jou ki te 12 Oktòb la, Human Rights Watch te bay DHS lòt detay sou preyokipasyon ki soulve nan rapò entèn yo konsènan vyolasyon pwosedi regilye yo ak tretman ki pa respekte dwa moun kote li te mande li enfòmasyon sou tout fòmasyon, ankèt oswa mezi disiplinè ki adopte sou baz akizasyon ki fèt yo. DHS pa t reponn okenn nan demann sa yo.

“Dosye sa yo, ki te la avan menm maltretans san parèy nou te temwen ki te fèt kont imigran ki se Nwa nan Del Rio, konfime sa rezo ki rele ‘UndocuBlack Network’ te konnen depi lontan ki se yon verite: solisyon ponktyèl p ap kapab repare abi sistematik DHS ap komèt kont anpil imigran k ap chèche pwoteksyon”, deklarasyon Breanne Palmer, ki se responsab kesyon pledwaye ak politik nan UndocuBlack Network, ki se yon gwoup Human Rights Watch te pataje rezime dosye yo li te resevwa yo ak li.

Nan kad pwosedi depòtasyon akselere a, lè gen yon moun ki arete sou fwontyè a oswa tou pre yon pòt antre peyi a ki esprime laperèz li genyen si li retounen nan peyi kote li soti a, Lwa Etazini egzije Brigad Pwoteksyon Ladwann ak Fwontyè yo pou oryante moun sa bay ajan ki responsab azil yo pou yo ka reyalize yon “entèvyou pou detèmine krediblite laperèz” moun nan di li genyen an. Entèvyou a ap pèmèt yo detèmine si moun nan kalifye pou azil oswa lòt kalite pwoteksyon. Pifò nan dosye yo sanble baze sou enfòmasyon ajan azil yo resevwa nan men kandida pou azil yo pandan entèvyou sa yo.

Dokiman ki rive jwenn Human Rights Watch fè konnen ta sanble genyen, daprè estimasyon entèn Sèvis Sitwayennte ak Imigrasyon (USCIS), 27 ka vyolasyon pwosedi regilye sèvis ladwann ak pwoteksyon fwontyè yo dwe swiv, kote anpil moun dekri kòman ajan ki sou fwontyè yo anpeche kandida potansyèl yo depoze demann azil yo oswa fè yo siyen dokiman yo pa menm konprann. Gen yon moun, kòm egzanp, ki fè konnen “kandida a te temwaye e li te di ajan imigrasyon an li pè retounen lakay li. Yo menm yo ekri li di pa pè retounen. Kandida a fè konnen ajan imigrasyon yo pa t di li kisa l ap siyen an lè yo tape siyati li.”

Genyen nan anpil dosye, ajans lan retire kèk pati nan dokiman an ki genyen detay enpòtan tankou dat, zòn ak nasyonalite moun ki viktim abi yo epi li pa t bay okenn dokiman kòm anèks. Human Rights Watch te rive jwenn dokiman yo aprè yon pwosedi jidisyè nan tribinal federal sou yon demann li te deja depoze an 2015 epi li anvizaje fè yon lòt apèl pou fòse gouvènman an gen plis transparans, pami yo nan limite aksyon ki vize retire enfòmasyon lalwa otorize moun ka jwenn nan kad Lwa sou Libète Enfòmasyon an.   

“Ta sanble Depatman Sekirite Enteryè normalize abi chokan pwòp ajans li genyen sou fwontyè yo ap komèt,” Deklarsyon Madam Long. “Administrasyon Biden nan pa t dwe ap chèche eskiz fas ak echèk DHS ak ajans ki fòme li yo, men pito –ansanm ak Kongrè a – pran mezi prese prese pou rasire yo moun ki viktim anba men ajan imigrasyon ak ajan ki sou fwontyè Etazini yo, menm jan tou sou baz ras yo, genyen aksè pou jwenn jistis epi pou modèl abi ak move konpòtman sa ki ap pèsiste a rive nan bout li.”